Women 2:1-16
Women 2:1-16 1998 Haïtienne (HAT98)
Monchè, nenpòt sa ou ye, ou menm k'ap jije lòt moun yo, ou pa gen eskiz. Ou menm k'ap fè menm bagay ak lòt yo, se pwòp tèt pa ou w'ap kondannen lè w'ap jije yo. Nou konnen Bondye ap jije moun k'ap fè bagay sa yo, epi l'ap jije yo yon jan k'ap dakò ak verite a. Monchè, ou menm k'ap jije moun k'ap fè bagay sa yo epi k'ap aji menm jan an tou, eske ou kwè w'a chape anba jijman Bondye a? Osinon, eske se meprize w'ap meprize Bondye ki gen bon kè anpil, ki gen pasyans anpil, ki sipòte nou anpil? Se konnen ou pa konnen se pou l ka rele ou vin chanje lavi ou kifè Bondye gen bon kè konsa? Men, w'ap fè tèt di. Ou pa sòti pou chanje lavi ou. Se poutèt sa, w'ap pare yon pi gwo chatiman mete la tann ou pou jou Bondye va fè wè kòlè li ansanm ak jijman li k'ap fèt san patipri. Lè sa a, Bondye va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. Moun ki pa janm sispann fè byen, k'ap chache lwanj ak respè, k'ap chache mwayen pou yo pa janm mouri, moun sa yo va resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Men, moun k'ap kenbe tèt ak Bondye, k'ap refize asepte verite a pou fè sa ki pa bon, moun sa yo, yo fè Bondye fache. Kòlè l va tonbe sou yo. Ap gen anpil soufrans ak anpil lapenn pou tout moun ki lage kò yo nan fè sa ki mal: pou jwif yo anpremye, ak pou sa ki pa jwif yo apre sa. Men, Bondye va bay tout moun k'ap fè sa ki byen lwanj, respè ak kè poze, jwif yo an premye, apre yo moun lòt nasyon yo. Paske, Bondye pa gade sou figi moun. Tout moun ki pat konn lalwa Moyiz la epi ki fè sa ki mal, y'ap peri san lalwa pa reskonsab. Men, tout moun ki konnen lalwa a epi ki fè sa ki mal, y'ap pase anba jijman dapre lalwa a. Moun ki mache dwat devan Bondye, se pa moun k'ap tande lalwa a nan zòrèy yo sèlman, men se moun ki fè sa lalwa a mande. Moun lòt nasyon yo ki pa gen lalwa Moyiz la, yo fè sa lalwa a mande san yo pa konnen. Yo menm ki pa gen lalwa Moyiz la, yo tounen yon lwa pou pwòp tèt pa yo menm si yo pat konn lalwa a. Konsa, yo moutre ki jan sa lalwa Moyiz mande a ekri nan kè yo. Konsyans yo moutre sa tou paske yon lè konsyans yo repwoche yo sa yo fè, yon lòt lè konsyans yo dakò ak sa yo fè. Dapre Bòn Nouvèl m'ap anonse a, se sa menm ki gen pou rive lè Bondye va voye Jezikri pou jije tou sa lèzòm t'ap fè an kachèt.
