1 Chronicles 16:31-36

Se pou syèl la kontan, se pou latè a fè fèt. Mache di nan tout peyi yo: Se Senyè a ki sèl wa. Se pou lanmè a ak tou sa ki ladan li gwonde. Wi, se pou yo gwonde tank yo kontan. Se pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fè fèt. Lè Senyè a parèt se pou tout pyebwa nan gwo rak yo rele sitèlman yo kontan. Paske l'ap vini pou l jije tout moun ki sou latè. Lwanj pou Senyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou. Se pou nou di: Delivre nou non, Bondye delivrans nou! Fè nou sòti nan tout peyi kote nou gaye yo. Sanble nou, pou nou ka di ou mèsi pou tout bagay ou menm sèl ka fè, pou nou ka kontan lè n'ap fè lwanj ou. Ann fè lwanj Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la! Ann fè lwanj li depi tout tan ak pou tout tan. Epi tout pèp la pran reponn: — Wi, se vre! Lwanj pou Senyè a!
1 Kwonik 16:31-36