Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

1 Chronicles 16:31-36

1 Kwonik 16:31-36 - Se pou syèl la kontan, se pou latè a fè fèt.
Mache di nan tout peyi yo: Se Senyè a ki sèl wa.
Se pou lanmè a ak tou sa ki ladan li gwonde. Wi, se pou yo gwonde tank yo kontan.
Se pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fè fèt.
Lè Senyè a parèt se pou tout pyebwa nan gwo rak yo rele sitèlman yo kontan.
Paske l'ap vini pou l jije tout moun ki sou latè.
Lwanj pou Senyè a paske li bon.
Li p'ap janm sispann renmen nou.
Se pou nou di: Delivre nou non, Bondye delivrans nou!
Fè nou sòti nan tout peyi kote nou gaye yo.
Sanble nou, pou nou ka di ou mèsi
pou tout bagay ou menm sèl ka fè,
pou nou ka kontan lè n'ap fè lwanj ou.
Ann fè lwanj Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la!
Ann fè lwanj li depi tout tan ak pou tout tan.
Epi tout pèp la pran reponn:
— Wi, se vre! Lwanj pou Senyè a!

Se pou syèl la kontan, se pou latè a fè fèt. Mache di nan tout peyi yo: Se Senyè a ki sèl wa. Se pou lanmè a ak tou sa ki ladan li gwonde. Wi, se pou yo gwonde tank yo kontan. Se pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fè fèt. Lè Senyè a parèt se pou tout pyebwa nan gwo rak yo rele sitèlman yo kontan. Paske l'ap vini pou l jije tout moun ki sou latè. Lwanj pou Senyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou. Se pou nou di: Delivre nou non, Bondye delivrans nou! Fè nou sòti nan tout peyi kote nou gaye yo. Sanble nou, pou nou ka di ou mèsi pou tout bagay ou menm sèl ka fè, pou nou ka kontan lè n'ap fè lwanj ou. Ann fè lwanj Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la! Ann fè lwanj li depi tout tan ak pou tout tan. Epi tout pèp la pran reponn: — Wi, se vre! Lwanj pou Senyè a!

1 Kwonik 16:31-36

1 Chronicles 16:31-36
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo