Zakari 1:1-21
Zakari 1:1-21 1998 Haïtienne (HAT98)
Nan uityèm mwa dizyèm lanne reny wa Dariyis, Senyè a pale ak pwofèt Zakari, ki te pitit Berekya, pitit pitit Ido. Li ba li mesay sa a pou pèp la. Li di li: — Mwen menm Senyè a, mwen te fache anpil sou zansèt nou yo. Men kounyeya, mwen menm Senyè ki gen tout pouvwa a, men sa m voye di nou: Tounen vin jwenn mwen, m'a tounen vin jwenn nou tou. Se vre wi sa m'ap di nou la a. Pa fè tankou zansèt nou yo. Nan tan lontan pwofèt yo te ba yo mesay mwen. Yo te di yo: Men sa Senyè a di nou: Kite move chemen n'ap swiv la. Sispann fè sa ki mal. Men, yo pat koute m, yo fè tankou se pa avè yo m t'ap pale. Se vre wi sa m'ap di la a. Kote zansèt nou yo ye kounyeya? Eske pwofèt yo te ka viv san yo pa janm mouri? Men, sa m te di nan pawòl ak lòd mwen te bay pwofèt yo, sèvitè m yo, pou zansèt nou yo, eske sa pa rive yo vre? Lè sa a, yo vin regrèt sa yo te fè a. Yo rekonèt mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, mwen te pini yo pou jan yo t'ap viv la, pou tou sa yo te fè ki mal, jan mwen te sòti pou m fè l la. Nan dezyèm lanne reny wa Dariyis, vennkatriyèm jou nan onzyèm mwa a, mwa yo rele Cheba a, Senyè a bay pwofèt Zakari, pitit Berekya, pitit pitit Ido a, yon mesay. Men ki jan pwofèt la rakonte l: — Mwen fè yon vizyon nan mitan lannwit: Mwen wè yon nonm sou yon chwal wouj. Li te kanpe nan mitan yon bann pye jasmen ki te nan yon ti fon anba pyebwa. Te gen yon chwal wouj, yon chwal alzan ak yon chwal blan kanpe dèyè do l. Mwen mande: — Kisa chwal sa yo ye menm, mèt? Zanj ki t'ap pale avè m lan reponn mwen: — Mwen pral fè ou wè sa yo ye. Nonm ki te kanpe nan mitan pye jasmen yo pran lapawòl, li di m konsa: — Se moun Senyè a te voye al wè sa k'ap pase toupatou sou latè. Chwal yo pale ak zanj Bondye a ki te kanpe nan mitan pye jasmen yo, yo di l konsa: — Nou te ale toupatou sou latè. Nou te wè tout moun chita byen dousman lakay yo, san bri san kont. Lè sa a, zanj Senyè a pran lapawòl, epi li di: — Senyè ki gen tout pouvwa, sa fè swasanndizan depi ou ankòlè sou lavil Jerizalèm ak sou lavil Jida yo. Kilè w'a resi gen pitye pou yo? Senyè a reponn zanj ki t'ap pale avè m lan. Li ba li bon pawòl pou remoute kouray li. Lèfini, zanj ki t'ap pale avè m lan di m: — Men sa pou ou fè moun yo konnen: Senyè ki gen tout pouvwa a pale. Li di: Mwen renmen lavil Jerizalèm ki sou mòn Siyon an anpil anpil. Men, mwen move anpil sou nasyon k'ap mennen lavi dous yo. Mwen te fache sou pèp mwen an, se vre. Men, mwen pat twò fache pase sa. Men, nasyon yo pwofite, yo fè gwo malè sou li. Se poutèt sa, men sa Senyè a di: M'ap tounen vin jwenn lavil Jerizalèm ankò, m'ap gen pitye pou li. Yo pral rebati Tanp mwen an nan lavil la. Jerizalèm pral kanpe ankò. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa: Zanj lan di m: — Men yon lòt bagay pou fè yo konnen ankò. Senyè a pale, li di konsa: Lavil mwen yo pral wè zafè yo mache byen ankò. M'ap gen pitye pou mòn Siyon an ankò. Mwen pral chwazi lavil Jerizalèm pou li rele m pa m ankò. Apre sa, mwen fè yon lòt vizyon, mwen leve je m gade. Mwen wè kat kòn bèf. Mwen mande zanj ki t'ap pale avè m lan: — Kisa kòn sa yo ye, mèt? Li reponn mwen: — Kòn sa yo, se nasyon ki te depòte moun peyi Jida yo, pèp Izrayèl la ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo. Apre sa, Senyè a fè m wè kat bòs fòjon ak mato nan men yo. Mwen mande l: — Kisa moun sa yo vin fè la a? Li reponn mwen: — Kòn sa yo, se nasyon ki te depòte tout pèp peyi Jida a, ki te fè tout moun Jida yo t'ap mache tèt bese. Men, bòs fòjon sa yo vini pou yo fè nasyon yo pè, pou kraze pouvwa tout nasyon ki t'ap pwofite sou pèp peyi Jida a, lèfini ki te gaye yo toupatou.
