Chache rezilta pou: John 15:5

Jan 15:5 (HAT98)

Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki fè yonn avè m, moun mwen fè yonn ak li, l'ap donnen anpil, paske nou pa kapab fè anyen san mwen.

Revelasyon 15:5 (HAT98)

Apre sa, mwen wè kote ki apa pou Bondye nan tanp ki nan syèl la louvri.

Jenèz 15:5 (HAT98)

Senyè a fè Abram sòti deyò, li di l konsa: — Leve je ou, gade syèl la byen. Konte zetwal yo si ou kapab. Apre sa, li di: — Pitit pitit ou yo va anpil tankou zetwal nan syèl la.

Egzòd 15:5 (HAT98)

Lanm lanmè a kouvri yo. Yo fè fon tankou wòch.

Levitik 15:5 (HAT98)

Tout moun ki manyen kabann lan gen pou lave rad ki sou yo, yo gen pou yo benyen nan gwo dlo, epi yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.

Nonb 15:5 (HAT98)

Lè n'ap fè ofrann pou yo boule nèt pou Senyè a, n'a ofri de boutèy ka plen diven pou chak ti mouton n'ap ofri.

Detewonòm 15:5 (HAT98)

Men, se pou nou toujou obeyi Senyè a, se pou nou swiv pwen pa pwen tout kòmandman m'ap ban nou jòdi a.

Jozye 15:5 (HAT98)

Sou bò solèy leve, lanmè Sale a te sèvi yo fontyè rive nan lanbouchi larivyè Jouden an. Se la fontyè nò a te konmanse.

Jij 15:5 (HAT98)

Apre sa, li mete dife nan bwa chandèl yo, epi li lage chen mawon yo nan jaden ble moun Filisti yo. Dife boule dènye ble moun yo, non sèlman ble ki kase deja yo, men tou ble ki te sou pye toujou. Dife a boule ata jaden rezen yo ak jaden oliv yo.

Jòb 15:5 (HAT98)

Se koupab ou koupab ki fè ou pale konsa. Ou pale tankou moun k'ap kache yon bagay.

Sòm 15:5 (HAT98)

Li prete moun san mande enterè. Li p'ap pran lajan anba pou l bay manti sou moun ki inonsan. Moun ki fè bagay sa yo p'ap janm tonbe!

Pwovèb 15:5 (HAT98)

Moun fou pa koute lè papa yo ap pale yo. Men, moun ki gen bon konprann koute lè y'ap rale zòrèy yo.

Ezayi 15:5 (HAT98)

Kè m ap fann pou peyi Mowab! Moun li yo ap kouri al kache jouk lavil Zoa ak lavil Eglat-Chelichiya. Moun ap kriye antan y'ap rale moute ti pant pou rive lavil Loukit la. Moun ap rele antan y'ap kouri met deyò sou wout ki mennen lavil Owonayim lan.

Jeremi 15:5 (HAT98)

Senyè a di: — Ki moun ki va gen pitye pou nou, nou menm moun lavil Jerizalèm? Ki moun ki va pran lapenn pou nou? Ki moun ki va kite sa y'ap fè pou vin pran nouvèl nou?

Ezekyèl 15:5 (HAT98)

Li pa t'ankò boule, yo te tou pa ka fè anyen avè li. Koulyeya, dife fin boule li, se pi rèd ankò.

Jidit 15:5 (HAT98)

Lè moun pèp Izrayèl yo tande nouvèl la, yo tout ansanm yo tonbe sou moun lavil Lasiri yo, yo bat yo jouk lavil Koba. Moun ki rete Jerizalèm yo vini tou ansanm ak moun ki rete nan tout mòn yo, paske yo menm tou yo te pran nouvèl sa ki te rive nan kan lènmi yo a. Moun peyi Galarad yo ak moun peyi Galile yo bare lame moun Lasiri yo sou tout wout yo jouk nan zòn lavil Damas. Se pa de moun yo pa touye.

Sajès 15:5 (HAT98)

Lè moun fou wè bagay sa yo, sa fè tout san nan kò yo mache, sa fè yo anvi achte yon estati ki pa gen lavi tou.

Chirasid 15:5 (HAT98)

Bon konprann va mete yo kanpe pi wo pase moun ki bò kote yo. L'ap mete pawòl nan bouch yo lè y'a nan mitan asanble a.

Matye 15:5 (HAT98)

Men nou menm, nou di: Si yon moun di papa l osinon manman l: Sa m ta gen pou m ba ou a, m ofri l bay Bondye,

Mak 15:5 (HAT98)

Men Jezi pa reponn anyen toujou. Sa te fè Pilat sezi anpil.

Lik 15:5 (HAT98)

Lè l jwenn li, l'ap mete l sou zepòl li ak kè kontan.

Travay 15:5 (HAT98)

Se lè sa a kèk disip, ansyen patizan farizyen yo, kanpe, yo di: — Se pou n sikonsi moun lòt nasyon yo tou. Se pou n mande yo pou yo obeyi lalwa Moyiz la tou.

Women 15:5 (HAT98)

Se pou Bondye ki bay pasyans ak ankourajman an fè nou viv byen yonn ak lòt, pou nou ka swiv egzanp nou jwenn nan Jezikri.

1 Samyèl 15:5 (HAT98)

Lèfini, li desann toupre yonn nan lavil moun Amalèk yo. L'al kache kò li nan yon ravin chèch.

2 Samyèl 15:5 (HAT98)

Chak fwa yon moun pwoche bò Absalon pou mete ajenou devan l, Absalon lonje men l, li kenbe l epi li bo l.