Chache rezilta pou: Jeremiah 29:11

Jeremi 29:11 (HAT98)

Se mwen menm ki konnen sa m'gen nan tèt nou pou nou. Se mwen menm Senyè a k'ap pale. Se pwojè byen mwen gen pou nou, se pa pwojè malè. Sa mwen vle pou nou, se yon denmen ki chaje espwa.

Jenèz 29:11 (HAT98)

Lè l fini, li bo Rachèl. Apre sa, li pran kriye.

Egzòd 29:11 (HAT98)

W'a touye towo a la devan Senyè a, devan pòt Tant Randevou a.

Nonb 29:11 (HAT98)

N'a ofri tou yon bouk pou mande Bondye padon pou peche anplis ofrann bèt pou touye pou gran jou padon an, mete sou ofrann bèt pou yo boule chak jou a ansanm ak ofrann grenn jaden yo ak ofrann bwason ki mache ak yo a.

Detewonòm 29:11 (HAT98)

tout pitit nou yo, madanm nou yo, tout moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo, depi sa k'ap koupe bwa jouk sa ki la pou al chache dlo pou nou,

Jòb 29:11 (HAT98)

Tout moun ki te wè m t'ap mache fè lwanj mwen, tout moun ki te tande m te kontan avè m.

Sòm 29:11 (HAT98)

Senyè a va bay pèp li a fòs, l'a beni yo, l'a ba yo kè poze.

Pwovèb 29:11 (HAT98)

Lè moun fou ankòlè, li di sa ki vin nan bouch li. Men, moun ki gen bon konprann kontwole bouch li.

Ezayi 29:11 (HAT98)

Nou pa ka konprann tou sa Bondye fè nou konnen la a. Y'ap tankou yon liv yo sele. Si nou pote l bay yon moun ki konn li pou nou mande l li l pou nou, l'ap reponn nou li pa kapab, paske liv la sele.

Ezekyèl 29:11 (HAT98)

P'ap rete yon moun ni yon bèt nan peyi a. Pandan karant lanne peyi a ap rete san yon moun ladan l.

Chirasid 29:11 (HAT98)

Sèvi ak byen ou jan Bondye anwo nan syèl la mande ou fè l la. Sa ap pi itil ou pase lò ou sere pou tèt pa ou.

1 Samyèl 29:11 (HAT98)

Konsa vre, nan denmen maten, bonè bonè David leve ansanm ak tout mesye l yo, yo pati, yo tounen nan peyi Filisti a. Lame moun Filisti yo menm pran chemen pou yo ale Jizreyèl.

1 Kwonik 29:11 (HAT98)

Senyè, ou gen pouvwa, ou gen kouray! Se pou ou tout lwanj. W'ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syèl la ak sou latè a se pou ou yo ye. Se ou menm Senyè ki sel wa, paske ou sèl chèf sou tout bagay.

2 Kwonik 29:11 (HAT98)

Kounyeya, pitit mwen yo, souke kò nou. Se nou menm Senyè a te chwazi pou toujou kanpe devan l, pou sèvi l, pou fè travay li, pou boule lansan pou li.

Matye 11:29 (HAT98)

Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze.

Jenèz 11:29 (HAT98)

Abram ak Nakò te fè pozisyon. Abram marye ak Sarayi, Nakò marye ak Milka, pitit fi Aran. Aran te gen yon lòt pitit ankò yo te rele Jiska.

Levitik 11:29 (HAT98)

Pami tout bèt toupatou sou latè, men sa ki pa bon pou moun manje: tout kalite zagoudi, rat ak leza,

Nonb 11:29 (HAT98)

Moyiz reponn li: — Kouman? Ou genlè w'ap fè jalouzi pou mwen? Pa pito Senyè a te mete lespri l sou tout pèp la pou yo te ka pale tankou pwofèt!

Detewonòm 11:29 (HAT98)

Lè Senyè a, Bondye nou an, va fè nou antre nan peyi nou pral pran an, n'a bay benediksyon sou mòn Garizim, n'a bay madichon sou mòn Ebal.

Jij 11:29 (HAT98)

Lespri Senyè a te sou Jefte. Jefte travese peyi Galarad ak peyi Manase, li tounen lavil Mispa nan peyi Galarad. Apre sa, li kite lavil Mispa, li pase nan peyi Amon an.

Neyemi 11:29 (HAT98)

nan lavil Anrimon, nan lavil Zorea, nan lavil Jamout,

Pwovèb 11:29 (HAT98)

Yon nonm ki mete dezòd nan fanmi li lakòz madanm li ak tout pitit li nan tou sa ki pa bon. Men moun san konprann ap toujou esklav moun bon konprann.

Danyèl 11:29 (HAT98)

Kèk tan apre sa, l'ap tounen desann nan peyi Lejip ankò. Men, fwa sa a, sa p'ap pase tankou premye fwa a.

Chirasid 11:29 (HAT98)

Pa envite nenpòt moun vin lakay ou, paske moun entelijan yo gen plan nan tout kò yo.

Mak 11:29 (HAT98)

Jezi reponn yo: — Mwen pral poze nou yon sèl kèsyon tou. Si nou reponn mwen, m'a di nou ak ki otorite m'ap fè bagay sa yo.