Women 14:6-9
Women 14:6-9 1998 Haïtienne (HAT98)
Moun ki kwè yon jou pi konsekan pase lòt, li fè sa pa respè pou Mèt la menm jan ak moun ki manje tout manje a, li fè sa pa respè pou Mèt la paske li di Bondye mèsi pou manje a. Moun ki pa manje tout manje a, li fè sa tou pa respè pou Mèt la, paske li menm tou, li di Bondye mèsi. Se konsa, pa gen yon sèl moun nan nou k'ap viv pou tèt pa li. Pa gen yonn nan nou tou k'ap mouri pou tèt pa li. Paske si n'ap viv, n'ap viv pou Senyè a, si n'ap mouri, n'ap mouri pou Senyè a tou. Konsa, kit nou vivan, kit nou mouri, se pou Senyè a nou ye. Paske, Kris la te mouri, apre sa li leve sòti vivan ankò pou l te kapab Mèt tout moun, ni moun vivan yo ni moun mouri yo.
Women 14:6-9 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Celui qui fait des différences entre les jours fait cela pour le Seigneur. Celui qui mange de tout fait cela pour le Seigneur, car il remercie Dieu. Et celui qui ne mange pas de tout fait cela pour le Seigneur, et lui aussi remercie Dieu. Personne parmi nous ne vit pour soi-même, et personne ne meurt pour soi-même. Si nous vivons, nous vivons pour le Seigneur, si nous mourons, nous mourons pour le Seigneur. Alors, en vivant ou en mourant, nous appartenons au Seigneur. Oui, le Christ est mort et il est revenu à la vie, pour être le Seigneur des morts et des vivants.
Women 14:6-9 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Yon moun ki fè diferans nan jou yo, se pou Senyè a li fè sa. Yon moun ki manje tout kalite manje, se pou Senyè a li fè l, paske li di Bondye mèsi. Moun ki pa manje tout bagay la, se pou Senyè a li fè sa, epi li menm tou, li di Bondye mèsi. Pa gen pèsòn ki viv oubyen ki mouri pou tèt li ase. Si n ap viv, se pou Senyè a n ap viv. Epi si nou mouri, se pou Senyè a n ap mouri. Kit n ap viv, kit nou mouri, se pwopriyete Senyè a nou ye. Se poutèt sa, Kris te mouri epi li resisite, se pou l ka Senyè moun ki mouri ak moun ki vivan yo.
Women 14:6-9 New International Version (NIV)
Whoever regards one day as special does so to the Lord. Whoever eats meat does so to the Lord, for they give thanks to God; and whoever abstains does so to the Lord and gives thanks to God. For none of us lives for ourselves alone, and none of us dies for ourselves alone. If we live, we live for the Lord; and if we die, we die for the Lord. So, whether we live or die, we belong to the Lord. For this very reason, Christ died and returned to life so that he might be the Lord of both the dead and the living.
Women 14:6-9 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Celui qui fait une distinction entre les jours le fait pour le Seigneur. Celui qui mange de tout le fait aussi pour le Seigneur, puisqu’il remercie Dieu pour sa nourriture. Et celui qui s’abstient de certains aliments le fait encore pour le Seigneur, car lui aussi remercie Dieu. Aucun de nous ne vit pour lui-même et aucun ne meurt pour lui-même. Si nous vivons, nous vivons pour le Seigneur, et si nous mourons, nous mourons pour le Seigneur. Ainsi, que nous vivions ou que nous mourions, nous appartenons au Seigneur. En effet, Christ est mort et il est revenu à la vie pour être le Seigneur des morts et des vivants.