Women 9:10-26
Women 9:10-26 1998 Haïtienne (HAT98)
Se poko fin tout koze a sa. Gen Rebeka tou. Li te fè de pitit pou yon sèl papa. Se te Izarak, zansèt nou. Men, Bondye gen jan pa l pou l chwazi moun. Bondye pa chwazi yon moun paske moun lan fè anyen pou sa, men paske Bondye vle chwazi li. Enben, pou fè nou wè se konsa li toujou fè, Bondye pale ak Rebeka anvan menm timoun yo te fèt, anvan menm yo te fè anyen ni an byen ni an mal. Li di l konsa: Pi gran an gen pou sèvi pi piti a. Dapre sa ki te ekri: Mwen pi fèb pou Jakòb pase Ezayi. Bon, kisa sa vle di? Bondye genlè ap fè lenjistis? Men non. Chonje sa Bondye te di Moyiz: M'a gen pitye pou moun mwen vle gen pitye, M'a louvri kè m pou moun mwen vle. Se sa ki fè sa pa depann ni sou volonte lèzòm, ni sou jefò yo fè. Se sèl Bondye sa regade nan kè sansib li. Paske nan Liv la, men sa Bondye di farawon an: Se mwen ki fè ou wa tout espre, pou lè moun wè ou, yo ka wè pouvwa mwen, pou moun ka mache fè konnen non mwen toupatou sou latè. Konsa, Bondye gen pitye pou moun li vle, li fè moun li vle kenbe tèt ak li. Kounyeya, n'a mande m: Si se konsa, kisa Bondye gen pou repwoche moun? Ki moun ki janm kenbe tèt ak Bondye? Monchè, pito ou mande: kisa m ye pou m ap diskite ak Bondye konsa? Pran yon krich: eske krich la ka pale ak moun ki fè l la pou l mande l: Poukisa se konsa ou fè m? Moun k'ap pare tè pou fè krich, li gendwa fè sa li vle ak tè a. Li ka travay yon bèl krich byen chè epi yon krich bon mache. Nou pa gen anyen pou n di Bondye ankò. Li vle fè nou wè kòlè li, anmenmtan li vle fè nou konnen pouvwa li. Se poutèt sa, avèk anpil pasyans li sipòte tout moun ki te merite kòlè li epi ki te tou bon pou mouri. Li te vle fè nou wè tou kantite bèl bagay li sere pou moun lè li gen pitye pou yo, pou nou menm li te pare davans pou resevwa bèl bagay li yo. Lè m di nou menm lan, m'ap pale sou tout moun li rele, non sèlman nan jwif yo, men nan moun lòt nasyon yo tou. Se sa menm li di nan liv pwofèt Oze a: Moun ki pat pèp mwen an, se yo menm m'a rele pèp mwen. Nasyon mwen pat renmen an, se li menm m'a rele cheri mwen. Tout kote yo t'ap di se pa pèp mwen yo ye, se la y'a rele yo pitit Bondye ki vivan an.
