Chache rezilta pou: John 3:16

3 Jan 1:1 (HAT98)

Se mwen menm, chèf reskonsab nan legliz la, k'ap ekri lèt sa a pou Gayis, frè mwen renmen tout bon an.

3 Jan 1:2 (HAT98)

Gayis monchè, mwen swete tout bagay ap mache byen pou ou. Mwen swete ou an sante nan kò ou tankou ou an sante nan lespri ou.

3 Jan 1:3 (HAT98)

Mwen pat manke kontan lè kèk frè rive bò isit la, yo di m jan ou rete fèm nan verite a, jan ou toujou ap viv dakò ak verite a.

3 Jan 1:4 (HAT98)

Pa gen anyen ki pou fè m pi kontan pase lè m tande pitit mwen yo ap viv dakò ak verite a.

3 Jan 1:5 (HAT98)

Zanmi mwen, tou sa w'ap fè pou frè yo, menm pou frè etranje yo tou, ou fè l byen.

3 Jan 1:6 (HAT98)

Yo di devan tout legliz la jan ou gen renmen tout bon nan kè ou. Tanpri, toujou ede frè yo pou yo ka pousib vwayaj yo, jan Bondye vle l la.

3 Jan 1:7 (HAT98)

Paske, se pou sèvis Kris la y'ap fè vwayaj sa a. Yo pa asepte okenn konkou nan men moun ki pa konn Bondye.

3 Jan 1:8 (HAT98)

Se poutèt sa, moun konsa, nou menm patizan Kris yo, nou fèt pou soutni yo pou nou ka patisipe nan travay y'ap fè pou verite a.

3 Jan 1:9 (HAT98)

Mwen te ekri yon lèt tou kout voye bay legliz la. Men, Dyotrèf ki renmen pran pòz chèf li nan mitan yo a, refize koute sa m di a.

3 Jan 1:10 (HAT98)

Se poutèt sa, lè m'a rive, m'ap devwale tou sa li fè ki mal, tout move pawòl ak manti l'ap bay sou mwen yo. Li pa kontante l fè sa sèlman. Li refize resevwa frè yo ki depasaj. Si gen moun ki ta vle resevwa yo, li enpoze yo fè l, li menm chache mete yo deyò nan legliz la.

3 Jan 1:11 (HAT98)

Zanmi mwen, pa fè tankou moun k'ap fè sa ki mal. Fè tankou moun k'ap fè sa ki byen. Moun k'ap fè sa ki byen, se moun Bondye yo ye. Moun k'ap fè sa ki mal pat janm wè Bondye.

3 Jan 1:12 (HAT98)

Tout frè yo pale byen pou Demetriyis. Menm laverite a pale byen pou mesye. Nou menm tou, n'ap pale byen pou li, epitou ou konnen sa nou di se verite.

3 Jan 1:13 (HAT98)

Mwen gen anpil bagay pou m ta di ou. Men, mwen pa vle ekri yo ak plim ak lank.

3 Jan 1:14 (HAT98)

Mwen swete m'a ka vin wè ou talè konsa, pou nou ka koze fasafas.

3 Jan 1:15 (HAT98)

Mwen mande pou Bondye ba ou kè poze. Tout zanmi ou yo voye bonjou pou ou. Di chak zanmi m yo yon bonjou apa pou mwen.

Jan 3:16 (HAT98)

Bondye sitèlman renmen lèzòm, li bay sèl pitit li a pou yo. Konsa, moun ki mete konfyans yo nan li, yo p'ap peri. Okontrè, y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.

Kolosyen 3:16 (HAT98)

Se pou pawòl Kris la ak tout richès li yo rete fèm nan lavi nou. Se pou nou yonn aprann nan men lòt, se pou yonn konseye lòt ak anpil konprann. Se pou nou chante sòm, kantik ak tout lòt chante legliz pou di Bondye mèsi ak tout kè nou.

2 Timote 3:16 (HAT98)

Tou sa ki ekri [ nan liv la ] se Bondye ki enspire yo. Yo itil pou moutre verite, pou konbat erè, pou korije, pou moutre jan pou viv dwat.

Jenèz 3:16 (HAT98)

Li di fanm lan: — Lè w'ap fè pitit, m'ap fè soufrans ou vin pi rèd. W'a gen pou soufri anpil lè w'ap akouche. W'ap toujou anvi mari ou. Men, se mari ou ki va chèf ou.

Egzòd 3:16 (HAT98)

Ale non. Reyini tout chèf fanmi pèp Izrayèl la, di yo: Senyè a, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, te parèt devan mwen. Li mande m pou m di nou pou li: Mwen vin vizite nou, mwen wè sa moun peyi Lejip yo ap fè nou pase.

Levitik 3:16 (HAT98)

Prèt la va boule tou sa sou lotèl la. Tout grès la se pou Senyè a li ye. Se yon ofrann ou boule nèt pou Senyè a kote bon sant li ap fè li plezi.

Nonb 3:16 (HAT98)

Moyiz fè resansman an dapre lòd Senyè a te ba li a. Li konte yo jan Senyè a te di l fè l la.

Detewonòm 3:16 (HAT98)

Mwen bay branch fanmi Riben ak branch fanmi Gad yo zòn ki sòti depi peyi Galarad la rive ravin Anon. Sou nan sid, baliz peyi a pase nan mitan ravin Anon. Sou nan nò, peyi a rive rivyè Jabòk ki te sèvi l fontyè ak peyi Amon an.

Jozye 3:16 (HAT98)

Dlo ki t'ap koule desann lan sispann koule. Li gonfle yon sèl bò, bò anwo byen lwen, jouk Adam, lavil ki te toupre Zaretan an. Pat gen dlo ki t'ap koule desann nan lanmè Mouri a ankò. Se konsa pèp la janbe lòt bò larivyè a toupre lavil Jeriko.

Jij 3:16 (HAT98)

Eyoud fè yo fè yon ponya espesyal pou li. Ponya a te gen yon pye edmi longè, li te file de bò. Li mare l sou kwis pye dwat li, anba rad li.