Chache rezilta pou: psalm 34:18
Jenèz 34:18 (HAT98)
Amò ak Sichèm, pitit gason l lan, tonbe dakò ak yo pou kondisyon an.
Egzòd 34:18 (HAT98)
Se pou ou toujou fete fèt Pen San Ledven an. Pandan sèt jou nan mwa mas avril la, nou va manje pen san ledven jan mwen te ban nou lòd la. Paske se nan mwa sa a nou te soti kite peyi Lejip.
Nonb 34:18 (HAT98)
avèk douz chèf n'a chwazi pou fè pataj la, yonn nan chak branch fanmi.
Jòb 34:18 (HAT98)
Bondye pini wa yo lè yo fè sa ki mal. Li pini gwo chèf yo lè yo fè mechanste.
Sòm 34:18 (HAT98)
(19) Senyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa.
Jeremi 34:18 (HAT98)
M'ap mete tout lòt nasyon sou latè yo vant ba lè y'a wè sa ki rive nou.
Ezekyèl 34:18 (HAT98)
Genyen nan mitan nou, se yo ase ki pou manje pi bon zèb yo. Men, sa pa kont yo toujou. Se pou yo pilonnen anba pye yo sa ki pa manje yo. Se yo ase ki pou bwè bèl dlo fre. Men sa pa kont yo toujou, fòk yo sal rès dlo a ak pye yo.
Chirasid 34:18 (HAT98)
Si ou ofri bay Bondye yon bèt ou gen nan move kondisyon, ofrann lan pa bon. Kado ki sòti nan men moun mechan yo p'ap fè Bondye plezi.
2 Kwonik 34:18 (HAT98)
Lèfini, Chafan di wa a: — Ilkija, prèt la, te ban m yon liv. Chafan li liv la pou wa a.
Sòm 18:34 (HAT98)
(35) Li moutre m jan pou m goumen. Li ban m fòs pou m sèvi ak pi gwo banza ki genyen.
Matye 18:34 (HAT98)
Mèt la fè gwo kòlè, li fè mete mesye nan prizon pou yo bat li jouk lè li fin peye tou sa l te dwe a.
Lik 18:34 (HAT98)
Men, disip yo pat konprann anyen nan sa. Sans pawòl la te kache pou yo, yo pat kapab konnen sa Jezi t'ap di yo konsa.
Jan 18:34 (HAT98)
Jezi reponn li: — Eske ou di sa paske ou fè lide sa a ou menm, osinon eske se lòt moun ki di ou sa?
1 Wa 18:34 (HAT98)
li di yo: — Fè l yon dezyèm fwa. Apre yo fè l, li di yo ankò: — Fè l yon twazyèm fwa. Yo fè l ankò.
2 Wa 18:34 (HAT98)
Kote bondye moun Amat yo ak bondye moun Apad yo? Kote bondye moun Sefavayim yo, moun Ena ak moun Iva yo? Eske yo te sove peyi Samari anba men l?
2 Kwonik 18:34 (HAT98)
Jou sa a, batay la te makònen anpil. Wa Akab menm te rete kanpe sou cha li a, l'ap gade moun peyi Siri yo jouk aswè. Lè solèy kouche li mouri.
2 Korent 4:18 (HAT98)
Paske, mwen p'ap konsidere bagay moun wè, men bagay moun pa wè. Sa moun wè, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wè, se bagay ki la pou tout tan.
1 Jan 4:18 (HAT98)
Kote ki gen renmen, pa gen kè kase. Okontrè, lè nou renmen tout bon, si kè nou te kase, li pa kase ankò. Konsa, yon moun ki pè toujou, li poko fin renmen nèt. Paske si ou pè, se paske ou pè chatiman.
Revelasyon 14:18 (HAT98)
Yon lòt zanj ankò sòti bò lotèl la, li menm li te gen pouvwa sou dife. Li pale ak zanj ki te gen kouto digo file a, li di l byen fò: — Pran kouto digo ou la, sèvi avè l pou koupe tout grap rezen ki sou tè a, paske rezen yo mi.
Jenèz 4:18 (HAT98)
Enòk te fè yon pitit gason yo rele Irad. Se Irad sa a ki te papa Meoujaèl. Meoujaèl te papa Metouchaèl. Se Metouchaèl ki te papa Lemèk.
Jenèz 14:18 (HAT98)
Mèlkisedèk menm ki te wa peyi Salèm fè pote pen ak diven vini. Se yon prèt ki t'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la li te ye.
Jenèz 24:18 (HAT98)
Rebeka reponn li: — Wi. Bwè non, mesye. Li desann krich la sòti sou zepòl li, li kenbe l nan men l pou fè nonm lan bwè.
Jenèz 44:18 (HAT98)
Lè sa a, Jida pwoche bò kote Jozèf, li di l konsa: — Tanpri, mèt. Kite m di ou yon ti pawòl. Ou pa bezwen fache sou mwen. Mwen konnen ki di ou menm di farawon an.
Egzòd 4:18 (HAT98)
Moyiz kite kote l te ye a, li tounen lakay Jetwo, bòpè li. Li di li: — Tanpri, kite m ale. Mwen pral jwenn frè mwen yo nan pèyi Lejip. Mwen pral wè si yo la toujou. Jetwo di Moyiz: — Ale ak kè poze.
Egzòd 14:18 (HAT98)
Lè m'a bat farawon an ansanm ak tout cha li yo ak kavalye li yo, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki Senyè a.