Women 9:10-26 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Ce n’est pas tout : il y a aussi Rébecca. Elle a eu deux enfants du même père, notre ancêtre Isaac. Ses enfants n’étaient pas encore nés, ils n’avaient encore fait ni bien ni mal. Pourtant Dieu a dit à Isaac : le frère aîné servira le plus jeune. Les Livres Saints le disent : « J’ai préféré Jacob à Ésaü. » Ceci s’est passé pour que le projet de Dieu se réalise. Dieu choisit les gens librement, ce choix ne dépend pas de leurs actes, mais il dépend seulement de Dieu qui les appelle. Qu’est-ce que cela veut dire ? Est-ce que Dieu est injuste ? Sûrement pas ! En effet, il a dit à Moïse : « J’aurai pitié de qui je veux avoir pitié, je serai bon avec qui je veux être bon. » Donc la bonté de Dieu ne dépend pas de ce que les gens veulent, ni de leurs efforts, mais elle dépend seulement de Dieu qui a pitié. Dans les Livres Saints, Dieu dit au roi d’Égypte : « Je t’ai fait roi pour montrer ma puissance en toi et pour faire connaître mon nom sur toute la terre. » On le voit, Dieu a pitié de qui il veut, et il ferme le cœur de qui il veut. Mais alors, tu vas me dire : « Dieu fait encore des reproches, pourquoi donc ? En effet, qui peut résister à ce qu’il veut ? » Mais qui es-tu, toi, pour discuter avec Dieu ? Est-ce que le plat demande à celui qui l’a fait : « Pourquoi est-ce que tu m’as fait comme cela ? » Est-ce que le potier ne peut pas faire ce qu’il veut avec son argile ? Avec la même terre, est-ce qu’il ne peut pas faire un joli plat et un plat ordinaire ? Dieu a voulu montrer sa colère et faire connaître sa puissance. Pourtant, les êtres humains qui méritaient sa colère et qui allaient être condamnés, il les a supportés avec beaucoup de patience. Aux autres, il a montré sa pitié. Il a voulu leur faire connaître sa grande gloire, il les a préparés à recevoir cette gloire. Et ces gens-là, c’est nous. Il nous a appelés non seulement parmi les Juifs, mais aussi parmi ceux qui ne sont pas juifs. Dieu dit cela dans le livre du prophète Osée : « Celui qui n’était pas mon peuple, je l’appellerai “Mon Peuple”. Le peuple que je n’aimais pas, je l’appellerai “Peuple Aimé”. Et là où on avait dit aux gens : “Vous n’êtes pas mon peuple”, on les appellera fils du Dieu vivant. »
Women 9:10-26 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Men se pa sa sèlman. Genyen Rebeka tou. Li te ansent epi li fè de jimo, de pitit pou yon sèl papa, Izarak, zansèt nou. Anvan menm de pitit sa yo te fèt, lè yo pa t ko fè ni sa k byen ni sa k mal, Bondye te di Rebeka: “Pi gran an ap sèvitè pi piti a.” Sa fèt konsa, paske plan Bondye, chwa Bondye pa chita sou sa yon moun fè, men li chita sou Bondye li menm. Jan Bib la di sa: “M renmen Jakòb, men m rayi Ezayi.” Kisa pou n ta di sou sa? “Èske sa vle di Bondye ta enjis?” Non, se pa sa ditou! Bondye te di Moyiz: “M ap fè moun mwen vle gras. M ap gen pitye pou moun mwen chwazi gen pitye.” Konsa, gras Bondye pa depann de moun ki vle oubyen de moun ki kouri byen nan kous la, men sa depann de Bondye sèlman ki chwazi moun li vle. Nan Bib la, Bondye di Farawon konsa: “M te chwazi fè w vin wa poutèt pou m ka montre puisans mwen nan relasyon m avèk ou, epi pou yo ka konnen ki moun mwen ye toupatou sou latè.” Konsa, Bondye fè moun li vle gras, epi li fèmen kè moun li vle. Kounye a, youn nan nou ta ka mande: “Enben, pou kisa Bondye ap blame nou pou zafè peche ankò? Paske, ki moun ki ka kenbe tèt ak Bondye?” Men, kisa w ye ou menm pou w ap kenbe tèt ak Bondye? Èske yon asyèt an ajil ka mande moun ki fè l la: “Pou kisa ou fè m konsa?” Èske moun ki fè po flè a pa ka fè sa l vle ak tè ajil la? Èske l pa ka fè yon bèl asyèt an ajil ak menm tè sa pou okazyon espesyal, epi yon lòt asyèt òdinè? Se menm jan an pou Bondye tou. Li te vle montre kòlè li epi li fè moun wè puisans li. Men l sipòte moun li te fache kont yo ak anpil pasyans, moun ki tou pare pou yo peri. Li t ap tann ak pasyans pou l te fè pèp li chwazi a konnen grandè laglwa li, pou yo resevwa gras li. Bondye te deja prepare yo pou yo patisipe nan glwa li. Se nou menm Bondye rele soti nan mitan Jwif yo, anplis li mande nou soti nan mitan moun ki pa Jwif yo tou. Se sa Bondye deklare pa mwayen pwofèt Oze: “Pèp ki pa t pèp mwen an, m ap rele l pèp mwen. Epi nasyon m pa t renmen an, m ap rele l nasyon byenneme m nan.” Epi
