Chache rezilta pou: christ is coming soon
1 Tesalonisyen 4:16 (HAT98)
Lè sa a, n'a tande yon gwo lòd pase, n'a tande vwa chèf zanj lan ansanm ak kout klewon Bondye a: epi Senyè a menm va desann sot nan syèl la. Moun ki te mete konfyans yo nan Kris la lè yo te mouri, se yo ki va leve sòti vivan an premye.
Matye 24:30 (HAT98)
Lè sa a, n'a wè siy nan syèl la k'ap fè nou konnen Moun Bondye voye nan lachè a ap tounen. Lè sa a, tout nasyon ki sou latè va pran kriye. Y'a wè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini anwo nyaj yo nan syèl la, avèk pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay.
Mak 13:26 (HAT98)
Lè sa a, y'a wè m, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, ap vini sou tèt nyaj yo, avèk anpil pouvwa nan mitan yon bann bèl bagay.
Jan 14:3 (HAT98)
Lè m'a fin pare plas la pou nou, m'a tounen vin chache nou. Konsa, kote m'a ye a, se la n'a ye tou.
Travay 1:11 (HAT98)
Dezòm yo di: — Nou menm, moun Galile, poukisa je nou rete kole nan syèl la konsa? Jezi sa a ki te fèk la nan mitan nou ki moute nan syèl la, li gen pou li retounen ankò menm jan nou wè li moute a.
Revelasyon 22:7 (HAT98)
Jezi di: — Koute, m'ap vini talè konsa. Benediksyon pou moun ki koute pawòl Bondye ki nan liv sa a.
Revelasyon 22:12 (HAT98)
Jezi di: — Koute, m'ap vin talè konsa. M'ap pote rekonpans m'ap bay la avè m, pou m bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.
Revelasyon 22:20 (HAT98)
Moun ki garanti verite tout pawòl sa yo di: — Wi, m'ap vin talè konsa! Amèn. Vini non, Senyè Jezi!
2 Pyè 3:10 (HAT98)
Men, jou Senyè a ap vini sou nou tankou yon vòlò nan mitan lannwit. Lè sa a, syèl la pral disparèt ak yon gwo gwo bri. Tout bagay pral pran dife, y'ap fonn nèt. Latè ak dènye bagay ki ladan l va boule, y'ap tounen sann.
Tit 2:13 (HAT98)
Se konsa li moutre nou pou nou viv pandan n'ap tann benediksyon li te pwomèt nou yo, lè bèl pouvwa Jezikri, Bondye nou ak Delivrans nou, va parèt.
1 Tesalonisyen 5:2 (HAT98)
Nou menm nou konn sa byen: Jou Senyè a gen pou l vin sou nou tankou yon vòlò k'ap vin nan mitan lannwit.
Ebre 10:37 (HAT98)
Paske, men sa ki ekri nan Liv la: Nan yon ti tan ankò, sa p'ap pran lontan, Moun ki gen pou vini an ap vini, Li p'ap pran reta.
Revelasyon 1:7 (HAT98)
Gade. Men Kris la ap vini sou tèt nyaj yo! Tout moun pral wè l, menm moun ki te pèse l yo. Tout pèp sou latè pral kriye lè y'a wè li. Wi, se konsa sa pral pase. Amèn.
Matye 25:13 (HAT98)
Apre sa, Jezi di yo: — Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske, nou pa konnen ni ki jou, ni ki lè sa va rive.
Jan 3:3 (HAT98)
Jezi reponn li: — Anverite sa m'ap di ou la a se vre: Pesonn pa kapab nan wayòm Bondye a si li pa fèt yon lòt fwa.
Women 13:11 (HAT98)
Se sa menm pou nou fè, paske nou konnen ki jan tan an ye deyò a. Li lè pou nou leve sòti nan dòmi, lè a sonnen, paske kounyeya, lè pou n fin delivre a pi pre nou pase lè nou te fenk mete konfyans lan.
1 Korent 1:7 (HAT98)
Se sa k fè, nou pa manke anyen nan kado Bondye bay yo, pandan n'ap tann jou lè Jezikri, Senyè nou an, pral parèt la.
Filipyen 3:20 (HAT98)
Men nou menm, nou se sitwayen syèl la. N'ap tann Sovè nou, Jezikri Senyè nou k'ap sot nan syèl la.
Kolosyen 3:4 (HAT98)
Se Kris la ki lavi nou tout bon. Lè la parèt, nou menm tou n'a parèt ansanm avè l nan tout bèl pouvwa li.
1 Timote 6:14 (HAT98)
Swiv kòmandman mwen ba ou a, pa chanje anyen ladan l pou yo pa jwenn anyen pou repwoche ou lè Jezikri, Senyè nou an, va parèt.
2 Timote 4:8 (HAT98)
Kounyeya, se rekonpans mwen m'ap tann pou lavi dwat mwen te mennen an. Lè gran jou a va rive, Senyè k'ap jije san patipri a ap mete rekonpans mwen an tankou yon kouwòn sou tèt mwen. Men, se pa mwen ase l'ap bay li. Tout moun k'ap tann ak tout kè yo lè la gen pou l parèt la, va resevwa l tou.
1 Pyè 4:7 (HAT98)
Tout bagay prèt pou fini. Se pou nou kenbe tèt nou anplas, veye kò nou pou n ka lapriyè.
1 Jan 2:28 (HAT98)
Wi, pitit mwen yo, ann toujou fè yonn ak Kris la. Konsa, lè Kris la va parèt, n'a gen konfyans. Wi, jou l'a vini an, nou p'ap wont devan l, yo p'ap kapab voye nou jete byen lwen li.
Revelasyon 3:11 (HAT98)
Anvan lontan mapral vini. Kenbe sa ou genyen an fèm pou pèsonn pa wete rekonpans ou nan men ou.