Women 3:21-31

Women 3:21-31 1998 Haïtienne (HAT98)

Men kounyeya, Bondye fè nou wè ki jan li fè moun gras. Lalwa pa gen anyen pou wè nan sa. Se sa liv lalwa a ansanm ak liv pwofèt yo di nou tou. Se lè moun mete konfyans yo nan Jezikri Bondye fè yo gras. Li fè l pou tout moun ki kwè nan Kris la, paske yo tout se menm. Tout moun peche, Bondye ki gen pouvwa a bay yo tout do. Men Bondye ki renmen yo, li fè yo gras. Li fè sa pou yo gratis, gremesi Jezikri ki vin delivre yo. Se li menm, Jezikri, Bondye te destine pou sakrifye. Li bay san li pou tout moun ki mete konfyans yo nan li ka jwenn padon peche yo. Bondye te vle moutre nou kijan li fè nou gras. Nan tan lontan, Bondye te pran pasyans. Li pa te pini peche moun fè. Men kounyeya, li moutre nou ki jan l'ap fè moun gras, paske li fè nou wè se li menm ki gen rezon, anmenmtan l'ap fè tout moun ki kwè nan Jezi yo gras. Bon, nan kondisyon sa a, ki rezon moun genyen pou y'ap fè grandizè? Pa gen pyès rezon. Poukisa? Eske se paske yo fè sa lalwa mande? Non. Se paske yo fè Bondye konfyans. Nou kenbe sa nou di a: se paske yon moun gen konfyans nan Bondye kifè Bondye fè l gras, se pa paske li fè sa lalwa mande. Eske Bondye se Bondye jwif yo sèlman? Eske li pa Bondye moun lòt nasyon yo tou? Men wi, li se Bondye moun lòt nasyon yo tou. Paske se yon sèl Bondye a ki genyen. L'ap fè moun ki sikonsi yo gras paske yo gen konfyans nan li. Konsa tou, l'ap fè moun ki pa sikonsi yo gras paske yo menm tou yo gen konfyans nan li. Bon, jan nou pale la a, eske konfyans nan Bondye fè lalwa pèdi valè li? Non, se lekontrè. Se lè sa a atò nou mete lalwa a nan vrè plas li.

Women 3:21-31 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Mais maintenant, Dieu a montré de quelle façon il nous rend justes sans la loi. La loi de Moïse elle-même et les prophètes prouvent cela. Dieu rend justes les êtres humains par leur foi en Jésus-Christ. Il le fait pour tous ceux qui croient au Christ, parce qu’il n’y a pas de différence entre eux : tous ont péché et tous sont privés de la gloire de Dieu. Mais dans sa bonté, Dieu les rend justes gratuitement par Jésus-Christ, qui les libère du péché. Dieu l’a offert en sacrifice. Alors par sa mort, le Christ obtient le pardon des péchés pour ceux qui croient en lui. Ainsi Dieu a voulu montrer qu’il est toujours juste : il l’était autrefois, quand il a été patient et n’a pas puni les péchés des êtres humains. Mais il est juste aujourd’hui, puisqu’il veut à la fois être juste et rendre justes ceux qui croient en Jésus. Alors, est-ce qu’il y a encore des raisons de se vanter ? Non, pas du tout ! Pourquoi donc ? Parce que, ce qui compte, ce n’est pas d’obéir à la loi, c’est de croire. Oui, nous pensons ceci : les êtres humains sont rendus justes parce qu’ils croient, et non parce qu’ils font ce que la loi demande. Ou alors, est-ce que Dieu est seulement le Dieu des Juifs ? Est-ce qu’il n’est pas aussi le Dieu des autres ? Si, bien sûr, il est aussi le Dieu des autres peuples, parce qu’il n’y a qu’un seul Dieu. C’est lui qui va rendre justes les Juifs à cause de leur foi, c’est lui aussi qui va rendre justes les autres peuples à cause de leur foi. Donc, quand nous croyons, est-ce que nous rendons la loi inutile ? Sûrement pas ! Au contraire, nous donnons à la loi toute sa valeur.