Zakari 1:1-21 New International Version (NIV)
In the eighth month of the second year of Darius, the word of the LORD came to the prophet Zechariah son of Berekiah, the son of Iddo: “The LORD was very angry with your ancestors. Therefore tell the people: This is what the LORD Almighty says: ‘Return to me,’ declares the LORD Almighty, ‘and I will return to you,’ says the LORD Almighty. Do not be like your ancestors, to whom the earlier prophets proclaimed: This is what the LORD Almighty says: ‘Turn from your evil ways and your evil practices.’ But they would not listen or pay attention to me, declares the LORD. Where are your ancestors now? And the prophets, do they live forever? But did not my words and my decrees, which I commanded my servants the prophets, overtake your ancestors? “Then they repented and said, ‘The LORD Almighty has done to us what our ways and practices deserve, just as he determined to do.’ ” On the twenty-fourth day of the eleventh month, the month of Shebat, in the second year of Darius, the word of the LORD came to the prophet Zechariah son of Berekiah, the son of Iddo. During the night I had a vision, and there before me was a man mounted on a red horse. He was standing among the myrtle trees in a ravine. Behind him were red, brown and white horses. I asked, “What are these, my lord?” The angel who was talking with me answered, “I will show you what they are.” Then the man standing among the myrtle trees explained, “They are the ones the LORD has sent to go throughout the earth.” And they reported to the angel of the LORD who was standing among the myrtle trees, “We have gone throughout the earth and found the whole world at rest and in peace.” Then the angel of the LORD said, “LORD Almighty, how long will you withhold mercy from Jerusalem and from the towns of Judah, which you have been angry with these seventy years?” So the LORD spoke kind and comforting words to the angel who talked with me. Then the angel who was speaking to me said, “Proclaim this word: This is what the LORD Almighty says: ‘I am very jealous for Jerusalem and Zion, and I am very angry with the nations that feel secure. I was only a little angry, but they went too far with the punishment.’ “Therefore this is what the LORD says: ‘I will return to Jerusalem with mercy, and there my house will be rebuilt. And the measuring line will be stretched out over Jerusalem,’ declares the LORD Almighty. “Proclaim further: This is what the LORD Almighty says: ‘My towns will again overflow with prosperity, and the LORD will again comfort Zion and choose Jerusalem.’ ” Then I looked up, and there before me were four horns. I asked the angel who was speaking to me, “What are these?” He answered me, “These are the horns that scattered Judah, Israel and Jerusalem.” Then the LORD showed me four craftsmen. I asked, “What are these coming to do?” He answered, “These are the horns that scattered Judah so that no one could raise their head, but the craftsmen have come to terrify them and throw down these horns of the nations who lifted up their horns against the land of Judah to scatter its people.”