Rit 2:1-7
Rit 2:1-7 1998 Haïtienne (HAT98)
Nawomi te gen yon fanmi mari li yo rele Bòz. Se te yon nonm rich. Yo te konsidere li anpil. Li te fè pati menm branch fanmi ak Elimelèk, defen mari Nawomi. Rit, fanm peyi Mowab la, di Nawomi konsa: — Kite m ale nan jaden yo pou m ranmase tèt lòj moun k'ap ranmase rekòt yo kite tonbe atè. M'a jwenn yon moun ki va kite m ranmase nan jaden li. Nawomi reponn li: — Ale non, mafi. Se konsa, Rit leve, l'ale yo, li pran mache dèyè travayè yo. Li t'ap ranmase tèt lòj ki tonbe atè. Chans pou li, li rive nan yon jaden ki te pou Bòz, fanmi Elimelèk. Li te la depi kèk tan lè Bòz rive sòti Betleyèm. Li di travayè yo bonjou, li di yo: — Senyè a avèk nou! Yo reponn li: — Benediksyon Senyè a avè ou tou! Bòz mande kontwolè a: — Ki jenn ti madanm sa a? Nonm lan reponn: — Se yon fi moun lòt peyi li ye. Se li menm ki te vini ansanm ak Nawomi lè li te tounen sòti nan peyi Mowab. Li te mande m pou m kite l mache dèyè travayè yo ranmase tèt lòj ki tonbe atè yo. L'ap degaje l la a depi maten. Li fenk sispann pou l pran yon ti repo anba tonnèl lan la a.
Rit 2:1-7 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Noémi a un parent dans la famille d’Élimélek, son mari. C’est un riche notable. Il s’appelle Booz. Un jour, Ruth la Moabite dit à Noémi : « Laisse-moi aller dans les champs. Je ramasserai les épis derrière quelqu’un qui sera bon envers moi en me permettant de le faire. » Noémi répond : « Vas-y, ma fille. » Ruth part et elle va dans un champ, pour ramasser les épis derrière ceux qui récoltent. Par chance, le champ où elle va est celui de Booz, de la famille d’Élimélek. Un peu plus tard, Booz arrive de Bethléem. Il salue les ouvriers : « Que le SEIGNEUR soit avec vous ! » Les ouvriers répondent : « Que le SEIGNEUR te bénisse ! » Booz demande au chef des ouvriers : « Qui est cette jeune femme ? » Le chef répond : « C’est une jeune Moabite. Elle est revenue du pays de Moab avec Noémi. Elle m’a dit : “Permets-moi de ramasser les épis que les ouvriers laissent tomber des gerbes.” Elle est venue ce matin et jusqu’à maintenant, elle ne s’est presque pas reposée. »
Rit 2:1-7 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Nawomi te gen yon pwòch fanmi mari li yo te rele Bowaz. Bowaz te sòti nan menm fanmi ak Elimelèk. Et se te yon nonm rich. Yon jou, Rit, fi Mowab la, di Nawomi kon sa: “Kite m ale nan youn nan jaden kote y ap ranmase rekòt yo. Si yo ban m yon ti chans, m a mache dèyè moun k ap travay yo epi m a ranmase grenn yo kite dèyè yo.” Nawomi reponn: “Dakò, pitit fi mwen. Ou mèt ale.” Konsa, Rit ale, li antre nan yon jaden. Li mache dèyè travayè yo, epi li ranmase grenn ki rete dèyè yo. San l pa rann kont, li te antre nan yon jaden Bowaz, fanmi Elimelèk la. Pandan Rit nan jaden an, Bowaz te vin sòti lavil Bètleyèm epi li salye tout travayè l yo, li di yo “SENYÈ a beni nou!” Epi travayè yo reponn li, “SENYÈ a beni w!” Apre sa, Bowaz mande travayè anchèf la: “Kilès jèn madanm sa a ye?” Travayè a reponn: “Se madanm peyi Mowab la ki te vin avèk Nawomi an. Li te vini bonè maten an, li mande si nou ka kite l mache dèyè travayè yo pou l ka ranmase grenn ki rete dèyè. Depi l rive la a, li travay san rete, sof lè pou l te pran yon ti poz tou kout.”
Rit 2:1-7 New International Version (NIV)
Now Naomi had a relative on her husband’s side, a man of standing from the clan of Elimelek, whose name was Boaz. And Ruth the Moabite said to Naomi, “Let me go to the fields and pick up the leftover grain behind anyone in whose eyes I find favor.” Naomi said to her, “Go ahead, my daughter.” So she went out, entered a field and began to glean behind the harvesters. As it turned out, she was working in a field belonging to Boaz, who was from the clan of Elimelek. Just then Boaz arrived from Bethlehem and greeted the harvesters, “The LORD be with you!” “The LORD bless you!” they answered. Boaz asked the overseer of his harvesters, “Who does that young woman belong to?” The overseer replied, “She is the Moabite who came back from Moab with Naomi. She said, ‘Please let me glean and gather among the sheaves behind the harvesters.’ She came into the field and has remained here from morning till now, except for a short rest in the shelter.”
Rit 2:1-7 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Noémi avait un parent du côté de son mari, un homme de valeur influent, de la famille d’Elimélek, nommé Booz. Ruth la Moabite dit à Noémi : Permets-moi d’aller aux champs ramasser des épis laissés par les moissonneurs. J’irai derrière celui qui m’accueillera aimablement. Noémi lui répondit : Va ma fille. Ruth partit donc et se mit à glaner dans les champs derrière les moissonneurs. Il arriva par hasard qu’elle se trouvait dans un champ appartenant à Booz, ce parent d’Elimélek. Un peu plus tard, Booz lui-même vint de Bethléhem et salua les moissonneurs en leur disant : Que l’Eternel soit avec vous ! Ils lui répondirent : Que l’Eternel te bénisse ! Booz demanda au serviteur qui était responsable des moissonneurs : A qui est cette jeune femme ? Le responsable des moissonneurs lui répondit : C’est la jeune Moabite qui est revenue avec Noémi des plaines de Moab. Elle nous a demandé la permission de glaner les épis entre les gerbes derrière les moissonneurs. Elle est venue ce matin et, depuis, elle a été à pied d’œuvre jusqu’à maintenant et s’est à peine reposée un instant.