Women 13:1-4
Women 13:1-4 1998 Haïtienne (HAT98)
Se pou tout moun soumèt anba otorite ki sou tèt yo. Paske nanpwen otorite ki pa soti nan Bondye. Epi tout otorite ki la, se Bondye ki mete yo. Se poutèt sa, moun k'ap kenbe tèt ak otorite, se refize yo refize obeyi prensip Bondye tabli. Moun ki refize obeyi, y'ap rale jijman sou tèt yo. Tande byen: moun ki fè sa ki byen, li pa bezwen pè chèf k'ap gouvènen yo. Se moun k'ap aji mal ki pou pè. Eske ou ta vle pa pè chèf? Enben, fè sa ki byen. Se lwanj ase w'a resevwa nan men yo. Paske chèf yo se nan sèvis Bondye yo ye pou byen nou. Men, si w'ap fè sa ki mal, ou mèt tranble, paske se pa pou gremesi yo gen pouvwa pini moun. Lè sa a, se sèvis Bondye y'ap fè tou. Y'ap fè nou wè kòlè Bondye lè y'ap pini moun ki fè sa ki mal.
Women 13:1-4 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Chacun doit obéir aux autorités placées au-dessus de nous. En effet, toute autorité vient de Dieu, et c’est Dieu qui donne leur place à celles qui existent. Alors, si quelqu’un lutte contre les autorités, il lutte contre l’ordre voulu par Dieu, et ceux qui refusent de leur obéir seront condamnés. Quand on fait le bien, on ne doit pas avoir peur des autorités officielles, mais on doit avoir peur d’elles quand on fait le mal. Tu ne veux pas avoir peur des autorités ? Alors fais le bien et tu recevras leurs félicitations. Oui, les autorités sont au service de Dieu pour te conduire au bien. Mais si tu fais le mal, tu dois avoir peur, car les autorités ont le pouvoir de punir, et ce n’est pas pour rien ! Quand les autorités punissent, elles sont au service de Dieu, elles montrent la colère de Dieu contre celui qui fait le mal.
Women 13:1-4 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Nou dwe obeyi tout otorite ki plase sou tèt nou. Paske se Bondye ki mete tout otorite. Otorite ki la yo, se Bondye ki plase yo. Konsa, si yon moun ap lite kont yon otorite, se kont volonte Bondye li pran pozisyon. Si yon moun ap lite kont otorite yo, se jijman l ap rele sou pwòp tèt li. Yon moun ki fè sa ki byen, li pa bezwen pè otorite yo, men si nou fè sa ki mal, se pou n pè yo. Ou pa vle pè otorite yo? Enben, fè sa ki byen, epi otorite yo va felisite w. Otorite yo, se sèvis Bondye y ap fè pou ede nou. Men si ou fè sa ki mal, ou gen rezon pè yo, paske se pa pou anyen otorite yo gen pouvwa pou pini moun. Otorite yo se sèvitè Bondye plase pou pini moun k ap fè sa ki mal.
Women 13:1-4 New International Version (NIV)
Let everyone be subject to the governing authorities, for there is no authority except that which God has established. The authorities that exist have been established by God. Consequently, whoever rebels against the authority is rebelling against what God has instituted, and those who do so will bring judgment on themselves. For rulers hold no terror for those who do right, but for those who do wrong. Do you want to be free from fear of the one in authority? Then do what is right and you will be commended. For the one in authority is God’s servant for your good. But if you do wrong, be afraid, for rulers do not bear the sword for no reason. They are God’s servants, agents of wrath to bring punishment on the wrongdoer.
Women 13:1-4 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Que tout homme se soumette aux autorités supérieures, car il n’y a pas d’autorité qui ne vienne de Dieu, et celles qui existent ont été instituées par Dieu. C’est pourquoi celui qui s’oppose à l’autorité lutte contre une disposition établie par Dieu, et ceux qui sont engagés dans une telle lutte recevront le châtiment qu’ils se seront attiré. Car ce sont les malfaiteurs, et non ceux qui pratiquent le bien, qui ont à redouter les magistrats. Veux-tu ne pas avoir peur de l’autorité ? Fais le bien, et l’autorité t’approuvera. Car l’autorité est au service de Dieu pour ton bien. Mais si tu fais le mal, redoute-la. Car ce n’est pas pour rien qu’elle peut punir de mort. Elle est, en effet, au service de Dieu pour manifester sa colère et punir celui qui fait le mal.