Zakari 5:1-11
Zakari 5:1-11 1998 Haïtienne (HAT98)
Mwen wè yon lòt vizyon ankò, mwen leve je m gade. Mwen wè yon liv an fòm yon woulo papye k'ap vole nan syèl la. Zanj ki t'ap pale avè m lan di m: — Kisa ou wè? Mwen reponn li: — Mwen wè yon liv an fòm yon woulo k'ap vole nan syèl la. Li gen trant pye longè ak kenz pye lajè. Epi li di m: — Se madichon ki pral tonbe sou tout latè. Dapre sa ki ekri sou yon bò liv la, yo pral fè tout vòlò disparèt nan peyi a. Dapre sa ki ekri sou lòt bò a, moun k'ap fè sèman pou bay manti pral disparèt nan peyi a tou. Senyè ki gen tout pouvwa a di konsa se li menm menm ki voye madichon sa a pou li antre nan kay tout moun k'ap vòlò, ak nan kay tout moun k'ap pran non m fè sèman pou bay manti. L'a rete nan kay moun sa yo. Tankou dife, l'ap boule tout bwa ak tout wòch kay yo. Zanj ki t'ap pale avè m lan parèt ankò, li di m konsa: — Leve je ou. Gade sa k'ap vin kounyeya. Mwen mande l: — Kisa l ye? Li reponn mwen: — Se yon panyen. Se peche moun yo ap fè nan tout peyi a ki ladan l. Panyen an te gen yon kouvèti plon. Kouvèti a leve. Mwen wè yon gwo fanm chita anndan panyen an. Zanj lan di m konsa: — Fanm sa a, se mechanste ki non l! Lèfini, li peze l antre nan panyen an epi li mete kouvèti plon an sou li. Apre sa mwen leve je m gade, mwen wè de fanm. Yo te gen gwo zèl tankou sigòy. Yo t'ap vole nan syèl la vini. Yo pran panyen an, yo moute avè l. Mwen mande zanj ki t'ap pale avè m lan: — Kote yo prale ak panyen an la a? Li reponn mwen: — Yo pral bati yon tanp pou li nan peyi Babilòn. Y'ap fè yon pye pou li. Lèfini, y'ap mete l la pou moun adore l.
Zakari 5:1-11 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Je lève de nouveau les yeux et je vois un livre en forme de rouleau qui vole dans l’air. L’ange me demande : « Qu’est-ce que tu vois ? » Je réponds : « Je vois un rouleau qui vole dans l’air. Il a dix mètres de long et cinq mètres de large. » Alors l’ange me dit : « C’est le texte de la malédiction qui va être lancée contre tout le pays. Sur un côté du rouleau, il est écrit que tous les voleurs seront chassés du pays. Sur l’autre côté, il est écrit que tous ceux qui font des serments faux seront également chassés du pays. Le SEIGNEUR de l’univers déclare : “J’ai lancé cette malédiction pour qu’elle entre dans les maisons des voleurs et chez toute personne qui fait de faux serments en se servant de mon nom. Elle y restera et détruira tout, même les poutres et les pierres.” » L’ange chargé de me parler s’avance et me dit : « Lève les yeux et regarde ce qui apparaît là. » Je lui demande : « Qu’est-ce que cela représente ? » Il répond : « C’est un récipient qui contient les fautes de tout le pays. » À ce moment-là, le couvercle de plomb qui est sur le récipient se soulève. Je vois une femme assise dans le récipient. L’ange me dit : « Cette femme, c’est la Méchanceté. » Ensuite, il la repousse à l’intérieur du récipient et il remet le couvercle. Puis je lève les yeux et je vois deux femmes qui apparaissent. Elles ont des ailes comme celles de la cigogne et elles volent poussées par le vent. Elles prennent le récipient et l’emportent entre la terre et le ciel. Je demande à l’ange : « Où emportent-elles le récipient ? » Il me répond : « En Mésopotamie. Là-bas, elles construiront un temple pour la Méchanceté. Elles la fixeront à un endroit, et elle ne bougera plus. »
Zakari 5:1-11 New International Version (NIV)
I looked again, and there before me was a flying scroll. He asked me, “What do you see?” I answered, “I see a flying scroll, twenty cubits long and ten cubits wide.” And he said to me, “This is the curse that is going out over the whole land; for according to what it says on one side, every thief will be banished, and according to what it says on the other, everyone who swears falsely will be banished. The LORD Almighty declares, ‘I will send it out, and it will enter the house of the thief and the house of anyone who swears falsely by my name. It will remain in that house and destroy it completely, both its timbers and its stones.’ ” Then the angel who was speaking to me came forward and said to me, “Look up and see what is appearing.” I asked, “What is it?” He replied, “It is a basket.” And he added, “This is the iniquity of the people throughout the land.” Then the cover of lead was raised, and there in the basket sat a woman! He said, “This is wickedness,” and he pushed her back into the basket and pushed its lead cover down on it. Then I looked up—and there before me were two women, with the wind in their wings! They had wings like those of a stork, and they lifted up the basket between heaven and earth. “Where are they taking the basket?” I asked the angel who was speaking to me. He replied, “To the country of Babylonia to build a house for it. When the house is ready, the basket will be set there in its place.”
Zakari 5:1-11 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Je levai de nouveau les yeux et je vis un rouleau manuscrit qui volait. L’ange me demanda : Que vois-tu ? Je lui répondis : Je vois un rouleau qui vole, il a dix mètres de long et cinq de large. Alors il me dit : Ce rouleau représente la malédiction divine qui se répand sur tout le pays. Sur l’une de ses faces, il est écrit que tout voleur sera chassé d’ici, et sur l’autre, que tous ceux qui prononcent de faux serments seront chassés d’ici. Je ferai venir cette malédiction – le Seigneur des armées célestes le déclare – pour qu’elle atteigne la maison de chaque voleur et celle des gens qui prêtent par mon nom de faux serments : elle s’établira dans cette maison et la détruira complètement, jusqu’aux poutres et aux pierres. Puis l’ange chargé de me parler sortit et me dit : Lève les yeux et regarde ce qui vient là. – Qu’est-ce ? lui demandai-je. Il me répondit : C’est un boisseau qui vient. Puis il ajouta : Il représente le péché du peuple dans tout le pays. Soudain, un couvercle de plomb se souleva et une femme apparut, assise à l’intérieur du boisseau. – Cette femme, me dit l’ange, c’est la Méchanceté. Et il la repoussa à l’intérieur du boisseau qu’il referma avec le couvercle de plomb. Je regardai et je vis arriver deux femmes. Le vent gonflait leurs ailes semblables aux ailes des cigognes. Elles soulevèrent le boisseau entre ciel et terre. Je demandai à l’ange chargé de me parler : Où emportent-elles le boisseau ? Il me répondit : Elles l’emportent en Babylonie, où elles lui bâtiront un sanctuaire. Lorsqu’il sera prêt, on le fixera là sur son piédestal.