Chache rezilta pou: 1 Chronicles 15

1 Samyèl 15:1 (HAT98)

Samyèl di Sayil: — Se mwen menm Senyè a te voye pou vide lwil sou tèt ou pou ou te ka wa sou pèp Izrayèl la. Kounyeya, koute pawòl Senyè a.

1 Samyèl 15:2 (HAT98)

Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a voye di ou: Li pral pini moun Amalèk yo paske yo te kenbe tèt ak pèp Izrayèl la lè yo t'ap moute sòti peyi Lejip.

1 Samyèl 15:3 (HAT98)

Kounyeya, leve al atake moun Amalèk yo. W'a pran tou sa ki pou yo, w'a ofri yo bay Senyè a. Ou p'ap gen pitye pou pèsonn lakay yo: N'a touye fanm kou gason, timoun ak ti bebe nan tete, ata bèf, mouton, chamo ak bourik.

1 Samyèl 15:4 (HAT98)

Sayil rele tout sòlda li yo. Li pase yo enspeksyon lavil Telayim. Te gen desanmil (200.000) sòlda apye ki te moun Izrayèl ak dimil (10.000) sòlda ki te moun Jida.

1 Samyèl 15:5 (HAT98)

Lèfini, li desann toupre yonn nan lavil moun Amalèk yo. L'al kache kò li nan yon ravin chèch.

1 Samyèl 15:6 (HAT98)

Apre sa, li voye avèti moun kenit yo: — Wete kò nou! Kite moun Amalèk yo pou kont yo pou nou pa touye nou ansanm ak yo. Paske nou menm moun, kenit yo, nou te aji byen ak pèp Izrayèl la lè yo t'ap tounen soti nan peyi Lejip la. Se konsa moun kenit yo pati, yo wete kò yo nan mitan moun Amalèk yo.

1 Samyèl 15:7 (HAT98)

Sayil bat moun Amalèk yo depi lavil Avila rive Chou sou bò solèy leve peyi Lejip.

1 Samyèl 15:8 (HAT98)

Li pran Agag, wa moun Amalèk yo, tou vivan, men li touye tout rès moun yo tankou yon ofrann pou Bondye.

1 Samyèl 15:9 (HAT98)

Sayil ak sòlda li yo pa te touye Agag. Yo pa te touye pi bèl mouton yo, pi bèl bèf yo, ni yo pa te touye okenn bèt ki te bon. Men yo touye tout bèt lèd yo, tout bèt mèg yo pou Bondye.

1 Samyèl 15:10 (HAT98)

Senyè a pale ak Samyèl, li di l konsa:

1 Samyèl 15:11 (HAT98)

— Mwen regrèt mwen te fè Sayil wa. Li vire do ban mwen. Li pa fè sa mwen ba li lòd fè. Samyèl pat kontan, li fè tout nwit lan ap lapriyè nan pye Senyè a.

1 Samyèl 15:12 (HAT98)

Nan denmen maten, bonè bonè, li sòti al chache Sayil. Yo vin di Samyèl Sayil te ale lavil Kamèl, kote li fè bati yon moniman pou tèt li, apre sa, li tounen isit, li desann lavil Gilgal.

1 Samyèl 15:13 (HAT98)

Samyèl al jwenn Sayil. Sayil vin di l bonjou: — Se pou Senyè a beni ou! Mwen fè tou sa li te ban m lòd fè.

1 Samyèl 15:14 (HAT98)

Samyèl mande l: — Ki tout bri mouton ak bèf m'ap tande nan zòrèy mwen konsa?

1 Samyèl 15:15 (HAT98)

Sayil reponn li: — Anhan! Se bèt sòlda mwen yo pran kay moun Amalèk yo. Yo pran pi bèl mouton yo ak pi bèl bèf yo, yo pa touye yo pou yo te ka ofri yo bay Senyè a, Bondye ou la. Men, yo touye tout rès yo nèt tankou yon ofrann pou Bondye.

1 Samyèl 15:16 (HAT98)

Samyèl di l konsa: — Pe bouch ou, tande! Kite m di ou sa Senyè a te vin di m lannwit lan. Sayil di li: — Pale non!

1 Samyèl 15:17 (HAT98)

Samyèl di li: — Atout yon lè ou te rekonèt ou pat anyen, jòdi a se pa ou menm ki chèf tout branch fanmi pèp Izrayèl la? Se pa Senyè a menm ki te chwazi ou pou wa pèp Izrayèl la?

1 Samyèl 15:18 (HAT98)

Li voye ou ale avèk lòd esprè pou ou te touye tout moun Amalèk yo, bann moun sa yo k'ap fè sa ki mal, tankou yon ofrann pou Bondye. Se pou ou te goumen ak yo jouk ou te fin touye yo tout.

1 Samyèl 15:19 (HAT98)

Poukisa ou pa koute sa Senyè a te di ou? Poukisa ou lage kò ou sou sa ou te pran nan men lènmi ou yo, epi ou fè sa ki pa fè Senyè a plezi.

1 Samyèl 15:20 (HAT98)

Sayil reponn Samyèl li di li: — Mwen fè tou sa Senyè a te di m 'fè! Mwen mache daprè lòd li. Mwen pran Agag, wa moun Amalèk yo, mwen tounen avè li. Mwen touye tout rès moun Amalèk yo pou Bondye.

1 Samyèl 15:21 (HAT98)

Men sòlda mwen yo pat touye bèl mouton ak pi bèl bèf yo te jwenn nan sa yo te pran lakay lènmi sa yo. Yo pote yo isit la, lavil Gilgal, pou yo te ka ofri yo sou lotèl la bay Senyè a, Bondye ou la.

1 Samyèl 15:22 (HAT98)

Lè sa a, Samyèl di li konsa: — Dapre ou, kisa Senyè a pito? Yon moun k'ap boule bèt sakrifye pou li, yon moun k'ap fè tout lòt kalite sakrifis bèt pou li, osinon yon moun k'ap fè sa li di li fè tout bon? Konn sa tande! Pito yon moun fè sa Senyè a di li fè a pase pou li fè sakrifis bèt pou Bondye. Pito yon moun soumèt devan Bondye pase pou li ofri mouton byen gra bay Senyè a.

1 Samyèl 15:23 (HAT98)

Dezobeyi Bondye nan sa l mande ou fè a se menm bagay ak fè maji. Fè tèt di ak Bondye se menm bagay ak sèvi zidòl. Enben, ou voye pawòl Bondye a jete, Senyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou. Li pa gen anyen pou l wè avè ou ankò!

1 Samyèl 15:24 (HAT98)

Sayil reponn li: — Mwen peche, mwen pa fè sa Senyè a te ban m lòd fè. Mwen pat koute pawòl ou te di m lan. Se pè mwen te pè mesye m yo kifè m fè sa yo te vle fè a.

1 Samyèl 15:25 (HAT98)

Men kounyeya, tanpri, padonnen peche m lan. Tounen avè m pou m ka sèvi Senyè a.