Chache rezilta pou: ephesians 6:12

Matye 6:12 (HAT98)

Padonnen tou sa nou fè ki mal, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal.

Efezyen 6:12 (HAT98)

Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k'ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a.

Jenèz 6:12 (HAT98)

Bondye gade latè, li wè l te fin pouri, paske tout moun sou latè te fin pèvèti.

Egzòd 6:12 (HAT98)

Men, Moyiz di Senyè a: — Ata pèp Izrayèl la pat koute m, atò se farawon an ki ta koute m? Mwen tou pa konn pale.

Levitik 6:12 (HAT98)

Fòk dife ki sou lotèl la toujou ap boule. Pa janm kite l mouri. Chak maten prèt la va mete bwa ladan l, epi l'a ranje ofrann pou boule a sou li, epi l'a boule grès ofrann yo fè pou di Bondye mèsi a.

Nonb 6:12 (HAT98)

Nonm lan va refè ve li te fè pou li viv apa nèt pou Bondye a. Tout sa li fè anvan an pa konte paske ve a gate. Epi l'a pote yon ti mouton ki poko gen ennan pou yo ofri pou repare sa li te fè ki mal la.

Detewonòm 6:12 (HAT98)

fè atansyon pou nou pa bliye Senyè a, li menm ki te fè nou sòti kite peyi Lejip kote nou te esklav la.

Jozye 6:12 (HAT98)

Nan denmen maten, Jozye leve, epi prèt yo pran Bwat Kontra Senyè a ankò.

Jij 6:12 (HAT98)

Zanj Senyè a parèt devan l, li di l konsa: — Bonjou, vanyan sòlda! Senyè a avè ou!

Esdras 6:12 (HAT98)

Se pou Bondye ki chwazi lavil Jerizalèm pou se la yo bati kay li a jete tout wa, kraze tout nasyon ki ta konprann pou yo pa koute lòd mwen bay la a, epi ki ta detwi Tanp Bondye a ki lavil Jerizalèm. Se mwen menm, Dariyis, ki bay lòd sa a. Se pou yo fè sa mwen bay lòd fè a san wete san mete.

Neyemi 6:12 (HAT98)

Lè m kalkile, mwen wè se pat Bondye ki te ba l mesay sa a pou mwen. Se Tobija ak Sanbala ki te peye l pou l te di m sa.

Estè 6:12 (HAT98)

Apre sa, Madoche tounen tounen l bò pòtay palè wa a. Aman menm kouri al lakay li, li bouche figi l sitèlman li te wont.

Jòb 6:12 (HAT98)

Se pa wòch mwen ye. Se pa bout fè kò m ye.

Pwovèb 6:12 (HAT98)

Mechan yo fin deprave. Y'ap mache bay manti toupatou.

Eklezyas 6:12 (HAT98)

Ki moun ki konnen sa ki bon pou yon moun k'ap mennen yon lavi ki pa vo anyen, yon lavi k'ap pase tankou yon nyaj, pandan de twa jou l'ap pase sou tè a? Ki moun ki ka fè lèzòm konnen sa ki gen pou rive sou latè apre y'a fin mouri?

Kantik 6:12 (HAT98)

Apre sa, m pa konn sa ki pase m. M santi m tankou yon sòlda sou cha lagè ki anvi al goumen.

Ezayi 6:12 (HAT98)

Mwen menm, Senyè a, m'a mete tout moun deyò nan peyi a. Tout peyi a pral rete san moun ladan l.

Jeremi 6:12 (HAT98)

Y'ap pran kay yo ansanm ak jaden yo ak madanm yo bay lòt moun. Mwen pral pini moun ki rete nan peyi a. Se mwen menm Senyè a ki di sa.

Ezekyèl 6:12 (HAT98)

Moun ki lwen yo pral tonbe malad, y'ap mouri. Moun pre yo pral mouri nan lagè. Sa ki va rete yo pral mouri grangou. M'ap move sou yo jouk mwen p'ap kapab ankò.

Danyèl 6:12 (HAT98)

Yo tout al jwenn wa a epi yo di l: — Monwa, eske ou pat siyen yon lwa ki te mande pou tout moun lapriyè nan pye ou ase pandan trant jou? Nenpòt moun yo ta jwenn ap lapriyè yon bondye osinon yon lòt moun pandan tan sa a, se pou yo jete l nan gwo twou lyon an, pa vre? Wa a reponn: — Lòd la bay dapre lalwa peyi Medi ak peyi Pès la ki pa ka chanje.

Amòs 6:12 (HAT98)

Eske chwal ka kouri sou glasi? Eske moun ka raboure lanmè avèk bèf? Men nou menm, nou fè lajistis tounen pwazon, nou fè inonsan pase pou koupab.

Miche 6:12 (HAT98)

Moun rich nan lavil la ap peze pòv malere yo. Yo tout se yon bann mantò: Bonjou yo pa laverite!

Zakari 6:12 (HAT98)

Lèfini, w'a pale avè l, w'a di l: Men sa Senyè a di: Men moun yo rele Boujon an. Li pral pouse kote li ye a. Li pral rebati kay ki apa pou Senyè a.

Tobi 6:12 (HAT98)

Se sèl pitit li genyen tou. Li pa gen lòt. Ou menm, se ti fanmi ki pi pre pitit fi li a genyen. Se ou ki pou marye avè l. Lèfini, se ou ki gendwa eritye tout byen papa l yo. Sara sa a, se yon jenn fi seryèz, li gen kouray, li pa pè travay, s'on bèl nègès. Lèfini, papa l se yon bon gason. Ou gendwa marye avè l.

Jidit 6:12 (HAT98)

Lè mesye lavil Betoulya yo wè yo ap pwoche, yo pase men yo, yo pran zam yo, yo kouri sou tèt mòn yo. Mesye ki te gen boulin nan men yo konmanse voye wòch sou sòlda Olofèn yo. Se konsa yo rete yo sou kous yo nan moute mòn yo.