Women 2:17-24
Women 2:17-24 1998 Haïtienne (HAT98)
Ou menm ki jwif, ou kache kò ou dèyè lalwa. W'ap vante tèt ou deske ou konn Bondye. Ou konnen sa Bondye vle ou fè. Lalwa a moutre ou jan pou chwazi sa ki byen. Ou mete nan tèt ou ou ka moutre moun ki pa wè yo chemen pou yo pran. Ou konprann se yon limyè ou ye pou moun ki nan fènwa, yon gid pou iyoran, yon mèt pou moun lespri timoun. Ou mete tou sa nan tèt ou paske ou sèten ou jwenn tout konesans ak tout verite nan lalwa a. Enben, ou menm k'ap bay lòt yo leson, poukisa ou pa bay tèt ou leson tou? W'ap mande moun pou yo pa vòlò, epi w'ap vòlò: w'ap defann moun fè adiltè epi ou menm, w'ap fè adiltè! Ou di ou rayi zidòl, epi w'ap piye tanp zidòl yo! Wi, ou menm k'ap vante tèt ou deske ou gen lalwa Bondye a, ou se yon wont pou Bondye, pou jan w'ap dezobeyi lalwa a! Se sa menm ki te ekri: Se nou menm jwif yo ki lakòz moun lòt nasyon yo ap plede pale Bondye mal konsa.
Women 2:17-24 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Toi qui portes le nom de Juif, tu t’appuies sur la loi et tu es fier de ton Dieu. Tu connais sa volonté, et avec l’aide de la loi, tu es capable de choisir ce qui est bien. Tu es sûr d’être le guide des aveugles, la lumière de ceux qui sont dans la nuit, le professeur des ignorants, le maître des petits. Oui, tu es sûr que la loi te présente parfaitement la connaissance et la vérité. Eh bien, toi qui enseignes les autres, tu ne t’enseignes pas toi-même ! Tu recommandes de ne pas voler, mais tu voles ! Tu interdis l’adultère, mais toi, tu le commets. Tu détestes les faux dieux, mais tu voles ce qui est dans leurs temples ! Tu es fier d’avoir la loi, mais tu n’obéis pas à la loi, et par là, tu enlèves à Dieu son honneur. En effet, dans les Livres Saints on lit : « À cause de vous, ceux qui ne sont pas juifs insultent le nom de Dieu. »
Women 2:17-24 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Ou di ou se Jwif. Ou mete konfyans ou nan Lalwa epi, ak tout fyète w, ou di w pwòch Bondye. Ou konnen sa Bondye vle w fè. Epi w konnen sa ki enpòtan, paske w aprann sa nan Lalwa. Ou panse w se yon gid pou moun ki pa wè bon chemen an, yon limyè pou sa yo ki nan fènwa. Ou panse w ka montre inyoran yo sa ki dwat. Epi w panse ou se pwofesè moun ki fenk ap aprann. Ou genyen Lalwa, epi poutèt sa, ou panse w konnen tout bagay epi ou genyen tout verite a. Ou anseye lòt yo, men pou kisa w pa anseye pwòp tèt pa w? Ou di yo pou yo pa vòlè, men ou menm w ap vòlè. Ou di yo pou yo pa fè adiltè, men ou menm ou fè menm peche sa a. Ou rayi zidòl, epi w ap vòlè zidòl nan tanp zidòl yo. Ou byen fyè paske w genyen Lalwa Bondye a, poutan ou fè Bondye wont nan vyole Lalwa. Jan Pawòl Bondye a di l la, “Moun lòt nasyon yo ap joure Bondye poutèt ou menm.”
Women 2:17-24 New International Version (NIV)
Now you, if you call yourself a Jew; if you rely on the law and boast in God; if you know his will and approve of what is superior because you are instructed by the law; if you are convinced that you are a guide for the blind, a light for those who are in the dark, an instructor of the foolish, a teacher of little children, because you have in the law the embodiment of knowledge and truth— you, then, who teach others, do you not teach yourself? You who preach against stealing, do you steal? You who say that people should not commit adultery, do you commit adultery? You who abhor idols, do you rob temples? You who boast in the law, do you dishonor God by breaking the law? As it is written: “God’s name is blasphemed among the Gentiles because of you.”
Women 2:17-24 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Eh bien, toi qui te donnes le nom de Juif, tu te reposes sur la Loi, tu fais de Dieu ton sujet de fierté, tu connais sa volonté, tu juges de ce qui est le meilleur parce que tu es instruit par la Loi. Tu es certain d’être le guide des aveugles, la lumière de ceux qui errent dans les ténèbres, l’éducateur des insensés, l’enseignant des ignorants, tout cela sous prétexte que tu as dans la Loi l’expression parfaite de la connaissance et de la vérité. Toi donc, qui enseignes les autres, tu ne t’enseignes pas toi-même. Tu prêches aux autres de ne pas voler, et tu voles ! Tu dis de ne pas commettre d’adultère, et tu commets l’adultère ! Tu as les idoles en horreur, et tu commets des sacrilèges ! Tu es fier de posséder la Loi, mais tu déshonores Dieu en y désobéissant ! Et ainsi, comme le dit l’Ecriture, à cause de vous, Juifs, le nom de Dieu est outragé parmi les païens .