Women 15:1-22
Women 15:1-22 1998 Haïtienne (HAT98)
Nou menm ki fò nan konfyans nou nan Bondye, se pou nou ede sa ki fèb yo pote feblès yo. Nou pa dwe ap chache sa ki fè nou plezi sèlman. Okontrè, se pou nou chak chache fè frè parèy nou plezi pou byen l, konsa n'a fè l grandi nan konfyans li nan Bondye. Paske Kris la pat chache sa ki te fè l plezi, men dapre sa ki ekri a: Moun ki t'ap joure ou yo, se tankou si se mwen menm yo t'ap joure. Se konsa, tou sa ki te ekri nan Liv la depi nan tan lontan, yo te ekri yo pou moutre nou anpil bagay, wi, pou bagay nou jwenn ekri nan Liv la ka ban nou pasyans ak ankourajman pou n ka mete tout espwa nou nan Bondye. Se pou Bondye ki bay pasyans ak ankourajman an fè nou viv byen yonn ak lòt, pou nou ka swiv egzanp nou jwenn nan Jezikri. Konsa, n'a mete kè nou ak bouch nou ansanm pou fè lwanj Bondye, papa Jezikri, Senyè nou an. Se pou yonn asepte lòt jan l ye a, menm jan Kris la te asepte nou an pou sa te tounen yon lwanj pou Bondye. Men sa m vle di: Kris la te fè tèt li sèvitè jwif yo pou l te ka fè pwomès Bondye te fè zansèt nou yo rive vre, epi pou l te moutre jan Bondye kenbe pawòl li. Men, li te vini pou moun lòt nasyon yo tou, pou yo te ka fè lwanj Bondye pou jan li gen kè sansib, jan sa te ekri nan Liv la: Se poutèt sa m'a fè lwanj ou nan mitan lòt nasyon yo. Se poutèt sa m'a chante pou non ou. Liv la di ankò: Nou menm moun lòt nasyon yo, fè kè nou kontan ansanm avèk pèp Bondye chwazi a. Li di ankò: Fè lwanj Mèt la, nou menm moun lòt nasyon yo! Wi, se pou tout pèp yo fè lwanj li! Ezayi di tou: Li gen pou l vini, pitit pitit Izayi a. Li va parèt pou gouvènen lòt nasyon yo. Nasyon yo va mete espwa yo nan li. Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a. Frè m yo, mwen gen fèm konviksyon nou gen kont bon santiman nan kè nou, nou gen kont konesans sou nou pou yonn ka bay lòt konsèy. Men, mwen pèmèt mwen ekri nou sou anpil pwen pou rafrechi memwa nou. Mwen pèmèt mwen fè sa poutèt favè Bondye fè mwen an, pou m te sèvi Jezikri pandan m'ap travay nan mitan moun lòt nasyon yo. Lè m'ap fè konnen Bòn Nouvèl Bondye a, se yon sèvis apa pou Bondye m'ap rann, pou moun lòt nasyon yo ka tounen yon ofrann ki fè Bondye plezi, yon ofrann yo mete apa pou Bondye ak pouvwa Sentespri a. Se pou sa, mwen gendwa kontan nèt pou travay m'ap fè ansanm ak Jezikri pou Bondye. Wi, m'ap penmèt mwen fè nou konnen sèlman sa Kris la te fè m fè ak sa li te fè m di, avèk fòs mirak ak bèl bagay ak pouvwa Lespri Bondye a. Tou sa, pou mennen moun lòt nasyon yo vin nan pye Bondye pou obeyi li. Se konsa, depi lavil Jerizalèm jouk nan peyi Iliri, mwen pa manke mache bay Bòn Nouvèl ki pale sou Kris la toupatou. Men, lanbisyon m se te pou m fè konnen bòn nouvèl la sèlman kote moun pat ankò janm tande nonmen non Kris la, pou m pat bati sou fondasyon lòt moun te poze, jan sa te ekri nan Liv la: Moun ki pat ankò konnen l yo va wè. Moun ki pat ankò tande nonmen non l yo va konprann. Se rezon sa a ki te anpeche mwen anpil fwa al lakay nou.
