Tit 1:5-9
Tit 1:5-9 1998 Haïtienne (HAT98)
Mwen kite ou zile Krèt pou kapab òganize tou sa ki pa te ankò fin regle. Ou gen pou mete yon gwoup ansyen alatèt legliz ki nan chak vil yo. Sonje sa mwen te di ou: Yon ansyen, se yon moun ki pou san repwòch, ki gen yon sèl madanm. Se pou pitit li yo gen konfyans nan Bondye. Tout moun fèt pou konnen yo pou timoun ki pa nan dezòd, ki pa dezobeyisan. Paske, yon moun k'ap dirije legliz la, se li ki reskonsab travay Bondye a. Se pou li san repwòch. Se pa pou li awogan, ni renmen fè kòlè, ni renmen bwè gwòg. Li pa fèt pou l brital, ni renmen fè lajan nan move kondisyon. Men, se pou l konn resevwa moun lakay li. Se pou l renmen sa ki byen, se pou li konn kenbe tèt li anplas, se pou li san patipri. Se pou l viv apa pou Bondye, pou li konn kontwole tèt li. Se pou l kenbe mesay verite a byen fèm, jan Kris la te bay li a, pou l ka ankouraje lòt yo ak pawòl verite a, pou li ka demanti moun k'ap vire pawòl la lanvè.
Tit 1:5-9 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Je t’ai laissé dans l’île de Crète pour que tu finisses de tout organiser. Dans chaque ville, tu dois nommer des anciens, comme je te l’ai commandé. Un ancien doit mener une vie sans faute. Il doit s’être marié une seule fois. Ses enfants doivent être chrétiens, et on ne doit pas pouvoir les accuser de se conduire mal ou de désobéir. Le principal responsable de l’Église est chargé des affaires de Dieu, il doit donc mener une vie sans faute. Qu’il ne soit pas orgueilleux, ni coléreux, ni buveur, ni violent. Qu’il ne cherche pas à gagner de l’argent de façon malhonnête. Il doit bien recevoir les gens qui viennent chez lui et aimer ce qui est bien. Il doit être raisonnable, juste, saint, maître de lui. Il doit être solidement attaché à la parole qui mérite d’être crue, qui est en accord avec ce qui est enseigné. Alors, il sera capable d’encourager les autres en leur donnant un enseignement juste. Il pourra montrer l’erreur de ceux qui sont contre son enseignement.
Tit 1:5-9 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Mwen kite w nan Krèt pou ou fin ranje sa k dwe mete nan lòd. Mwen vle w mete yon gwoup moun ki gen matirite pou dirije legliz ki nan chak vil, dapre jan m te di w, mwen menm: Gade si w jwenn moun ki pa gen repitasyon moun ki nan sa ki mal, ki gen yon sèl madanm, ki gen ti moun ki kwè epi ki pa gen dosye debòch ni dosye rebelyon. Chak lidè nan legliz la dwe san fay, paske se jeran Bondye li ye; fòk li pa awogan, fòk li pa fè kòlè fasil, fòk li pa renmen bwè alkòl, ni vyolan, ni ap fè lajan yon fason ki fè wont. Men se pou l renmen resevwa moun lakay li, se pou l renmen sa ki byen, moun ki gen bon konprann, moun ki jis, moun konsakre pou Bondye, moun ki kenbe tèt yo byen. Li dwe yon moun ki fidèl ak Pawòl la, jan nou preche l la. Lè sa a, l ap kapab ankouraje lòt moun epi bay yon ansèyman ki dwat. Epitou, l ap kapab konvenk moun k ap bay move ansèyman yo, pou di se pa bon.
Tit 1:5-9 New International Version (NIV)
The reason I left you in Crete was that you might put in order what was left unfinished and appoint elders in every town, as I directed you. An elder must be blameless, faithful to his wife, a man whose children believe and are not open to the charge of being wild and disobedient. Since an overseer manages God’s household, he must be blameless—not overbearing, not quick-tempered, not given to drunkenness, not violent, not pursuing dishonest gain. Rather, he must be hospitable, one who loves what is good, who is self-controlled, upright, holy and disciplined. He must hold firmly to the trustworthy message as it has been taught, so that he can encourage others by sound doctrine and refute those who oppose it.
Tit 1:5-9 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Je t’ai laissé en Crète pour que tu achèves de mettre en ordre ce qui est resté en suspens, et que tu établisses dans chaque ville des responsables dans l’Eglise en suivant les directives que je t’ai données. Chacun d’eux doit être un homme irréprochable et un mari fidèle à sa femme. Il faut que ses enfants soient dignes de confiance, c’est-à-dire qu’on ne puisse pas les accuser d’inconduite ou d’insoumission. En effet, il est nécessaire qu’un dirigeant d’Eglise soit irréprochable, puisqu’il a la responsabilité de la famille de Dieu. C’est pourquoi il ne doit être ni imbu de lui-même ni coléreux, ni buveur, ni querelleur, ni attiré par des gains malhonnêtes. Qu’il soit, au contraire, hospitalier, ami du bien, réfléchi, juste, saint et maître de lui-même ; qu’il soit fidèlement attaché à la parole certaine, qui est conforme à ce qui lui a été enseigné. Ainsi il sera en mesure d’encourager les autres selon l’enseignement sain et de réfuter les contradicteurs.