Chache rezilta pou: exodus 3:1

1 Jan 3:18 (HAT98)

Pitit mwen yo, piga nou renmen sèlman nan bouch, nan bèl diskou ak bèl pawòl. Se pou nou renmen tout bon vre. Se pou tout moun wè jan nou renmen lè yo wè sa n'ap fè.

1 Samyèl 3:1 (HAT98)

Lè sa a, Samyèl te timoun toujou, li t'ap sèvi Senyè a sou zòd Eli. Nan tan sa a se pat fasil pou Senyè a te pale ak moun. Se bagay ki te ra anpil pou Senyè a te fè moun wè l.

1 Samyèl 3:10 (HAT98)

Senyè a vini, li kanpe epi li rele li jan li te fè anvan an: — Samyèl! Samyèl! Samyèl reponn: — Pale non! Men sèvitè ou ap koute ou!

1 Samyèl 3:11 (HAT98)

Senyè a di l konsa: — Mwen pral fè yon gwo bagay nan mitan pèp Izrayèl la. Lè moun va tande sa, yo pral sezi.

1 Samyèl 3:12 (HAT98)

Jou sa a, tout malè mwen te di Eli ki pou te rive fanmi l yo pral rive vre san manke yonn.

1 Samyèl 3:13 (HAT98)

Mwen te di l mwen ta pral pini fanmi l lan yon sèl kou pou m fini ak yo poutèt pitit gason l yo. Li konnen yo t'ap fè sa ki mal, yo t'ap pale Bondye mal, epi li pa di yo anyen.

1 Samyèl 3:14 (HAT98)

Se poutèt sa mwen te fè moun fanmi Eli yo konnen mwen sèmante pa gen okenn bèt yo ka touye ni okenn ofrann ki ka fè m padonnen peche yo fè a.

1 Samyèl 3:15 (HAT98)

Samyèl rete nan kabann li jouk denmen maten. Li leve granmaten, li louvri tout pòt nan Tanp Senyè a. Men, li te pè al rakonte Eli vizyon li te fè a.

1 Samyèl 3:16 (HAT98)

Men Eli rele l: — Samyèl, pitit mwen! Samyèl reponn li: — Men mwen wi!

1 Samyèl 3:17 (HAT98)

Eli mande l: — Kisa Senyè a di ou konsa? Tanpri pa kache m anyen. Se pou Bondye ba ou pi gwo pinisyon ki genyen si ou kache m anyen nan sa li di ou la.

1 Samyèl 3:18 (HAT98)

Se konsa Samyèl rapòte l tout pawòl Senyè a san kache l anyen. Epi Eli di l: — Se Senyè a li ye, l'a fè tou sa li wè ki bon.

1 Samyèl 3:19 (HAT98)

Samyèl t'ap grandi, Senyè a te avèk li. Li te fè tout pawòl ki te sòti nan bouch Samyèl rive vre.

1 Wa 3:1 (HAT98)

Salomon antre nan fanmi farawon an, wa peyi Lejip. Li marye ak pitit fi farawon an. Li mennen l rete nan lavil David la jouk li fin bati palè li a, Tanp Bondye a ak gwo miray ranpa ki fè wonn lavil Jerizalèm yo.

1 Wa 3:10 (HAT98)

Senyè a te kontan wè se sa Salomon te mande l.

1 Wa 3:11 (HAT98)

Li di l konsa: — Monchè, ou pa mande m pou ou viv lontan, ou pa mande m richès, ni ou pa mande m lanmò pou lènmi ou yo, men ou mande m yon lespri veyatif pou ou ka gouvènen san patipri.

1 Wa 3:12 (HAT98)

M'ap ba ou sa ou mande a, m'ap ba ou plis konesans ak plis bon konprann pase tout moun, pase ni sa ki te la anvan ou yo, ni sa k'ap vin apre ou.

1 Wa 3:13 (HAT98)

Lèfini, m'ap ba ou sa ou pat mande tou. M'ap ba ou anpil richès ak anpil pouvwa. Konsa, p'ap gen okenn lòt wa tankou ou pandan tout rès tan ou gen pou viv la.

1 Wa 3:14 (HAT98)

Si ou fè volonte m, si ou mache dapre lòd ak kòmandman m yo, tankou David, papa ou, te fè l la, m'ap fè ou viv lontan.

1 Wa 3:15 (HAT98)

Lè Salomon leve, li vin konprann Bondye te pale avè l nan rèv. Li tounen lavil Jerizalèm, l'ale devan Bwat Kontra Senyè a, li ofri bèt pou yo boule nèt, bèt pou yo touye pou di Senyè a mèsi. Apre sa, li bay yon gwo fèt pou tout moun k'ap travay nan gouvènman l lan.

1 Wa 3:16 (HAT98)

Yon jou, de jennès vin konparèt devan wa Salomon.

1 Wa 3:17 (HAT98)

Yonn ladan yo pran lapawòl, li di: — Monwa, madanm sa a avè m nou rete nan menm kay. Mwen fè yon pitit gason nan kay la devan li.

1 Wa 3:18 (HAT98)

De jou apre pitit mwen an fèt, li menm tou li akouche, li fè yon pitit gason tou. Nou de ase ki te nan kay, pat gen lòt moun la ankò.

1 Wa 3:19 (HAT98)

Pandan lannwit, antan l'ap dòmi li woule sou pitit pa l la, li toufe l.

1 Kwonik 3:1 (HAT98)

Men non pitit gason David vin genyen antan li te lavil Ebwon. Pi gran an te rele Amon. Se Akinoam, moun lavil Jizreyèl, ki te manman l. Dezyèm lan te rele Danyèl. Se Abigayil, moun lavil Kamèl, ki te manman l.

1 Kwonik 3:10 (HAT98)

Salomon te papa Woboram, Woboram te papa Abija, Abija te papa Asa, Asa te papa Jozafa,