Women 15:1-22 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Nous qui sommes forts, nous devons porter la faiblesse de ceux qui n’ont pas cette force, nous ne devons pas chercher ce qui nous plaît. Chacun de nous doit chercher à plaire aux autres pour le bien, pour construire la communauté. Le Christ, lui, n’a pas cherché ce qui lui plaisait. Au contraire, les Livres Saints disent : « Les insultes de ceux qui t’insultent sont tombées sur moi. » En effet, tous les Livres Saints écrits autrefois ont été écrits pour nous instruire. Ils doivent nous donner patience et courage, pour que nous possédions l’espérance. La patience et le courage viennent de Dieu. Que Dieu vous rende donc capables d’être bien d’accord entre vous, en suivant l’exemple du Christ Jésus ! Alors, d’un même cœur et d’une même bouche, vous pourrez rendre gloire à Dieu, le Père de notre Seigneur Jésus-Christ. Accueillez-vous les uns les autres, comme le Christ vous a accueillis pour la gloire de Dieu. Je vous le dis, Dieu est fidèle. C’est pourquoi le Christ est devenu le serviteur des Juifs, pour accomplir les promesses faites par Dieu aux ancêtres. Et les non-Juifs rendent gloire à Dieu à cause de sa bonté. En effet, les Livres Saints disent : « Pour cela, je te fêterai parmi tous les peuples et je chanterai en l’honneur de ton nom. » Les Livres Saints disent encore : « Peuples, réjouissez-vous avec le peuple que Dieu a choisi. » « Pays du monde entier, chantez la louange du Seigneur ! Tous les peuples, chantez la grandeur de Dieu ! » Ésaïe dit aussi : « Un homme de la famille de Jessé va venir. Il se lèvera pour gouverner les autres peuples, et ces peuples mettront leur espoir en lui. » Que Dieu, qui donne l’espérance, vous remplisse de paix et de joie à cause de votre foi ! Alors vous serez pleins d’espérance par la puissance de l’Esprit Saint. Frères et sœurs, personnellement j’en suis sûr, vous êtes vous-mêmes pleins de bonne volonté. Vous savez tout ce qu’il faut connaître et vous êtes capables de vous donner des conseils les uns aux autres. Pourtant, quelquefois dans cette lettre, je n’ai pas hésité à vous rappeler ce que vous avez déjà appris. Je l’ai fait parce que Dieu, dans sa bonté, a fait de moi le serviteur du Christ Jésus pour ceux qui ne sont pas juifs. Il m’a mis à part pour annoncer sa Bonne Nouvelle. Alors, ceux qui ne sont pas juifs pourront devenir une offrande agréable à Dieu, et c’est l’Esprit Saint qui rend cette offrande digne d’être pour Dieu. C’est pourquoi, uni au Christ Jésus, je peux être fier du travail que j’ai fait pour Dieu. En effet, si j’ose parler de quelque chose, c’est seulement de ce que le Christ a fait par moi. Par moi, il a amené ceux qui ne sont pas juifs à obéir à Dieu. Il a fait cela par des paroles et par des actes, par des signes puissants et extraordinaires, avec la force de l’Esprit de Dieu. Et depuis Jérusalem jusqu’à la région d’Illyrie, j’ai annoncé pleinement la Bonne Nouvelle du Christ. Mais j’ai voulu annoncer la Bonne Nouvelle seulement dans les régions qui ne connaissaient pas encore le Christ. J’ai fait cela pour ne pas construire sur des fondations préparées par quelqu’un d’autre. J’ai suivi ce que les Livres Saints disent : « Ceux à qui on ne l’a pas annoncé vont le voir, ceux qui n’ont rien entendu à son sujet vont comprendre. » Et c’est ce qui m’a toujours empêché d’aller chez vous.
