Women 16:17-27
Women 16:17-27 1998 Haïtienne (HAT98)
M'ap ban nou yon dènye ti konsèy, frè m yo: Veye kò nou ak moun k'ap simen divizyon, k'ap pale kont sa yo te moutre nou an pou fè moun ki kwè yo pèdi tèt yo. Moun konsa, se pa Kris la, Senyè nou an, y'ap sèvi. Se vant yo y'ap sèvi. Y'ap bay bèl pawòl, y'ap fè bèl diskou pou achte figi moun. Se konsa yo pran tèt ti inonsan yo. Pou nou menm, moun lavil Wòm, tout moun konnen jan nou soumèt nou devan Senyè a. Mwen byen kontan pou nou. Men, mwen ta renmen pou nou toujou chache fè sa ki byen, pou nou pa lage kò nou nan fè sa ki mal. Anvan lontan, Bondye ki bay kè poze a gen pou kraze Satan anba pye nou. Se pou benediksyon Jezi, Senyè nou an, toujou la avèk nou. Timote, kanmarad travay mwen an, ansanm ak Liziyis, Jazon, Sozipatè, fanmi m yo, yo tout voye bonjou pou nou. Mwen menm Tèsiyis k'ap pran dikte lèt sa a, mwen voye bonjou pou nou nan lamou Kris la. Gayis voye bonjou pou nou. Se lakay li mwen fè ladesant. Epi se la tou tout legliz la fè reyinyon. Eras, trezorye nan lavil la, ansanm ak frè Katis voye di nou bonjou. [ Se pou benediksyon Jezikri, Senyè nou an, toujou la avèk nou tout.] Ann fè lwanj Bondye! Se li ki gen pouvwa pou fè nou kenbe fèm nan konfyans lan dapre Bòn Nouvèl m'ap anonse a, dapre mesay m'ap preche sou Jezikri a, dapre konesans Bondye ban nou kifè nou wè plan travay li. Se li menm ki gen pouvwa pou fè nou kenbe fèm nan konfyans sa a. Plan travay sa a te kache pandan lontan lontan. Men, koulyeya, li parèt aklè nan liv pwofèt yo te ekri yo. Konsa, dapre lòd ki soti nan Bondye ki la pou tout tan an, plan travay la rive nan konesans moun tout lòt nasyon yo pou yo kapab mete konfyans yo nan Bondye, pou yo kapab fè volonte Bondye. Wi, lwanj pou Bondye, li menm sèl ki gen bon konprann! Lwanj pou li nan Jezikri, depi tout tan epi pou tout tan! Amèn.
Women 16:17-27 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Frères et sœurs, voici ce que je vous demande : méfiez-vous des gens qui divisent la communauté. Ils risquent de faire tomber dans le péché les croyants en parlant contre l’enseignement que vous avez reçu. N’allez plus avec eux ! En effet, ces gens-là ne servent pas le Christ notre Seigneur, ils servent leur ventre ! Avec leurs paroles mielleuses et leurs beaux discours, ils trompent les gens simples. Oui, votre obéissance, tout le monde la connaît. Alors, à cause de vous, je suis dans la joie. Mais je veux que vous soyez pleins de sagesse pour faire le bien et toujours attentifs à éviter le mal. Le Dieu de la paix va bientôt écraser Satan sous vos pieds. Que notre Seigneur Jésus vous bénisse ! Timothée, qui travaille avec moi, vous salue. Lucius, Jason et Sosipater qui sont de ma famille vous saluent aussi. C’est moi, Tertius, qui écris cette lettre. Je vous salue dans le Seigneur qui nous unit. Gaïus vous salue. J’habite chez lui, et toute l’Église se réunit dans sa maison. Éraste, le trésorier de la ville, vous salue ainsi que Quartus, notre frère. [] Rendons gloire à Dieu ! Il a le pouvoir de vous rendre forts par la Bonne Nouvelle que j’apporte en annonçant Jésus-Christ. Par cette Bonne Nouvelle, Dieu fait connaître le mystère caché depuis toujours et qui, maintenant, a été mis en pleine lumière. Alors tous les peuples qui ne sont pas juifs peuvent le connaître par les livres des prophètes. Le Dieu qui existe depuis toujours a donné cet ordre, pour que tous les peuples croient en lui et lui obéissent. Rendons gloire à Dieu, le seul qui possède la sagesse ! À lui la gloire par Jésus-Christ, pour toujours ! Amen !
Women 16:17-27 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
M ap ankouraje nou, frè m ak sè m yo, fè atansyon ak moun k ap pwovoke divizyon epi k ap fè moun tonbe nan peche, sa pa mache ak ansèyman nou te resevwa deja. Retire kò nou kote moun sa yo. Se pa Kris, Senyè nou an moun sa yo ap sèvi. Yo sèlman ap fè vant yo plezi. Y ap sèvi ak bèl pawòl, y ap flate w, moun ki sispèk yo, yo twonpe yo. Tout moun tande pale kijan n ap obeyi Senyè a, m santi m kontan pou sa. M ta renmen nou se moun ki saj nan fè sa ki byen, m pa ta renmen nou se moun ki lage kò nou nan fè sa ki mal. Byento, Bondye ki se sous lapè a, ap kraze Satan anba pye nou. Gras Senyè nou an Jezi avè n! Timote, kolaboratè mwen, ap salye nou. Lisiyis, Jazon ak Sozipatè tou (moun sa yo se fanmi mwen), yo voye salye nou. Mwen menm, Tèsiyis, sekretè Pòl, k ap ekri lèt sa a, mwen voye anpil salitasyon pou nou nan non Senyè a. Gayis ap salye nou. Se lakay li m ye. Epi se lakay li tout legliz la reyini. Eras, trezorye vil la, ap salye nou ak Katis tou, se yon frè nou. An n fè lwanj pou Bondye! Se li menm ki ka fòtifye nou nan lafwa selon Levanjil m ap preche a, dapre Jezikris, dapre konesans Bondye ban nou sou mistè ki te kache depi lontan. Mistè sa a devwale jodi a, pa mwayen sa pwofèt yo te ekri dapre lòd Bondye te bay. Tout nasyon yo vin konnen sa kounye a, poutèt pou yo ka obeyi ak lafwa nan Bondye. Glwa pou Bondye pa mwayen Jezikris pou tout tan, li menm sèl ki gen sajès. Amèn.
Women 16:17-27 New International Version (NIV)
I urge you, brothers and sisters, to watch out for those who cause divisions and put obstacles in your way that are contrary to the teaching you have learned. Keep away from them. For such people are not serving our Lord Christ, but their own appetites. By smooth talk and flattery they deceive the minds of naive people. Everyone has heard about your obedience, so I rejoice because of you; but I want you to be wise about what is good, and innocent about what is evil. The God of peace will soon crush Satan under your feet. The grace of our Lord Jesus be with you. Timothy, my co-worker, sends his greetings to you, as do Lucius, Jason and Sosipater, my fellow Jews. I, Tertius, who wrote down this letter, greet you in the Lord. Gaius, whose hospitality I and the whole church here enjoy, sends you his greetings. Erastus, who is the city’s director of public works, and our brother Quartus send you their greetings. Now to him who is able to establish you in accordance with my gospel, the message I proclaim about Jesus Christ, in keeping with the revelation of the mystery hidden for long ages past, but now revealed and made known through the prophetic writings by the command of the eternal God, so that all the Gentiles might come to the obedience that comes from faith— to the only wise God be glory forever through Jesus Christ! Amen.