Women 13:7-10
Women 13:7-10 1998 Haïtienne (HAT98)
Peye chak moun sa ou dwe yo. Peye enpo kote pou peye enpo. Peye taks kote pou peye taks. Gen krentif pou moun ou dwe gen krentif. Gen onè respè pou moun ou dwe gen onè respè. Pa fè okenn dèt. Sèl dèt nou dwe genyen, se pou nou yonn renmen yonn. Moun ki renmen moun parèy li, li fè tou sa lalwa mande. Se konsa, ou wè kòmandman sa yo: “Piga ou janm fè adiltè. Piga ou fè zak sasinay touye moun. Piga ou janm vòlò. Piga ou pote lanvi sou sa ki pa pou ou”. Kòmandman sa yo ansanm ak tout lòt yo, gen yon sèl pawòl ki ranmase yo tout: “Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou”. Moun ki gen renmen nan kè yo pa fè moun mal: se sa k fè lè nou renmen, nou fè tou sa lalwa a mande nou fè.
Women 13:7-10 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Donnez à chacun ce que vous lui devez. Si c’est l’impôt, payez l’impôt, si c’est une taxe, payez-la. Si c’est l’obéissance, obéissez, si c’est le respect, soyez respectueux. N’ayez aucune dette envers personne, sauf la dette de l’amour que vous devez avoir entre vous. Celui qui aime les autres obéit parfaitement à la loi. En effet, vous connaissez les commandements : « Ne commets pas d’adultère. Ne tue personne. Ne vole pas. Ne désire pas ce qui ne t’appartient pas. » Ces commandements et tous les autres sont contenus dans cette parole : « Aime ton prochain comme toi-même ! » Quand on aime, on ne fait aucun mal à son prochain. Par conséquent, aimer, c’est obéir parfaitement à la loi.
Women 13:7-10 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Bay chak moun sa w dwe l. Nenpòt kalite taks ou dwe peye, peye l; si se obeyisans ou dwe, se pou w obeyi; si se respè, ou dwe aji ak respè; si ou dwe onore yon moun, onore l. Nou pa dwe gen dèt anvè pèsòn, sèl dèt pou nou genyen se pou nou youn renmen lòt. Yon moun ki renmen pwochen l, li fè tout sa Lalwa mande. Lalwa di: “Pa komèt adiltè, pa touye moun, pa vòlè, pa pote lanvi sou bagay moun.” Kòmannman sa yo ak tout lòt yo, yo anndan yon sèl: “Renmen pwochen w menm jan w renmen pwòp tèt ou!” Moun ki renmen pwochen li, pa fè pwochen yo mal. Alò, renmen se sa ki Lalwa.
Women 13:7-10 New International Version (NIV)
Give to everyone what you owe them: If you owe taxes, pay taxes; if revenue, then revenue; if respect, then respect; if honor, then honor. Let no debt remain outstanding, except the continuing debt to love one another, for whoever loves others has fulfilled the law. The commandments, “You shall not commit adultery,” “You shall not murder,” “You shall not steal,” “You shall not covet,” and whatever other command there may be, are summed up in this one command: “Love your neighbor as yourself.” Love does no harm to a neighbor. Therefore love is the fulfillment of the law.
Women 13:7-10 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Rendez donc à chacun ce qui lui est dû : les impôts et les taxes à qui vous les devez, le respect et l’honneur à qui ils reviennent. Ne restez redevables de rien à personne, sinon de vous aimer les uns les autres. Car celui qui aime l’autre a satisfait à toutes les exigences de la Loi. En effet, des commandements comme : Tu ne commettras pas d’adultère ; tu ne commettras pas de meurtre ; tu ne voleras pas, tu ne convoiteras pas ; et tous les autres, se trouvent récapitulés en cette seule parole : Aime ton prochain comme toi-même . Celui qui aime ne cause aucun mal à son prochain. Aimer son prochain, c’est donc accomplir toute la Loi.