Women 7:7-13
Women 7:7-13 1998 Haïtienne (HAT98)
Nan kondisyon sa a, kisa n'a di? Eske lalwa se peche? Non, wete sa nan tèt ou. Men, se lalwa a ki fè m konnen sa peche ye. Se konsa mwen pa ta janm konnen kisa ki rele gen lanvi, si lalwa pat di m: Piga ou janm pote lanvi sou sa k pa pou nou. Peche a pwofite okazyon kòmandman an pou l fè m gen tout kalite lanvi nan kè mwen. San lalwa a, peche mouri. Pou mwen menm, nan tan lontan, lè m te san lalwa, mwen te vivan. Men, lè kòmandman an vin rive, peche a vin vivan ankò. Epi mwen menm, mwen mouri. Se konsa kòmandman ki te pou ban m lavi a, se li menm ki ban m lanmò. Peche a pwofite okazyon an, li twonpe m ak kòmandman an. Se konsa, li fè mwen mouri ak tout kòmandman an. Men, lalwa a se yon bagay ki sòti nan Bondye. Kòmandman an tou, se Bondye ki bay li, se konsa li dwat epi li bon. Eske nou ka di sa ki bon an tounen yon kòz lanmò pou nou? Non, monchè! Men, se peche ki lakòz sa. Peche fè nou wè sa li menm li ye vre: li sèvi ak sa ki bon an pou l fè mwen mouri. Se konsa, avèk kòmandman an, peche a kanpe pi rèd toujou.
Women 7:7-13 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Alors, qu’est-ce que cela veut dire ? Est-ce que la loi appartient au péché ? Sûrement pas ! Mais j’ai connu le péché seulement par la loi. En effet, je ne pouvais pas connaître les désirs mauvais sans ce commandement de la loi : « Tu n’auras pas de désirs mauvais. » Le péché a profité de l’occasion, il s’est servi du commandement pour produire en moi toutes sortes de désirs mauvais. Le péché, c’est une chose morte, s’il n’y a pas de loi. Autrefois, quand il n’y avait pas de loi, j’étais vivant. Mais quand le commandement est venu, c’est le péché qui est devenu vivant, et moi, je suis mort. C’est pourquoi le commandement qui devait me conduire à la vie m’a conduit à la mort. Oui, le péché a profité de l’occasion, il s’est servi du commandement pour me tromper et ainsi, il m’a fait mourir. Mais la loi est sainte, et le commandement est saint, juste et bon. Alors, est-ce qu’une chose bonne peut faire mourir ? Sûrement pas ! Mais le péché s’est servi d’une chose bonne pour me donner la mort. De cette façon, le commandement a permis de reconnaître combien le péché est mauvais et de montrer toute sa violence.
Women 7:7-13 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Ki sa nou ta panse m vle di? Lalwa ak peche se menm bagay? Se pa sa ditou! Men se Lalwa ki fè m konnen sa peche ye. M pa t ap janm konnen li pa bon pou m pote lanvi sou sa k pa pou mwen. Men Lalwa di: “Ou pa dwe pote lanvi sou zafè lòt moun.” Peche pwofite okazyon an pou l sèvi ak kòmannman an pou fè m gen tout kalite vye lanvi. Peche pa egziste, si pa gen lalwa. Anvan Lalwa te egziste, mwen te vivan. Men, lè kòmannman an vini, se peche ki vin vivan. Konsa, mwen menm, mwen mouri. Kòmannman an, se pou m te ka viv, men pou mwen, se lanmò li pote. Peche a pwofite okazyon an, li sèvi ak kòmannman an pou l twonpe m epi pou l fè m fè eksperyans lanmò. Alò, Lalwa se yon bagay ki sen. Kòmannman an, li sen epi li bon. Èske sa ta vle di yon bagay ki bon se lanmò li ta pote pou mwen? Pa ditou! Men peche sèvi ak yon bon kòmannman pou fè m mouri. Sa fè n konprann kijan peche se yon bagay ki tèrib toutbon. Li ka sèvi ak yon bon kòmannman pou bay yon rezilta ki montre kijan peche se yon move bagay.
Women 7:7-13 New International Version (NIV)
What shall we say, then? Is the law sinful? Certainly not! Nevertheless, I would not have known what sin was had it not been for the law. For I would not have known what coveting really was if the law had not said, “You shall not covet.” But sin, seizing the opportunity afforded by the commandment, produced in me every kind of coveting. For apart from the law, sin was dead. Once I was alive apart from the law; but when the commandment came, sin sprang to life and I died. I found that the very commandment that was intended to bring life actually brought death. For sin, seizing the opportunity afforded by the commandment, deceived me, and through the commandment put me to death. So then, the law is holy, and the commandment is holy, righteous and good. Did that which is good, then, become death to me? By no means! Nevertheless, in order that sin might be recognized as sin, it used what is good to bring about my death, so that through the commandment sin might become utterly sinful.
Women 7:7-13 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Que dire maintenant ? La Loi se confond-elle avec le péché ? Loin de là ! Seulement, s’il n’y avait pas eu la Loi, je n’aurais pas connu le péché, et je n’aurais pas su ce qu’est la convoitise si la Loi n’avait pas dit : Tu ne convoiteras pas . Mais alors le péché, prenant appui sur le commandement, a suscité en moi toutes sortes de désirs mauvais. Car, sans la Loi, le péché est sans vie. Pour ma part, autrefois sans la Loi, je vivais, mais quand le commandement est intervenu, le péché a pris vie, et moi je suis mort. Ainsi, ce qui s’est produit pour moi, c’est que le commandement qui devait conduire à la vie m’a conduit à la mort. Car le péché a pris appui sur le commandement : il m’a trompé et m’a fait mourir en se servant du commandement. Ainsi, la Loi elle-même est sainte, et le commandement est saint, juste et bon. Ce qui est bon est-il devenu pour moi une cause de mort ? Loin de là ! C’est le péché ! En effet, il a provoqué ma mort en se servant de ce qui est bon, et a de la sorte manifesté sa nature de péché et son excessive perversité par le moyen du commandement.