Women 3:21-31 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Men kounye a, Bondye montre nou kijan li fidèl epi li jis. Se vre, lè Lalwa Moyiz la, ansanm ak pwofèt yo, yo te di sa gen pou rive, men fason li aji pa gen anyen pou wè ak Lalwa. Fidelite Jezikris fè nou konnen kijan Bondye bon epi fidèl. Sa a se pou tout moun ki mete konfyans yo nan li. M di tout moun, paske pou Bondye, tout moun se menm, li pa fè okenn diferans. Wi, tout moun fè peche, yo pa merite pataje laglwa prezans Bondye. Men Bondye deside fè nou tout gras nan delivre nou anba peche, pa mwayen Jezikris. Bondye ofri Jezi kòm yon mwayen pou l padone peche moun. Li te rive fè sa paske Jezi te rete fidèl jiska lafen. San l te koule epi li mouri sou kwa a pou chak moun. Sa montre kijan Bondye bon epi fidèl nan reyalize pwomès li te fè. Li te fidèl nan tan pase yo, li pa t pini moun poutèt peche yo. Li montre sa, nan tan pa nou an tou, kijan li fidèl nan kenbe pwomès li. Lè l bay Jezi kòm ofrann, se montre l montre kijan li jis epi kijan li aksepte moun ki patisipe nan fidelite Jezi a tankou moun ki jis. Konsa, pou noumenm Jwif, kisa ki rete pou fè fyète nou? Anyen. Bondye fèmen pòt tout fyète pou Jwif yo. Ki lwa ki di sa? Lalwa ki egzije zèv yo? Non, se lalwa ki mande pou n gen lafwa a. Mwen vle di, nou vin moun Bondye aksepte pa mwayen lafwa nou, men se pa poutèt sa nou fè nan swiv lalwa. Se sa nou kwè. Oubyen, èske Bondye se Bondye Jwif yo sèlman? Èske n panse Bondye pa Bondye pèp ki pa Jwif yo tou? Wi, li se Bondye pèp ki pa Jwif yo tou. Poutèt nou dakò se yon sèl Bondye ki genyen. Epi li p ap aksepte Jwif ki gen lafwa kòm moun ki jis devan l sèlman, men l ap aksepte moun ki pa Jwif yo ki gen lafwa, kòm moun ki jis devan l tou. Lè sa a, èske lafwa ranplase Lalwa? Paditou! Okontrè, sa m di la a, li konfime sa Lalwa vle fè.

Women 3:21-31 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Mais maintenant Dieu a manifesté, sans faire intervenir la Loi, la justice qu’il nous accorde et à laquelle les livres de la Loi et des prophètes rendent témoignage. Dieu déclare les hommes justes par leur foi en Jésus-Christ, et cela s’applique à tous ceux qui croient, car il n’y a pas de différence entre les hommes. Tous ont péché, en effet, et sont privés de la gloire de Dieu, et ils sont déclarés justes par sa grâce ; c’est un don que Dieu leur fait par le moyen de la délivrance apportée par Jésus-Christ. C’est lui que Dieu a offert comme une victime destinée à expier les péchés, pour ceux qui croient en son sacrifice. Dieu montre ainsi qu’il est juste parce qu’il avait laissé impunis les péchés commis autrefois, au temps de sa patience. Il montre aussi qu’il est juste dans le temps présent : il est juste tout en déclarant juste celui qui croit en Jésus. Reste-t-il encore une raison de se vanter ? Non, cela est exclu. En vertu de quel principe ? Celui de l’obéissance à la Loi ? Non, mais selon le principe de la foi. Voici donc ce que nous affirmons : l’homme est déclaré juste par la foi sans qu’il ait à accomplir les œuvres qu’exige la Loi. Ou alors : Dieu serait-il seulement le Dieu des Juifs ? N’est-il pas aussi le Dieu des non-Juifs ? Bien sûr, il est aussi le Dieu des non-Juifs. Car il n’y a qu’un seul Dieu qui justifie les Juifs en raison de leur foi et qui justifie aussi les non-Juifs au moyen de leur foi. Mais alors, est-ce que nous annulons la Loi au moyen de la foi ? Loin de là ! Nous confirmons la Loi.