Chache rezilta pou: romans 8:28

Women 8:28 (HAT98)

Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.

Egzòd 8:28 (HAT98)

Farawon an di li: — Bon! M'ap kite nou al touye bèt n'ap ofri bay Senyè a, Bondye nou an, nan dezè a, men se pa pou nou al twò lwen. Lèfini, lapriyè pou mwen tou.

Levitik 8:28 (HAT98)

Apre sa, Moyiz pran ofrann yo nan men yo, li boule yo sou lotèl la anwo ofrann ki t'ap boule deja a. Se te yon ofrann pou bay prèt yo pouvwa pou yo sèvi Bondye, yon ofrann bèt k'ap boule nèt nan dife pou Senyè a, yon ofrann bèt k'ap fè Senyè a plezi ak bon sant li.

Jozye 8:28 (HAT98)

Jozye boule lavil Ayi a, li fè l tounen mazi, kote moun pa janm rete jouk jòdi a.

Jij 8:28 (HAT98)

Se konsa moun Madyan yo te vin soumèt devan moun pèp Izrayèl la. Depi jou sa a yo pa janm leve tèt yo ankò. Pandan karantan te gen lapè nan peyi a jouk jou Jedeyon mouri.

Esdras 8:28 (HAT98)

Mwen di yo: Nou menm, nou se moun yo mete apa pou sèvis Senyè a. Veso sa yo, yo mete yo apa pou Senyè a tou. Ajan sa yo ak lò sa yo se ofrann moun yo te fè lide ofri bay Senyè a, Bondye zansèt nou yo.

Pwovèb 8:28 (HAT98)

Mwen te la lè li t'ap mete nyaj yo nan syèl la, lè li t'ap fè sous dlo pete anba lanmè a.

Jidit 8:28 (HAT98)

Lè sa a, Ozyas di Jidit konsa: — Ou byen pale. Tou sa ou di la a se verite. Pa gen moun ki ka pa dakò ak ou.

Matye 8:28 (HAT98)

Lè Jezi rive lòt bò lanmè a, nan peyi Gadarenyen yo, de moun sòti nan mitan tonm mò yo, yo vin devan li. Mesye sa yo te gen move lespri sou yo. Yo te sitèlman move pèsonn pat kapab pase nan chemen sa a.

Mak 8:28 (HAT98)

Yo reponn li: — Gen moun ki di se Jan Batis ou ye. Gen lòt ki di ou se Eli. Gen lòt ankò ki di ou se yonn nan pwofèt yo.

Lik 8:28 (HAT98)

Lè l wè Jezi, li bay yon gwo rèl, li lage kò l atè devan Jezi, li pran pale byen fò, li di li konsa: — Kisa m gen avè ou, Jezi, Pitit Bondye ki anwo nan syèl la? Tanpri souple, pa fè m soufri.

Jan 8:28 (HAT98)

Jezi di yo ankò: — Lè n'a leve Moun Bondye voye nan lachè a byen wo, n'a konnen se mwen menmm ki li menm. Lè sa a, n'a konnen mwen pa fè anyen pou kont mwen. Se sèlman sa Papa a moutre m mwen di.

Travay 8:28 (HAT98)

Antan li t'ap tounen nan peyi l, li te chita nan cha li, li t'ap li nan liv pwofèt Ezayi a.

1 Wa 8:28 (HAT98)

Senyè, Bondye m, tanpri, se sèvitè ou mwen ye. Tanpri, tande jan m'ap lapriyè ou. Koute jan m'ap rele nan pye ou jòdi a.

2 Wa 8:28 (HAT98)

Wa Okozyas mete tèt ansanm ak wa Joram, pitit Akab, pou y'al atake Azayèl, wa peyi Siri a. Lame yo kontre yonn ak lòt bò lavil Ramòt nan peyi Galarad. Sòlda peyi Siri yo blese Joram nan batay la.

1 Kwonik 8:28 (HAT98)

Chak mesye sa yo te chèf fanmi yo. Yo te rete lavil Jerizalèm.

1 Makabe 8:28 (HAT98)

Moun lavil Wòm yo p'ap bay ni yo p'ap vann moun k'ap fè lagè ak jwif yo anyen, kit se manje, kit se zam, kit se lajan, kit se bato, jan moun lavil Wòm yo te deside a. Lèfini, moun lavil Wòm yo va kenbe angajman yo san chache twonpe moun.

2 Makabe 8:28 (HAT98)

Lè jou repo a fin pase, yo separe yon pòsyon nan sa yo te pran nan men lènmi yo, yo bay moun ki te sibi pèsekisyon yo, vèv yo ak timoun san papa yo. Yo separe rès la ant yo menm ak pitit yo.

Jenèz 28:8 (HAT98)

Konsa, Ezayi vin wè Izarak papa l pat renmen fi peyi Kanaran yo.

Egzòd 28:8 (HAT98)

Bèl sentiwon byen bwode ki pou kenbe jile a va fè yon sèl pyès ak li, ak menm kalite bodri a sou li tou. Y'a fè l an lò ak twal siperyè koulè ble, vyolèt ak wouj, ansanm ak twal fen blan tise byen sere.

Nonb 28:8 (HAT98)

Nan aswè, n'a boule dezyèm ti mouton an menm jan nou te fè l nan maten an. N'a fè ofrann farin frans lan tou ansanm ak bwason an. Se va yon manje n'a boule nèt pou Senyè a, yon ofrann k'ap fè Senyè a plezi ak bon sant li.

Detewonòm 28:8 (HAT98)

Senyè a va beni nou tout tan, l'a beni depo manje nou, l'a beni tou sa n'ap fè. L'a beni nou nan peyi Senyè a, Bondye nou an, va ban nou an.

Jòb 28:8 (HAT98)

Ni lyon, ni okenn lòt bèt nan bwa, pa janm mete pye yo la.

Sòm 28:8 (HAT98)

Se Senyè a ki tout fòs pèp li a. L'ap defann wa li chwazi a, l'ap delivre l.

Pwovèb 28:8 (HAT98)

Moun ki vin rich nan prete moun lajan, nan bay kout ponya, se anpile y'ap anpile lajan pou moun ki konn pran ka malere.