Women 2:1-16 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Toi qui juges les autres, tu es donc sans excuse, peu importe qui tu es. Tu juges les autres, mais tu fais comme eux ! Alors, en jugeant, c’est toi-même que tu condamnes. Oui, nous le savons, Dieu juge avec vérité ceux qui agissent ainsi. Toi, tu juges ceux qui font ces choses-là, mais tu fais comme eux ! À ton avis, est-ce que tu vas échapper au jugement de Dieu ? Dieu est très bon, très patient, il sait attendre. Est-ce que tu t’en moques ? Cette bonté de Dieu te pousse à changer ta vie, tu ne le sais donc pas ? Tu refuses de comprendre, tu ne veux pas changer. C’est pourquoi tu prépares contre toi une grande colère pour le jour de la colère. Ce jour-là, Dieu va montrer qu’il juge les gens avec justice. « Il récompensera chacun selon ses actes. » Ceux qui cherchent toujours à faire le bien pour obtenir la gloire, l’honneur et la vie qui ne finit pas, à ceux-là, Dieu donnera de vivre avec lui pour toujours. Ceux qui se révoltent contre lui, qui n’obéissent pas à la vérité mais qui se laissent diriger par ce qui est mauvais, à ceux-là, Dieu montrera son immense colère. Le malheur et la peur frapperont tous ceux qui font le mal, les Juifs d’abord, les autres ensuite. Au contraire, Dieu donnera la gloire, l’honneur et la paix à tous ceux qui font le bien, aux Juifs d’abord, aux autres ensuite. En effet, Dieu ne fait pas de différence entre les gens. Tous ceux qui commettent des péchés sans connaître la loi de Moïse mourront aussi, même s’ils n’ont pas cette loi. Mais tous ceux qui commettent des péchés en connaissant la loi de Moïse seront jugés par cette loi. Ceux qui se contentent d’écouter la loi de Moïse ne sont pas justes aux yeux de Dieu, mais Dieu rendra justes ceux qui obéissent à cette loi. Ceux qui ne sont pas juifs ne connaissent pas la loi de Moïse. Pourtant, certains font naturellement ce que cette loi commande. Ces gens-là n’ont pas de loi, ils sont une loi pour eux-mêmes. Par là, ils montrent une chose : les actes que la loi demande sont écrits dans leur cœur, leur conscience est témoin de cela. Et le fait qu’ils sont capables tantôt de s’accuser de leurs fautes, tantôt de se défendre, le prouve également. On le verra bien le jour du jugement. Selon la Bonne Nouvelle que j’annonce, ce jour-là, Dieu jugera par Jésus-Christ tout ce qui est caché dans la vie des gens.
Women 2:1-16 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Se poutèt sa, ou pa gen okenn eskiz, ou menm k ap jije lòt moun yo. Paske, lè w ap jije lòt moun yo, ou pwononse pwòp jijman w, poutèt pandan w ap jije a menm, w ap fè menm bagay ak yo. Ou di, “Nou konnen Bondye jije tout bagay sa yo epi jijman Bondye a jis.” Men, poutèt ou fè menm bagay ak moun ou kondane yo, ou konnen Bondye p ap manke pini w tou. Kòman ou ta panse pou w ta chape anba jijman Bondye? Ou ta dwe konprann Bondye bon epi li pasyan avèk ou anpil, l ap tann ki lè pou w chanje. Poutan, ou pa menm reflechi sou kijan pasyans li anpil. Epi ou pa rann ou kont si Bondye bon kon sa anvè w, se pouse l ap pouse w pou w deside chanje lavi w. Men ou derefize Konprann, ou pa vle chanje. Konsa, w ap prepare pwòp kondanasyon w. W ap jwenn kondanasyon w nan jou Bondye va montre kolè li a. Lè sa a, tout moun va wè Bondye gen rezon nan jijman li. “Bondye ap rekonpanse oubyen pini chak moun selon sa l te fè.” Gen moun ki kontinye fè sa ki byen, y ap chache laglwa ak lonè ki soti nan Bondye ak yon lavi san fen. Moun sa yo, Bondye va ba yo lavi etènèl. Men gen lòt moun ki egoyis, yo refize swiv verite a. Yo deside mache nan lenjistis. Bondye ap pini yo lè li an kolè. Bondye ap lage tout moun k ap fè sa ki mal yo nan tèt chaje ak nan soufrans. Sa pral rive moun ki Jwif yo anvan, answit moun ki pa Jwif yo. Men tout moun ki fè sa ki byen, Bondye ap ba yo laglwa, lonè ak lapè, pou Jwif an premye ak pou moun ki pa Jwif yo tou. Bondye jije chak moun menm jan, paske Bondye pa nan patipri. Moun ki konnen Lalwa Moyiz la ak sa yo ki pa menm tande pale de Lalwa, tout se menm bagay lè yo peche. Moun ki pa konnen Lalwa ap peri san Lalwa, sa yo ki konnen Lalwa ap jije epi y ap peri dapre Lalwa. Tande lekti Lalwa moyiz la pa fè moun jis devan Bondye. Moun ki jis devan Bondye, se moun ki fè sa Lalwa mande. Lè moun ki pa Jwif yo, moun ki pa grandi ak Lalwa Moyiz la, fè sa Lalwa mande, yo se egzanp Lalwa, menm si yo pa genyen yon lwa ki ekri. Yo montre yo konnen nan kè yo sa ki bon ak sa ki mal, jan Lalwa mande sa, epi konsyans yo dakò ak sa. Men kèk fwa konsyans yo akize yo epi kèk fwa konsyans yo defann yo. Se kon sa sa va ye, dapre Levanjil m ap preche a, nan jou kote Bondye va jije panse kache moun yo pa mwayen Jezikris.
