Rit 3:6-18

Rit 3:6-18 1998 Haïtienne (HAT98)

Se konsa Rit leve vre, l'ale bò glasi a, li fè sa bèlmè li te di l fè a. Lè Bòz fin manje, lè li fin pran ti bwason li, li vin yon ti jan ge. L'al kouche bò yon pil pay lòj epi dòmi pote li ale. Lè sa a, Rit pwoche tou dousman, li leve pwent dra ki te kouvri pye li epi li kouche la bò kote li. Nan mitan lannwit, Bòz pantan nan dòmi an. Li leve, li panche epi li sezi wè yon fanm kouche nan pye li. Li mande: — Ki moun sa? Rit reponn li: — Se mwen menm, Rit. Ou se yon fanmi pre nou. Se ou ki reskonsab pou pran swen mwen. Mwen vin jwenn ou. Bòz di l konsa: — Benediksyon Senyè a avè ou, mafi! Sa w'ap fè la a pi konsekan pase tou sa ou te fè pou bèlmè ou la. Sa moutre ou pa sòti pou ou lage fanmi an. Ou ta gendwa al dèyè nenpòt ki jenn gason, rich osinon pòv, pou marye avè ou, men ou pa fè l. Ou pa bezwen bat kò ou, tande. M'ap fè tou sa ou mande m fè pou ou a. Tout moun konnen ou se yon fanm total. Se vre sa ou di a. Mwen se yon fanmi pre nou. Mwen reskonsab ou. Men, gen yon nonm ki fanmi ou pi pre pase m. Ou mèt rete pase nwit lan la. Denmen maten, m'a chache konnen si li vle pran reskonsablite a sou do li. Si li dakò pou li pran li, m'a byen kontan. Si li pa vle, enben mwen sèmante devan Bondye vivan ki nan syèl la, m'ap pran li mwen menm. Koulyeya, rete kouche la jouk denmen maten. Se konsa Rit kouche la nan pye l. Men, anvan bajou kase, li leve pou moun pa wè l, paske Bòz pat vle pèsonn konnen li te la. Bòz di l konsa: — Wete dra ki vlope ou la, louvri l atè a. Rit louvri dra a atè. Bòz vide dis mamit lòj konsa ladan l. Li mare l, epi li ede l mete l sou tèt li. Apre sa, Rit tounen lavil ak pakèt la. Lè li rive lakay li, bèlmè a mande l: — Enben, mafi! Ki jan sa pase? Rit tanmen rakonte l tou sa Bòz fè pou li. Epi li di: — Anvan m'ale, li di mwen konsa mwen pa ka tounen san anyen. Se konsa li ban mwen dis mamit lòj sa a. Nawomi di l: — Kounyeya, Rit mafi, poze kò ou tann pou ou wè jan sa pral pase. Bòz p'ap bay kò l kanpo jòdi a, tout tan li pa regle zafè sa a.

Pataje
Li Rit 3

Rit 3:6-18 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Ruth va à l’endroit où Booz bat les grains. Elle fait exactement ce que Noémi lui a dit. Booz mange et boit et il est de très bonne humeur. Il vient se coucher au bord du tas de grains. Alors Ruth s’approche doucement, elle écarte la couverture et se couche à ses pieds. Au milieu de la nuit, Booz se réveille brusquement. Il se retourne et voit une femme couchée à ses pieds. Il dit : « Qui est-ce ? » Elle répond : « C’est moi, Ruth. Protège-moi. En effet, tu es un proche parent et tu as la responsabilité de prendre soin de moi . » Booz répond : « Que le SEIGNEUR te bénisse ! Tu n’as pas cherché l’amour des jeunes gens, riches ou pauvres. Ce que tu viens de faire prouve ta fidélité à la famille de ta belle-mère. Tu as agi encore mieux qu’avant. Maintenant, Ruth, n’aie pas peur. Je ferai pour toi tout ce que tu voudras. En effet, tu es une femme de valeur, tout le monde le sait. Oui, c’est vrai, je dois prendre soin de toi. Mais il y a quelqu’un d’autre qui est encore plus proche de ta famille que moi. Reste ici cette nuit. Demain matin, nous verrons s’il veut remplir son devoir envers toi. Si oui, il doit le faire. S’il ne veut pas, je te promets ceci devant le SEIGNEUR : je ferai pour toi ce que je dois faire. Dors jusqu’à demain matin ! » Ruth reste couchée aux pieds de Booz jusqu’au matin. Puis elle se lève très tôt, avant la lumière du jour, pour qu’on ne la reconnaisse pas. En effet, Booz pensait : on ne doit pas savoir que cette femme est venue ici. Il dit à Ruth : « Enlève ton pagne de dessus et tiens-le bien. » Elle le tient bien. Alors Booz mesure à peu près 15 kilos d’orge et il les met dans le pagne de Ruth. Ensuite, il revient au village. Ruth va chez sa belle-mère. Noémi lui demande : « Cela s’est bien passé, ma fille ? » Ruth lui raconte tout ce que Booz a fait pour elle. Elle ajoute : « Il m’a donné ces 15 kilos d’orge en me disant : “Tu ne dois pas rentrer chez ta belle-mère les mains vides.” » Noémi dit : « Attends ici, ma fille. Tu vas voir comment les choses vont finir. En effet, cet homme-là ne sera pas satisfait s’il ne règle pas cette affaire aujourd’hui. »

