Chache rezilta pou: james 1:27
1 Samyèl 27:1 (HAT98)
David di nan kè l: — Yon jou konsa Sayil ap touye m. L'a pi bon pou mwen si m sove al kache nan peyi Filisti a. Konsa, Sayil va sispann mache chache m nan tout peyi pèp Izrayèl la. P'ap gen danje pou mwen ankò.
1 Samyèl 27:2 (HAT98)
David leve ansanm ak sisan (600) moun pa l yo, y'ale kay Akich, pitit gason Maòk la, ki te wa lavil Gat.
1 Samyèl 27:3 (HAT98)
David ak mesye l yo rete ak Akich lavil Gat ak tout fanmi yo. David te gen de madanm ak li: Akinoam, yon fanm lavil Jizreyèl ak Abigayèl, madanm defen Nabal, moun lavil Kamèl.
1 Samyèl 27:4 (HAT98)
Lè Sayil vin tande David te kouri al kache lavil Gat, li sispann mache chache l pou mete men sou li.
1 Samyèl 27:5 (HAT98)
David di Akich konsa: — Si ou se zanmi m vre, ban m yon ti plas nan yonn nan bouk andeyò yo pou m rete. Pa gen rezon, monwa, pou m rete viv ansanm avè ou nan kapital la.
1 Samyèl 27:6 (HAT98)
Se konsa, jou sa a, Akich ba li lavil Ziklag. Se poutèt sa, depi jou sa a, lavil Ziklag toujou rete pou wa peyi Jida yo.
1 Samyèl 27:7 (HAT98)
David pase ennan kat mwa ap viv nan peyi moun Filisti yo.
1 Samyèl 27:8 (HAT98)
Tanzantan, David ak mesye l yo te konn pati al atake moun Jechou yo, moun Jizi yo ak moun Amalèk yo jouk lakay yo. Depi tout tan se pèp sa yo ki te rete nan zòn ki sòti depi lavil Telayim, nan direksyon lavil Chou rive jouk peyi Lejip.
1 Samyèl 27:9 (HAT98)
Se konsa, David te dechèpiye tout peyi a, li touye fanm kou gason. Li pran mouton moun yo, bèf yo, bourik yo, chamo yo, ata rad yo. Lèfini, li tounen al jwenn Akich.
1 Samyèl 27:10 (HAT98)
Lè Akich mande l: — Ki kote ou te al demele ou jòdi a? David te kouri reponn li se nan zòn Negèv nan peyi Jida a, osinon nan zòn sid peyi moun Jerakmeyèl yo, ou ankò nan zòn sid teritwa moun Kayen yo.
1 Samyèl 27:11 (HAT98)
Men David te toujou touye tout moun, fanm kou gason, paske li t'ap di nan kè l konsa pèsonn p'ap ka al di moun lavil Gat yo sa li te fè yo. Se sa David t'ap mache fè pandan tout tan li pase nan peyi Filisti a.
1 Samyèl 27:12 (HAT98)
Akich menm te fè David konfyans. Li t'ap di nan kè l: — Mesye tèlman fè moun pèp Izrayèl yo rayi l, l'ap blije rete pase tout rès lavi l ap sèvi m.
1 Kwonik 27:1 (HAT98)
Men lis chèf fanmi pèp Izrayèl la ak kòmandan rejiman mil sòlda ak kòmandan divizyon san sòlda ansanm ak lòt anplwaye yo te konte ki t'ap sèvi ak wa a nan gouvènman li. Chak mwa nan lanne a te gen yon gwoup vennkatmil gason (24.000) ki te desèvis sou lòd yon chèf diferan.
1 Kwonik 27:2 (HAT98)
Pou gwoup ki te desèvis pou premye mwa a, se Jachobeam, pitit gason Zabdyèl la, ki te chèf.
1 Kwonik 27:3 (HAT98)
Se te yon moun nan fanmi Farèz. Li te kòmandan tout chèf lame ki te desèvis pou premye mwa a.
1 Kwonik 27:4 (HAT98)
Pou gwoup dezyèm mwa a, se te Dodayi, moun lavil Akoa, ki te chèf. Li te gen Miklòt pou adjwen.
1 Kwonik 27:5 (HAT98)
Pou gwoup twazyèm mwa a, chèf lame a te rele Benaja, pitit Jeoyada, granprèt la.
1 Kwonik 27:6 (HAT98)
Benaja sa a te chèf trant pi vanyan sòlda yo. Apre li, se Amizabad, pitit gason l, ki te pran kòmandman gwoup la.
1 Kwonik 27:7 (HAT98)
Pou gwoup katriyèm mwa a, se Azayèl, frè Joab la, ki te chèf. Apre li, se Zebadya, pitit li, ki te pran kòmandman an.
1 Kwonik 27:8 (HAT98)
Pou gwoup senkyèm mwa a, se Chamout, moun fanmi Izra, ki te chèf.
1 Kwonik 27:9 (HAT98)
Pou gwoup sizyèm mwa a, se Ira, pitit gason Ikèch, moun lavil Tekoa, ki te chèf.
1 Kwonik 27:10 (HAT98)
Pou gwoup setyèm mwa a, se Elèz, moun fanmi Efrayim nan lavil Pelon, ki te chèf.
1 Kwonik 27:11 (HAT98)
Pou gwoup uityèm mwa a, se Sibekayi, moun lavil Oucha, ki te chèf. Se yon moun fanmi Zera nan gwo branch fanmi Jida a.
1 Kwonik 27:12 (HAT98)
Pou gwoup nevyèm mwa a, se Abyezè, moun lavil Anatòt nan branch fanmi Benjamen, ki te chèf.
1 Kwonik 27:13 (HAT98)
Pou gwoup dizyèm mwa a, se Marayi, moun lavil Netofa nan fanmi Zera, ki te chèf.