Rit 1:14-18
Rit 1:14-18 1998 Haïtienne (HAT98)
Medanm yo pran rele pi rèd. Apre sa, Opa bo bèlmè li a, li di l orevwa, epi l'al jwenn fanmi li. Men, Rit menm te refize kite l. Nawomi di l konsa: — Rit machè! Gade bèlsè ou la! Li tounen l'al jwenn moun li yo ansanm ak bondye l'ap sèvi yo. Fè menm jan an tou. Tounen ansanm avè l non! Men, Rit reponn: — Pa fòse m kite ou! Tanpri, kite m ale avè ou. Kote ou prale, mwen prale avè ou. Kote ou rete, m'a rete avè ou. Se moun pa ou yo ki va moun pa m. Bondye w'ap sèvi a, se li m'a sèvi tou. Kote w'a mouri a, se la m'a mouri tou. Epi se la y'a antere m tou. Mwen mande Senyè a pou l ban mwen pi gwo madichon ki ka genyen, si se pa lanmò ki pou separe nou. Lè Nawomi wè Rit te sòti vre pou ale avè l, li pa di l anyen ankò.
Rit 1:14-18 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Alors les deux jeunes femmes recommencent à pleurer beaucoup. Puis Orpa dit au revoir à sa belle-mère en l’embrassant. Mais Ruth décide de rester avec elle. Noémi dit à Ruth : « Regarde, ta belle-sœur est retournée vers son peuple et vers le dieu de son peuple. Fais comme elle, rentre chez toi ! » Mais Ruth répond : « Ne me force pas à te quitter pour rentrer chez moi. Là où tu iras, j’irai. Là où tu habiteras, j’habiterai. Ton peuple sera mon peuple, et ton Dieu sera mon Dieu. Là où tu mourras, je mourrai, et là on m’enterrera. Que le SEIGNEUR me punisse très sévèrement si ce n’est pas la mort qui me sépare de toi ! » Quand Noémi voit que Ruth veut à tout prix venir avec elle, elle n’insiste plus.
Rit 1:14-18 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Lè sa a yo tout te pran kriye ankò. Òpa anbrase bèlmè li Nawomi epi di li orevwa. Men Rit menm pa t vle kite Nawomi ale. Li deside rete ak Nawomi. Nawomi di Rit: “Ou wè, men bèlsè ou kase tèt tounen lakay li pou l al sèvi pwòp dye pa li yo. Fè sa tou, ale avèk li.” Men, Rit reponn: “Pa fòse m kite w ale poukont ou. Kote ou fè, se la m ap fè. Kote ou dòmi, se la m ap dòmi. Pèp pa w la, se li k i va pèp pa mwen. Bondye pa w la, se li ki va Bondye m tou. Kote ou mouri, se la m vle mouri, kote ou antere se la m vle antere tou. Se pou SENYÈ a ta pini m trè di si se pa ta lanmò sèlman ki ta separe m ak ou.” Lè Nawomi wè Rit pa deside vire do kite l, li sispann fòse l.
Rit 1:14-18 New International Version (NIV)
At this they wept aloud again. Then Orpah kissed her mother-in-law goodbye, but Ruth clung to her. “Look,” said Naomi, “your sister-in-law is going back to her people and her gods. Go back with her.” But Ruth replied, “Don’t urge me to leave you or to turn back from you. Where you go I will go, and where you stay I will stay. Your people will be my people and your God my God. Where you die I will die, and there I will be buried. May the LORD deal with me, be it ever so severely, if even death separates you and me.” When Naomi realized that Ruth was determined to go with her, she stopped urging her.
Rit 1:14-18 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Alors les deux belles-filles se remirent à sangloter. Finalement, Orpa embrassa sa belle-mère, mais Ruth resta avec elle. Noémi lui dit : Regarde : ta belle-sœur est partie rejoindre son peuple et ses dieux, fais comme elle : retourne chez les tiens ! Mais Ruth lui répondit : N’insiste pas pour que je te quitte et que je me détourne de ta route ; partout où tu iras, j’irai ; où tu t’installeras, je m’installerai ; ton peuple sera mon peuple et ton Dieu sera mon Dieu. Là où tu mourras, je mourrai aussi et j’y serai enterrée. Que l’Eternel me punisse avec la plus grande sévérité, si autre chose que la mort me sépare de toi ! Devant une telle résolution à la suivre, Noémi cessa d’insister