Women 15:1-22 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Nou menm ki pa gen pwoblèm avèk bagay sa yo, se pou n gen pasyans devan lòt yo ki pa fò menm jan ak nou epi ki gen kèk dout. Nou pa dwe ap chache fè sa ki fè n plezi. Se pou nou chak ap chache fè pwochen nou plezi nan fè sa ki byen, pou yo ka grandi pou vini pi fò nan lafwa yo. Men Kris pa t ap chache fè pwòp tèt li plezi. Jan Pawòl Bondye di sa, “Lè moun yo ap joure w, m santi se mwen y ap joure.” Tout sa ki te ekri nan Pawòl la nan tan pase, yo te ekri pou ban nou enstriksyon. Yo te ekri pou fè nou viv ak espwa pa mwayen pasyans ak ankourajman yo. Se nan Bondye pasyans ak ankourajman soti. M ap priye pou Bondye ede nou viv an amoni youn ak lòt, nan swiv egzanp Jezikris. Lè sa a, nou tout ap ansanm. Epi tout moun ansanm, n ap bay Bondye, papa Jezikris, Senyè nou an laglwa. Nou tou, se pou n resevwa youn lòt, menm jan Kris li menm, li te resevwa nou pou bay Bondye glwa. M di nou Kris te vini kòm sèvitè pou Jwif yo pou montre kijan Bondye fidèl. Li fè sa, pou l te ka akonpli pwomès Bondye te fè zansèt Jwif yo. Kris te fè sa tou pou moun ki pa Jwif yo te ka fè lwanj pou Bondye pou gras li anvè yo. Pawòl Bondye di: “Se poutèt sa m va fè fèt pou di w mèsi pami moun lòt nasyon yo; Se poutèt sa m va di w mèsi.” Epi Bib la di ankò, “Nou menm moun lòt nasyon yo, se pou n rejwi nou tou ak pèp Bondye a.” Bib la di ankò, “Louwe Senyè a, nou menm moun lòt nasyon yo; Tout moun, chante pou fè lwanj Senyè a.” Epi Ezayi di, “Gen yon moun k ap leve nan ras fanmi Jese. L ap vini pou l gouvène nasyon yo, epi y ap mete espwa yo nan li menm.” Se pou Bondye, ki bay esperans lan, ranpli nou ak kè kontan ak lapè poutèt konfyans nou. Se pou esperans nou rive debòde pa mwayen puisans Sentespri a. Pou mwen menm frè m ak sè m yo, m sèten nou plen ak bòn volonte. Epitou, nou konnen tout sa nou ta dwe konnen. Nou ka bay youn lòt konsèy. Poutan, m ap pran libète nan lèt sa a pou m pale avè nou sou kèk bagay m ta renmen nou sonje. Se bagay nou deja konnen. M ap fè sa paske Bondye, nan gras li, li fè m vin sèvitè Jezikris pami moun ki pa Jwif yo. Li mete m apa pou preche mesaj Levanjil li a. Konsa, moun ki pa Jwif yo ka tounen yon bon ofrann pou Bondye. Epi se Sentespri a ki fè ofrann gen valè nan je Bondye. M fyè pou travay m fè pou Bondye paske m se moun Jezikris. Epi, si m oze pale sou kèlkeswa bagay mwen fè, se sèlman pou m di sa Kris fè avè m kòm enstriman li. Li sèvi avè m pou l fè moun ki pa Jwif yo vin obeyi Bondye. Li fè yon seri bagay ekstrawòdinè ak pawòl ak aksyon mwen pa mwayen pouvwa Sentespri Bondye a ak zèv puisans li. Soti Jerizalèm, rive nan rejyon Iliri, mwen preche Levanjil Kris la nèt. Men, mwen te toujou vle preche Levanjil sèlman nan zòn ki pa ko konnen Kris. M fè sa, pou m pa bati sou fondasyon lòt moun gentan prepare. Men, selon sa Bib la di, “Moun yo pa t anonse sa ap wè, epi moun ki pa t tande pale de li ap konprann.” Se travay sa a ki kenbe m, ki fè anpil fwa, m pa gentan vin wè nou.
Women 15:1-22 New International Version (NIV)
We who are strong ought to bear with the failings of the weak and not to please ourselves. Each of us should please our neighbors for their good, to build them up. For even Christ did not please himself but, as it is written: “The insults of those who insult you have fallen on me.” For everything that was written in the past was written to teach us, so that through the endurance taught in the Scriptures and the encouragement they provide we might have hope. May the God who gives endurance and encouragement give you the same attitude of mind toward each other that Christ Jesus had, so that with one mind and one voice you may glorify the God and Father of our Lord Jesus Christ. Accept one another, then, just as Christ accepted you, in order to bring praise to God. For I tell you that Christ has become a servant of the Jews on behalf of God’s truth, so that the promises made to the patriarchs might be confirmed and, moreover, that the Gentiles might glorify God for his mercy. As it is written: “Therefore I will praise you among the Gentiles; I will sing the praises of your name.” Again, it says, “Rejoice, you Gentiles, with his people.” And again, “Praise the Lord, all you Gentiles; let all the peoples extol him.” And again, Isaiah says, “The Root of Jesse will spring up, one who will arise to rule over the nations; in him the Gentiles will hope.” May the God of hope fill you with all joy and peace as you trust in him, so that you may overflow with hope by the power of the Holy Spirit. I myself am convinced, my brothers and sisters, that you yourselves are full of goodness, filled with knowledge and competent to instruct one another. Yet I have written you quite boldly on some points to remind you of them again, because of the grace God gave me to be a minister of Christ Jesus to the Gentiles. He gave me the priestly duty of proclaiming the gospel of God, so that the Gentiles might become an offering acceptable to God, sanctified by the Holy Spirit. Therefore I glory in Christ Jesus in my service to God. I will not venture to speak of anything except what Christ has accomplished through me in leading the Gentiles to obey God by what I have said and done— by the power of signs and wonders, through the power of the Spirit of God. So from Jerusalem all the way around to Illyricum, I have fully proclaimed the gospel of Christ. It has always been my ambition to preach the gospel where Christ was not known, so that I would not be building on someone else’s foundation. Rather, as it is written: “Those who were not told about him will see, and those who have not heard will understand.” This is why I have often been hindered from coming to you.
