Women 11:1-6
Women 11:1-6 1998 Haïtienne (HAT98)
Koulyeya m'ap mande: Eske Bondye voye pèp li a jete? Men non. Paske mwen menm tou, mwen nan ras pèp Izrayèl la, mwen se pitit pitit Abraram. Mwen soti nan branch fanmi Benjamen. Non, Bondye pa voye pèp li te chwazi davans lan jete. Eske ou pa chonje sa ki ekri nan liv la, kote y'ap rakonte kijan Eli t'ap pote Bondye plent pou pèp Izrayèl la: Bondye, yo touye pwofèt yo, yo kraze lotèl ou yo. Se mwen menm sèl ki rete. Men y'ap chache wete lavi m tou? Men repons Bondye te ba li: Mwen gen sètmilòm ki pa janm met jenou tè devan Baal. Konsa tou, kounyeya, gen yon ti rès Bondye te chwazi nan pèp la, se yon favè li te fè yo. Se pa paske yo te fè sa ki byen kifè Bondye te fè yo favè sa a. Men se paske Bondye te vle fè l pou yo. Si se pat konsa, favè Bondye a pa ta yon favè tout bon ankò.
Women 11:1-6 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Alors je demande : Est-ce que Dieu a rejeté son peuple ? Sûrement pas ! La preuve, moi, je suis israélite, de la famille d’Abraham, de la tribu de Benjamin. Dieu n’a pas rejeté son peuple, qu’il a choisi d’avance. Dans les Livres Saints, Élie se plaint à Dieu du peuple d’Israël. Vous connaissez sûrement ses paroles. Voici ce qu’il dit : « Seigneur, ils ont tué tes prophètes, ils ont détruit tes autels. Moi seul, je suis resté et ils veulent me tuer. » Quelle est la réponse de Dieu ? La voici : « J’ai gardé pour moi 7 000 hommes, ceux qui n’ont pas plié les genoux devant le dieu Baal. » Aujourd’hui, c’est la même chose. Il reste un petit nombre de gens que Dieu a choisis par amour. Mais si Dieu les a choisis par amour, ce n’est pas à cause de ce qu’ils ont fait, sinon, l’amour de Dieu ne serait pas un amour gratuit.
Women 11:1-6 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
“Sa fè m ap mande, èske Bondye voye pèp li a jete?” Se pa sa ditou! Egzanp lavi pa m pwouve sa. An reyalite mwen menm, m se moun pèp Izrayèl la. M soti nan ras Abraram, m soti nan fanmi Benjamen. Bondye te chwazi Izrayèl pou pèp pa l anvan menm yo te fèt, li pa voye pèp la jete. Selon sa ki ekri nan Bib la, Eli te pote plent bay Bondye kont pèp Izrayèl la. Se sèten nou konnen sa l te di: “Senyè, yo touye pwofèt ou yo, yo kraze lotèl ou yo. M se sèl pwofèt ki rete vivan, epi men y ap chache touye m.” Men, ki repons Bondye te bay Eli? Men sa Bondye te di l: “M gen 7,000 moun de rezèv ki pa janm met ajenou devan zidòl ki rele Baal la.” Se menm bagay pou Izrayèl jodi a. Gen yon ti gwoup Izrayelit Bondye chwazi nan gras li ki rete fidèl. Si se nan gras li li chwazi yo, sa vle di se pa sou baz zèv yo te fè. Si l pa t konsa, nou pa t ap ka pale de gras.
Women 11:1-6 New International Version (NIV)
I ask then: Did God reject his people? By no means! I am an Israelite myself, a descendant of Abraham, from the tribe of Benjamin. God did not reject his people, whom he foreknew. Don’t you know what Scripture says in the passage about Elijah—how he appealed to God against Israel: “Lord, they have killed your prophets and torn down your altars; I am the only one left, and they are trying to kill me”? And what was God’s answer to him? “I have reserved for myself seven thousand who have not bowed the knee to Baal.” So too, at the present time there is a remnant chosen by grace. And if by grace, then it cannot be based on works; if it were, grace would no longer be grace.
Women 11:1-6 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Je demande donc : Dieu aurait-il rejeté son peuple ? Assurément pas ! En effet, ne suis-je pas moi-même Israélite, descendant d’Abraham, de la tribu de Benjamin ? Non, Dieu n’a pas rejeté son peuple qu’il s’est choisi d’avance. Rappelez-vous ce que dit l’Ecriture dans le passage rapportant l’histoire d’Elie dans lequel celui-ci se plaint à Dieu au sujet d’Israël : Seigneur, ils ont tué tes prophètes, ils ont démoli tes autels. Et moi, je suis resté tout seul, et voilà qu’ils en veulent à ma vie . Eh bien ! quelle a été la réponse de Dieu ? J’ai gardé en réserve pour moi sept mille hommes qui ne se sont pas prosternés devant le dieu Baal . Il en est de même dans le temps présent : il subsiste un reste que Dieu a librement choisi dans sa grâce. Or, puisque c’est par grâce, cela ne peut pas venir des œuvres, ou alors la grâce n’est plus la grâce.