Pataje
Li Rit 3

Rit 3:6-18 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Konsa, Rit desann sou glasi a epi li fè tout sa Nawomi, bèlmè li, te di l fè yo. Apre Bowaz te fin manje, li bwè, kè l kontan, l al kouche bò kote yon gwo pil grenn lòj ki te fin bat. Rit avanse sou pwent pye, li dekouvri pye Bowaz, epi li kouche. Nan mitan nuit la, Bowaz pantan toudenkou paske li te santi te gen yon fi ki kouche nan pye l. Bowaz mande, “Ki moun ou ye?” Rit reponn, “se mwen menm Rit, sèvant ou. Ou gen dwa proteksyon sou fanmi nou. Voye dra w sou mwen, kouvri m non.” Bowaz di l: “Se pou SENYÈ a beni w pitit fi m! Nan fason sa a, ou kontinye montre plis fidelite toujou pou fanmi Nawomi. Ou te gendwa chache yon jèn gason pou marye avè w, menm si l te rich oubyen l te pòv, men ou pa fè sa. Kounye a, pitit fi m, ou pa bezwen pè. M ap fè tout sa ou mande m nan. Tout sitwayen nan vil la tande pale de ou kòm yon bon fi. Sa ou di a se vre, mwen se pwotektè fanmi an. Men gen yon lòt manm fanmi lan ki pi pwòch Elimelèk pase m. Rete la, pase nuit la. Demen maten, m ap mande l si l vle pran responsablite a. Si l deside fè sa, pa gen pwoblèm. Men, si l pa vle, mwen pwomèt ou devan Bondye m ap fè sa mwen menm. Rete la jiskaske li jou.” Kon sa, Rit rete kouche la nan pye Bowaz jouk rive bonè nan maten. Li te mete nan tèt li l ap pati anvan l jou- yon lè ki pa fin jou nèt pou yon moun pa ta rive rekonèt menm pwòp zanmi l. Bowaz te fè l ale bonè konsa, paske li te di nan tèt li “pèsonn pa dwe konnen yon madanm te dòmi nan jaden an.” Pandan Rit prale, Bowaz di li: “Ranje rad ki sou ou a, kenbe l nan pwent.” Lè Rit fin ranje rad la, Bowaz vide sis mezi grenn lòj ladan l pou Rit epi li ede Rit leve l mete sou zepòl li. Apre sa, Bowaz tounen nan lavil la. Lè Rit rive lakay, Nawomi mande l: “Kòman sa pase pitit fi m?” Rit rakonte l tout sa Bowaz te fè pou li. Rit di l: “Bowaz ban m pwovizyon epi li di m: Piga ou tounen al lakay ou san ou pa pran ti kado sa a pou bèlmè w.” Nawomi reponn: “Pitit fi m, pran pasyans epi n ap wè sa k pral pase. Bowaz p ap ka dòmi toutotan li pa fè sa l dwe fè a. N ap wè yon bagay fèt anvan jounen an fin i!”