Women 2:1-16 New International Version (NIV)
You, therefore, have no excuse, you who pass judgment on someone else, for at whatever point you judge another, you are condemning yourself, because you who pass judgment do the same things. Now we know that God’s judgment against those who do such things is based on truth. So when you, a mere human being, pass judgment on them and yet do the same things, do you think you will escape God’s judgment? Or do you show contempt for the riches of his kindness, forbearance and patience, not realizing that God’s kindness is intended to lead you to repentance? But because of your stubbornness and your unrepentant heart, you are storing up wrath against yourself for the day of God’s wrath, when his righteous judgment will be revealed. God “will repay each person according to what they have done.” To those who by persistence in doing good seek glory, honor and immortality, he will give eternal life. But for those who are self-seeking and who reject the truth and follow evil, there will be wrath and anger. There will be trouble and distress for every human being who does evil: first for the Jew, then for the Gentile; but glory, honor and peace for everyone who does good: first for the Jew, then for the Gentile. For God does not show favoritism. All who sin apart from the law will also perish apart from the law, and all who sin under the law will be judged by the law. For it is not those who hear the law who are righteous in God’s sight, but it is those who obey the law who will be declared righteous. (Indeed, when Gentiles, who do not have the law, do by nature things required by the law, they are a law for themselves, even though they do not have the law. They show that the requirements of the law are written on their hearts, their consciences also bearing witness, and their thoughts sometimes accusing them and at other times even defending them.) This will take place on the day when God judges people’s secrets through Jesus Christ, as my gospel declares.
Women 2:1-16 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Toi donc, qui que tu sois, qui condamnes autrui, tu n’as aucune excuse, car en condamnant les autres, tu te condamnes toi-même, puisque toi qui les condamnes, tu te conduis comme eux. Or, nous savons que le jugement de Dieu contre ceux qui agissent ainsi est conforme à la vérité. T’imaginerais-tu, toi qui condamnes ceux qui commettent de tels actes, et qui te comportes comme eux, que tu vas échapper à la condamnation divine ? Ou alors, méprises-tu les trésors de bonté, de patience et de générosité déployés par Dieu, sans te rendre compte que sa bonté veut t’amener à changer ? Par ton entêtement et ton refus de changer, tu te prépares un châtiment d’autant plus grand pour le jour où se manifesteront la colère et le juste jugement de Dieu. Ce jour-là, il donnera à chacun ce que lui auront valu ses actes . Ceux qui, en pratiquant le bien avec persévérance, cherchent la gloire à venir, l’honneur et l’immortalité, recevront de lui la vie éternelle. Mais, à ceux qui, par ambition personnelle, repoussent la vérité et cèdent à l’injustice, Dieu réserve sa colère et sa fureur. Oui, la souffrance et l’angoisse attendent tout homme qui pratique le mal, le Juif en premier lieu et aussi le non-Juif. Mais la gloire à venir, l’honneur et la paix seront accordés à celui qui pratique le bien, quel qu’il soit, d’abord le Juif et aussi le non-Juif, car Dieu ne fait pas de favoritisme. Ceux qui ont péché sans avoir eu connaissance de la Loi de Moïse périront sans qu’elle intervienne dans leur jugement. Mais ceux qui ont péché alors qu’ils étaient soumis au régime de la Loi seront jugés conformément à la Loi. Car ce ne sont pas ceux qui se contentent d’écouter la lecture de la Loi qui seront justes aux yeux de Dieu. Non, seuls ceux qui appliquent la Loi sont considérés comme justes. En effet, lorsque les païens qui n’ont pas la Loi de Moïse accomplissent naturellement ce que demande cette Loi, ils se tiennent lieu de loi à eux-mêmes, alors qu’ils n’ont pas la Loi. Ils démontrent par leur comportement que les œuvres demandées par la Loi sont inscrites dans leur cœur. Leur conscience en témoigne également, ainsi que les raisonnements par lesquels ils s’accusent ou s’excusent les uns les autres. Tout cela paraîtra le jour où, conformément à l’Evangile que j’annonce, Dieu jugera par Jésus-Christ tout ce que les hommes ont caché.