Women 15:1-22 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Nous qui sommes forts, nous devons porter les faiblesses de ceux qui ne le sont pas, sans chercher notre propre satisfaction. Que chacun de nous recherche la satisfaction de son prochain pour le bien de celui-ci, en vue de l’aider à grandir dans la foi. Car Christ n’a pas cherché sa propre satisfaction, mais il a dit, comme le déclare l’Ecriture : Les insultes des hommes qui t’insultent sont retombées sur moi . Or tout ce qui a été consigné autrefois dans l’Ecriture l’a été pour nous instruire, afin que la patience et l’encouragement qu’apporte l’Ecriture produisent en nous l’espérance. Que Dieu, source de toute patience et de tout encouragement, vous donne de vivre en plein accord les uns avec les autres, conformément à l’enseignement de Jésus-Christ. Ainsi, d’un commun accord et d’une seule voix, vous célébrerez la gloire du Dieu et Père de notre Seigneur Jésus-Christ. Accueillez-vous donc les uns les autres, tout comme Christ vous a accueillis, pour la gloire de Dieu. Voici, en effet, ce que j’affirme : c’est, d’abord, que Christ est venu se mettre au service des Juifs pour montrer que Dieu est véridique en accomplissant les promesses faites à leurs ancêtres ; c’est, ensuite, qu’il est venu pour que les non-Juifs, de leur côté, louent Dieu à cause de sa compassion, comme le dit l’Ecriture : Aussi je publie tes louanges parmi les peuples, je te célèbre par mes chants . Et ailleurs : Peuples, réjouissez-vous avec son peuple . Ou encore : Louez le Seigneur, vous, gens de toutes les nations, que tous les peuples disent ses louanges ! Esaïe dit de son côté : Un rejeton naîtra d’Isaï, on le verra se lever pour gouverner tous les peuples, les peuples étrangers mettront en lui leur espérance . Que le Dieu de l’espérance, vous comble de toute joie et de sa paix par votre confiance en lui. Ainsi votre cœur débordera d’espérance par la puissance du Saint-Esprit. Frères et sœurs, j’ai personnellement la conviction que vous êtes pleins de bonté, remplis de toute la connaissance, et tout à fait capables, par conséquent, de vous conseiller les uns les autres. Cependant, je vous ai écrit avec une certaine audace sur quelques points ; car je désirais raviver vos souvenirs, à cause de la grâce que Dieu m’a accordée. En effet, il a fait de moi le serviteur de Jésus-Christ pour les non-Juifs. J’accomplis ainsi la tâche d’un prêtre en annonçant l’Evangile de Dieu aux non-Juifs pour que ceux-ci deviennent une offrande agréable à Dieu, consacrée par l’Esprit Saint. Voilà pourquoi, grâce à Jésus-Christ, je suis fier de mon travail pour Dieu. Car si j’ose parler, c’est seulement de ce que Christ a accompli par mon moyen pour amener les non-Juifs à obéir à Dieu. Il l’a fait par mes paroles et mes actes, par sa puissance qui s’est manifestée dans les miracles et les prodiges, par la puissance de l’Esprit de Dieu. Ainsi, à partir de Jérusalem jusqu’en Illyrie, en rayonnant en tous sens, j’ai fait partout retentir l’Evangile de Christ. Je me suis fait un point d’honneur de proclamer l’Evangile là où le nom de Christ n’était pas encore connu. Je ne voulais en aucun cas bâtir sur des fondations posées par d’autres. J’ai agi selon cette parole de l’Ecriture : Ceux à qui l’on n’avait rien dit de lui le verront, et ceux qui n’avaient pas entendu parler de lui comprendront . C’est aussi cette raison qui m’a empêché bien des fois d’aller chez vous.