Women 9:10-26 New International Version (NIV)
Not only that, but Rebekah’s children were conceived at the same time by our father Isaac. Yet, before the twins were born or had done anything good or bad—in order that God’s purpose in election might stand: not by works but by him who calls—she was told, “The older will serve the younger.” Just as it is written: “Jacob I loved, but Esau I hated.” What then shall we say? Is God unjust? Not at all! For he says to Moses, “I will have mercy on whom I have mercy, and I will have compassion on whom I have compassion.” It does not, therefore, depend on human desire or effort, but on God’s mercy. For Scripture says to Pharaoh: “I raised you up for this very purpose, that I might display my power in you and that my name might be proclaimed in all the earth.” Therefore God has mercy on whom he wants to have mercy, and he hardens whom he wants to harden. One of you will say to me: “Then why does God still blame us? For who is able to resist his will?” But who are you, a human being, to talk back to God? “Shall what is formed say to the one who formed it, ‘Why did you make me like this?’ ” Does not the potter have the right to make out of the same lump of clay some pottery for special purposes and some for common use? What if God, although choosing to show his wrath and make his power known, bore with great patience the objects of his wrath—prepared for destruction? What if he did this to make the riches of his glory known to the objects of his mercy, whom he prepared in advance for glory— even us, whom he also called, not only from the Jews but also from the Gentiles? As he says in Hosea: “I will call them ‘my people’ who are not my people; and I will call her ‘my loved one’ who is not my loved one,” and, “In the very place where it was said to them, ‘You are not my people,’ there they will be called ‘children of the living God.’ ”
Women 9:10-26 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Et ce n’est pas tout : Rébecca eut des jumeaux nés d’un seul et même père, de notre ancêtre Isaac. Or, Dieu a un plan qui s’accomplit selon son libre choix et qui dépend, non des actions des hommes, mais uniquement de la volonté de celui qui appelle. Et pour que ce plan demeure, c’est avant même la naissance de ces enfants, et par conséquent avant qu’ils n’aient fait ni bien ni mal, que Dieu dit à Rébecca : L’aîné sera assujetti au cadet . Ceci s’accorde avec cet autre texte de l’Ecriture : J’ai aimé Jacob, et j’ai écarté Esaü . Mais alors, que dire ? Dieu serait-il injuste ? Loin de là ! Car il a dit à Moïse : Je ferai grâce à qui je veux faire grâce, j’aurai compassion de qui je veux avoir compassion . Cela ne dépend donc ni de la volonté de l’homme, ni de ses efforts, mais de Dieu qui fait grâce. Dans l’Ecriture, Dieu dit au pharaon : Voici pourquoi je t’ai fait parvenir où tu es : pour montrer en toi ma puissance et pour que ma renommée se répande par toute la terre . Ainsi donc, Dieu fait grâce à qui il veut et il endurcit qui il veut. Tu vas me dire : pourquoi alors fait-il encore des reproches ? Car qui a jamais pu résister à sa volonté ? Mais, qui es-tu donc toi, un homme, pour critiquer Dieu ? L’ouvrage demandera-t-il à l’ouvrier : « Pourquoi m’as-tu fait ains i ? » Le potier n’a-t-il pas le droit, à partir du même bloc d’argile, de fabriquer un pot d’usage noble et un autre pour l’usage courant ? Et qu’as-tu à redire si Dieu, parce qu’il voulait montrer sa colère et faire connaître sa puissance, a supporté avec une immense patience ceux qui étaient les objets de sa colère, tout prêts pour la destruction ? Oui, qu’as-tu à redire si Dieu a agi ainsi pour manifester la richesse de sa gloire en faveur de ceux qui sont les objets de sa compassion, ceux qu’il a préparés d’avance pour la gloire ? C’est nous qui sommes les objets de sa compassion, nous qu’il a appelés non seulement d’entre les Juifs, mais aussi d’entre les non-Juifs. C’est ce qu’il dit dans le livre du prophète Osée : Celui qui n’était pas mon peuple, ╵ je l’appellerai « mon peuple ». Celle qui n’était pas la bien-aimée, ╵ je la nommerai « bien-aimée » . Au lieu même où on leur avait dit : « Vous n’êtes pas mon peuple », on leur dira alors : « Vous êtes les enfants du Dieu vivant . »