Pataje
Li Rit 3

Rit 3:6-18 New International Version (NIV)

So she went down to the threshing floor and did everything her mother-in-law told her to do. When Boaz had finished eating and drinking and was in good spirits, he went over to lie down at the far end of the grain pile. Ruth approached quietly, uncovered his feet and lay down. In the middle of the night something startled the man; he turned—and there was a woman lying at his feet! “Who are you?” he asked. “I am your servant Ruth,” she said. “Spread the corner of your garment over me, since you are a guardian-redeemer of our family.” “The LORD bless you, my daughter,” he replied. “This kindness is greater than that which you showed earlier: You have not run after the younger men, whether rich or poor. And now, my daughter, don’t be afraid. I will do for you all you ask. All the people of my town know that you are a woman of noble character. Although it is true that I am a guardian-redeemer of our family, there is another who is more closely related than I. Stay here for the night, and in the morning if he wants to do his duty as your guardian-redeemer, good; let him redeem you. But if he is not willing, as surely as the LORD lives I will do it. Lie here until morning.” So she lay at his feet until morning, but got up before anyone could be recognized; and he said, “No one must know that a woman came to the threshing floor.” He also said, “Bring me the shawl you are wearing and hold it out.” When she did so, he poured into it six measures of barley and placed the bundle on her. Then he went back to town. When Ruth came to her mother-in-law, Naomi asked, “How did it go, my daughter?” Then she told her everything Boaz had done for her and added, “He gave me these six measures of barley, saying, ‘Don’t go back to your mother-in-law empty-handed.’ ” Then Naomi said, “Wait, my daughter, until you find out what happens. For the man will not rest until the matter is settled today.”

Pataje
Li Rit 3

Rit 3:6-18 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Elle descendit dans l’aire et suivit toutes les instructions de sa belle-mère. Booz mangea et but et il fut très content, puis il alla se coucher au bord du tas d’orge. Alors Ruth s’approcha tout doucement, elle écarta la couverture pour découvrir ses pieds et se coucha là. Au milieu de la nuit, Booz eut un frisson, il se pencha en avant et s’aperçut qu’une femme était couchée à ses pieds. – Qui es-tu ? lui demanda-t-il. – Je suis Ruth, ta servante. Veuille me prendre sous ta protection car, en tant que proche parent, tu es responsable de moi. – Que l’Eternel te bénisse, ma fille, lui dit-il. Ce que tu viens de faire est une preuve d’amour envers ta belle-mère encore plus grande que ce que tu as déjà fait. En effet, tu aurais pu courir après les jeunes hommes, qu’ils soient pauvres ou riches. Maintenant, ma fille, ne t’inquiète pas : je ferai pour toi tout ce que tu demandes, car tous les gens de l’endroit savent que tu es une femme de valeur. Il est vrai que j’ai envers toi la responsabilité d’un proche parent, mais il existe un parent plus direct que moi. Passe ici la fin de la nuit, et demain matin nous verrons si cet homme veut s’acquitter envers toi de sa responsabilité de proche parent. Si oui, qu’il le fasse. S’il refuse, je te promets, aussi vrai que l’Eternel est vivant, que je m’en acquitterai envers toi. En attendant, reste couchée jusqu’au matin ! Elle resta couchée à ses pieds jusqu’au matin, puis elle se leva au petit jour avant que l’on puisse se reconnaître, car Booz avait dit : Il ne faut pas que l’on sache qu’une femme est venue sur l’aire. Avant qu’elle parte, il lui dit : Donne la cape que tu portes, tiens-la bien ! Elle la tint ainsi, et il y versa vingt-cinq litres d’orge et l’aida à les charger sur elle, puis elle rentra à la ville. Quand elle arriva chez sa belle-mère, celle-ci lui demanda : Comment les choses se sont-elles passées, ma fille ? Alors Ruth lui raconta tout ce que cet homme avait fait pour elle. Elle ajouta : Il m’a même donné ces vingt-cinq litres d’orge, car il m’a dit : « Tu ne retourneras pas les mains vides auprès de ta belle-mère. » Noémi lui dit : Maintenant, ma fille, reste là jusqu’à ce que tu saches comment les choses tourneront, car cet homme ne se donnera aucun répit avant d’avoir réglé cette affaire aujourd’hui.

Pataje
Li Rit 3