Tit 2:1-5
Tit 2:1-5 1998 Haïtienne (HAT98)
Ou menm, se pou tou sa w'ap moutre moun dakò ak bon mesay la. Pale ak granmoun gason yo pou yo fè tout bagay ak mezi, pou yo fè respè tèt yo, pou yo kenbe tèt yo anplas, pou yo gen yon konfyans solid nan Bondye, pou yo gen renmen nan kè yo ak anpil pasyans. Pale ak granmoun fanm yo tou pou yo viv tankou moun k'ap viv pou Bondye tout bon vre. Yo pa dwe nan fè tripotaj, ni nan twò renmen gwòg. Okontrè, se pou yo bay bon egzanp. Konsa, lòt jenn medam yo va aprann nan men yo ki jan pou yo renmen pitit yo ak mari yo, ki jan pou yo kenbe tèt yo anplas, pou yo pa nan dezòd, pou yo konn okipe kay yo byen, pou yo aji ak bon kè, pou yo soumèt devan mari yo. Konsa, moun p'ap ka pale pawòl Bondye a mal.
Tit 2:1-5 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Mais toi, dis ce qui est en accord avec l’enseignement juste. Demande aux hommes âgés d’être sobres, respectables, raisonnables, solides dans la foi, dans l’amour et la patience. De même, demande aux femmes âgées de mener une vie qui plaît à Dieu. Elles ne doivent pas dire du mal des autres, ni être esclaves de la boisson. Qu’elles enseignent ce qui est bien. Qu’elles apprennent donc aux jeunes femmes à aimer leur mari et leurs enfants, à être des personnes raisonnables et pures. Elles doivent s’occuper de leur maison, être aimables, obéir à leur mari. Alors on ne pourra pas dire du mal de la parole de Dieu.
Tit 2:1-5 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Men pou ou menm, Tit, ou dwe bay yon ansèyman ki ede moun vin gen yon bon sante espirityèl. Mande pou granmoun yo gen kontwòl sou pwòp lavi yo. Yo dwe aji yon jan ki fè moun gen respè pou yo. Se pou yo reflechi byen sou jan y ap viv. Lafwa yo, lanmou yo ak pasyans yo dwe montre yo se moun ki nan Bondye. Anseye madanm ki granmoun yo tou, yo dwe viv jan moun k ap sèvi Bondye dwe viv. Yo pa dwe ap mache di move bagay sou lòt moun. Yo pa dwe esklav alkòl. Yo dwe anseye byen. Konsa, y ap montre jèn madanm marye yo kijan pou yo renmen mari yo ansanm ak pitit yo. Yo dwe byen panse sou jan y ap viv. Yo dwe kenbe tèt yo pwòp. Yo dwe dirije kay yo byen. Epi yo dwe prèt pou rann mari yo sèvis. Lè sa a, pèsòn p ap jwenn mwayen pou kritike ansèyman Bondye ban nou fè a.
Tit 2:1-5 New International Version (NIV)
You, however, must teach what is appropriate to sound doctrine. Teach the older men to be temperate, worthy of respect, self-controlled, and sound in faith, in love and in endurance. Likewise, teach the older women to be reverent in the way they live, not to be slanderers or addicted to much wine, but to teach what is good. Then they can urge the younger women to love their husbands and children, to be self-controlled and pure, to be busy at home, to be kind, and to be subject to their husbands, so that no one will malign the word of God.
Tit 2:1-5 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Toi, au contraire, parle selon ce qui est conforme à l’enseignement sain. Dis aux hommes âgés de faire preuve de modération, d’être respectables, réfléchis, et d’exercer une saine pratique de la foi, de l’amour et de la persévérance. Qu’il en soit de même des femmes âgées : qu’elles aient un comportement digne de Dieu ; qu’elles ne soient pas médisantes ni adonnées à la boisson. Qu’elles s’attachent plutôt à enseigner le bien : qu’elles apprennent aux jeunes femmes à aimer leur mari et leurs enfants, à agir de manière réfléchie et pure, à assumer leurs tâches domestiques, à faire preuve de bonté et à être soumises à leur mari. Ainsi la Parole de Dieu ne sera pas discréditée.