Chache rezilta pou: romans 6:23

Women 6:23 (HAT98)

Peche peye kach, se lanmò li bay. Men kado Bondye bay gratis la, se lavi etènèl nan Jezikri, Senyè nou an.

Egzòd 6:23 (HAT98)

Arawon te marye ak Elicheba, pitit fi Aminadab, sè Nakchon. Elicheba te fè Nadab, Abiyou, Eleaza ak ltama pou Arawon.

Levitik 6:23 (HAT98)

Lè yon prèt ap fè yon ofrann grenn pou tèt pa l, se pou yo boule tout nèt nan dife. Yo pa fèt pou yo manje anyen ladan l.

Nonb 6:23 (HAT98)

— Pale ak Arawon ansanm ak pitit gason l yo. W'a di yo men sa pou nou di lè n'ap beni pèp Izrayèl la:

Detewonòm 6:23 (HAT98)

Men nou menm, li fè nou sòti kote nou te ye a, li mennen nou nan peyi li te pwomèt zansèt nou yo, epi li ban nou li.

Jozye 6:23 (HAT98)

Se konsa y ale, yo fè Rarab sòti ansanm ak papa l, manman l, frè l yo, tout rès fanmi l yo ak tou sa yo te genyen, yo enstale yo yon kote andeyò kan moun Izrayèl yo.

Jij 6:23 (HAT98)

Men, Senyè a di l konsa: — Ou pa bezwen pè. Poze san ou. Ou p'ap mouri pou sa.

Jòb 6:23 (HAT98)

Eske mwen te mande nou pou nou vin wete m anba grif yon lènmi, osinon pou nou delivre m anba men yon moun k'ap fè m soufri?

Pwovèb 6:23 (HAT98)

Pawòl sa yo ap tankou yon lanp pou ou. Sa yo moutre ou ap tankou yon limyè nan lavi ou. Lè y'ap korije ou, lè y'ap rale zòrèy ou, se moutre y'ap moutre ou chemen lavi.

Jeremi 6:23 (HAT98)

Yo pran banza yo ak frenn yo. Yo mechan anpil. Se yon bann san manman. Lè yo sou chwal yo, y'ap fè bri tankou lanmè lè l move. Yo pare lame yo pou yo vin fè lagè kont lavil Jerizalèm, sou mòn Siyon an.

Danyèl 6:23 (HAT98)

Wa a te kontan anpil. Li bay lòd pou yo rale Danyèl sòti nan twou a mete l deyò. Lè yo rale mesye sòti, yo wè lyon yo pat grafinyen l menm, paske li te mete konfyans li nan Bondye l.

Sajès 6:23 (HAT98)

Non. M p'ap fè tankou moun k'ap anvi konesans lan pou yo kenbe l pou yo ase. Kalite anvi konnen sa a pa gen anyen pou wè ak Bon Konprann lan.

Chirasid 6:23 (HAT98)

Pitit mwen, koute non. Pran konsèy mwen ba ou. Pa voye bon pawòl mwen yo jete.

Matye 6:23 (HAT98)

Men, si je ou nan move eta, tout kò ou nan fènwa. Se sa ki fè si limyè ki andan ou la se fènwa li ye, se pa ti fè nwa anndan ou fè nwa.

Mak 6:23 (HAT98)

Ewòd sèmante ba li, li di l konsa: — Tou sa ou mande, m'ap ba ou li, te mèt mwatye nan peyi m'ap gouvènen an.

Lik 6:23 (HAT98)

Fè kè n kontan lè sa va rive. Nou mèt kontan nèt paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa zansèt nou yo te maltrete pwofèt yo.

Jan 6:23 (HAT98)

Men, te gen lòt kannòt ki te sòti lavil Tiberyad ki te rive bò kote yo te manje pen an apre Senyè a te di Bondye mèsi a.

Efezyen 6:23 (HAT98)

Mwen mande Bondye, Papa a, ansanm ak Jezikri, Senyè a, pou yo bay tout frè yo kè poze, renmen ak konfyans nan Bondye.

2 Samyèl 6:23 (HAT98)

Mikal, pitit fi Sayil la, pa janm fè pitit jouk li mouri.

1 Wa 6:23 (HAT98)

Apre sa, li fè fè de estati zanj cheriben yo ak bwa oliv pou pyès ki apa nèt pou Senyè a. Chak estati te gen kenz pye wotè.

2 Wa 6:23 (HAT98)

Se konsa, wa a fè yon gwo resèpsyon pou yo. Yo manje, yo bwè. Lèfini, wa a voye yo ale jwenn mèt yo. Depi lè sa a, sòlda peyi Siri yo sispann anvayi peyi Izrayèl la.

1 Kwonik 6:23 (HAT98)

Asi te papa Elkana, Elkana te papa Ebyasaf, Ebyasaf te papa Asi.

2 Kwonik 6:23 (HAT98)

ou menm, Senyè ki nan syèl la, w'a tande, w'a fè sa ki gen pou fèt la. W'a jije sèvitè ou yo. W'a pini moun ki koupab la, w'a fè chatiman li merite a tonbe sou tèt li. W'a fè rekonèt lè yon moun inonsan pou yo ka rann li jistis.

1 Makabe 6:23 (HAT98)

Nou te byen kontan sèvi papa ou ak tout kè nou, pou nou te mennen bak nou dapre lòd li bay yo, lèfini pou nou te fè tou sa li te mande nou fè.

2 Makabe 6:23 (HAT98)

Men, Eleaza pran yon desizyon respektab ki mache ak laj li, ak prestij granmoun li, ansanm ak cheve li yo ki te fin blan nan travay l'ap fè a epi ki te fè yo respekte l, desizyon ki mache ak lavi dwat l'ap mennen depi l piti a, desizyon ki koresponn ak prensip lavi apa Bondye li menm te bay la. Se poutèt sa, lamenm li di yo konsa: — Touye m yon fwa san pèdi tan.