Women 6:1-8
Women 6:1-8 1998 Haïtienne (HAT98)
Nan kondisyon sa a, kisa n'a di? Eske nou mèt kontinye ap viv toujou nan peche pou favè Bondye a ka vin pi plis toujou? Non, sa pa ka fèt. Poukisa? Se paske annegad peche, nou mouri. Kijan pou nou ta fè kontinye ap viv nan peche toujou? Eske nou pa konn sa: nou tout ki resevwa batèm pou n te fè yonn ak Jezikri, avèk batèm sa a nou te fè yonn avè l nan lanmò li. Se sa k fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l, nou te mouri ansanm avè l tou. Men, menm jan Papa a te fè l leve sòti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi. Menm jan nou fè yonn ak li paske nou te mouri yon jan tankou li menm li te mouri a, konsa tou n'a fè yonn avè li, paske n'a leve sòti vivan nan lanmò tankou l tou. Konnen sa byen: Vye moun nou te ye anvan an, li krisifye avèk Kris sou lakwa. Sa fèt dekwa pou vye kò peche a kapab detwi. Konsa, nou pa esklav peche ankò. Moun ki mouri, li delivre anba pouvwa peche. Si nou mouri ansanm ak Kris la, nou kwè nava viv tou ansanm avè li.
Women 6:1-8 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Alors, qu’est-ce que cela veut dire ? Est-ce que nous devons continuer à pécher pour que les bienfaits de Dieu se répandent en abondance ? Sûrement pas ! Nous sommes passés par une mort qui nous a séparés du péché. Alors, comment pouvons-nous vivre encore dans le péché ? Vous le savez bien : notre baptême, en nous unissant au Christ Jésus, nous a tous unis à sa mort. Donc, par le baptême, nous avons été plongés avec lui dans la mort. Mais la puissance glorieuse du Père a réveillé le Christ de la mort, pour que, nous aussi, nous vivions d’une vie nouvelle. En effet, nous avons été totalement unis à lui au moment où nous sommes morts avec lui. De même, nous serons unis à lui en nous levant comme lui de la mort. Comprenons bien ceci : ce que nous étions avant a été cloué sur la croix avec le Christ. Alors le péché qui fait partie de nous-mêmes est détruit, et nous ne sommes plus esclaves du péché. Oui, celui qui est mort est libéré du péché. Mais si nous sommes morts avec le Christ, nous croyons que nous vivrons aussi avec lui.
Women 6:1-8 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Kounye a, kisa pou n di? Èske n ka kontinye ap peche pou fè gras Bondye vin pi plis? Se pa sa ditou! Pou sa k gen pou wè ak peche, nou se moun mouri. Kòman pou n ta fè kontinye ap viv nan peche ankò? Èske nou pa sonje lè nou te batize nan Kris la, se nan lanmò li nou te batize? Konsa, lè nou te batize a, nou te antere ak Kris epi se kòm si nou te mouri avè l. Epi, menm jan Kris te resisite a, gras ak mèvèy pouvwa Papa a, menm jan an tou, nou ka viv yon lavi tou nèf. Kounye a, nou vin fè youn ak li pa mwayen lanmò li. Konsa tou, n ap fè youn ak li nan rezireksyon li. Nou konnen ansyen moun nan te mouri nan nou menm sou lakwa avèk Kris. Se kon sa lavi esklav nou te genyen an te detwi nèt, poutèt pou n pa esklav peche ankò. Paske, lè yon moun mouri, li soti anba kontwòl peche. Men si nou mouri avèk Kris, nou kwè n ap viv avèk li tou.
Women 6:1-8 New International Version (NIV)
What shall we say, then? Shall we go on sinning so that grace may increase? By no means! We are those who have died to sin; how can we live in it any longer? Or don’t you know that all of us who were baptized into Christ Jesus were baptized into his death? We were therefore buried with him through baptism into death in order that, just as Christ was raised from the dead through the glory of the Father, we too may live a new life. For if we have been united with him in a death like his, we will certainly also be united with him in a resurrection like his. For we know that our old self was crucified with him so that the body ruled by sin might be done away with, that we should no longer be slaves to sin— because anyone who has died has been set free from sin. Now if we died with Christ, we believe that we will also live with him.
Women 6:1-8 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Que dire maintenant ? Persisterons-nous dans le péché pour que la grâce abonde ? Loin de là ! Puisque nous sommes morts pour le péché, comment pourrions-nous vivre encore dans le péché ? Ne savez-vous pas que nous, qui avons été baptisés pour Jésus-Christ, c’est en relation avec sa mort que nous avons été baptisés ? Nous avons donc été ensevelis avec lui par le baptême en relation avec sa mort afin que, comme Christ a été ressuscité par la puissance glorieuse du Père, nous aussi, nous menions une vie nouvelle. Car si nous avons été unis à lui par une mort semblable à la sienne, nous le serons aussi par une résurrection semblable à la sienne. Comprenons donc que l’homme que nous étions autrefois a été crucifié avec Christ afin que le péché dans ce qui fait sa force soit réduit à l’impuissance et que nous ne soyons plus esclaves du péché. Car celui qui est mort a été déclaré juste : il n’a plus à répondre du péché. Or, puisque nous sommes morts avec Christ, nous croyons que nous vivrons aussi avec lui.