Women 11:1-10
Women 11:1-10 1998 Haïtienne (HAT98)
Koulyeya m'ap mande: Eske Bondye voye pèp li a jete? Men non. Paske mwen menm tou, mwen nan ras pèp Izrayèl la, mwen se pitit pitit Abraram. Mwen soti nan branch fanmi Benjamen. Non, Bondye pa voye pèp li te chwazi davans lan jete. Eske ou pa chonje sa ki ekri nan liv la, kote y'ap rakonte kijan Eli t'ap pote Bondye plent pou pèp Izrayèl la: Bondye, yo touye pwofèt yo, yo kraze lotèl ou yo. Se mwen menm sèl ki rete. Men y'ap chache wete lavi m tou? Men repons Bondye te ba li: Mwen gen sètmilòm ki pa janm met jenou tè devan Baal. Konsa tou, kounyeya, gen yon ti rès Bondye te chwazi nan pèp la, se yon favè li te fè yo. Se pa paske yo te fè sa ki byen kifè Bondye te fè yo favè sa a. Men se paske Bondye te vle fè l pou yo. Si se pat konsa, favè Bondye a pa ta yon favè tout bon ankò. Bon. Kisa n'a di kounyeya? Sa pèp Izrayèl la t'ap chache a, li pat jwenn li. Men, moun Bondye te chwazi yo, se yo ase ki jwenn li. Kanta pou lòt yo, yo vin gen tèt di, dapre jan sa te ekri nan Liv la: Bondye te rann lespri yo lou, yo gen je, men yo pa ka wè. Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande jouk jòdi a. David, bò pa l, di tou: Se pou resèpsyon y'ap fè yo tounen yon senn, yon pèlen pou yo, pou yo menm yo pran ladan l, pou yo resevwa chatiman yo. Se pou je yo bouche pou yo pa wè menm. Fè yo mache do ba tout tan.
Women 11:1-10 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Alors je demande : Est-ce que Dieu a rejeté son peuple ? Sûrement pas ! La preuve, moi, je suis israélite, de la famille d’Abraham, de la tribu de Benjamin. Dieu n’a pas rejeté son peuple, qu’il a choisi d’avance. Dans les Livres Saints, Élie se plaint à Dieu du peuple d’Israël. Vous connaissez sûrement ses paroles. Voici ce qu’il dit : « Seigneur, ils ont tué tes prophètes, ils ont détruit tes autels. Moi seul, je suis resté et ils veulent me tuer. » Quelle est la réponse de Dieu ? La voici : « J’ai gardé pour moi 7 000 hommes, ceux qui n’ont pas plié les genoux devant le dieu Baal. » Aujourd’hui, c’est la même chose. Il reste un petit nombre de gens que Dieu a choisis par amour. Mais si Dieu les a choisis par amour, ce n’est pas à cause de ce qu’ils ont fait, sinon, l’amour de Dieu ne serait pas un amour gratuit. Qu’est-ce que cela veut dire ? Ce que le peuple d’Israël cherche, il ne l’a pas trouvé, mais ceux que Dieu a choisis, eux, ils ont trouvé ce qu’ils cherchaient. Les autres n’ont pas voulu comprendre. En effet, les Livres Saints disent : « Jusqu’à maintenant, Dieu a endormi leur intelligence, il a empêché leurs yeux de voir et leurs oreilles d’entendre. » Le roi David dit aussi : « Que leurs repas deviennent pour eux un piège, un trou où ils tombent ! Qu’ils soient punis, qu’ils deviennent aveugles, qu’ils ne voient plus rien du tout ! Et fais-leur courber le dos sans arrêt ! »
Women 11:1-10 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
“Sa fè m ap mande, èske Bondye voye pèp li a jete?” Se pa sa ditou! Egzanp lavi pa m pwouve sa. An reyalite mwen menm, m se moun pèp Izrayèl la. M soti nan ras Abraram, m soti nan fanmi Benjamen. Bondye te chwazi Izrayèl pou pèp pa l anvan menm yo te fèt, li pa voye pèp la jete. Selon sa ki ekri nan Bib la, Eli te pote plent bay Bondye kont pèp Izrayèl la. Se sèten nou konnen sa l te di: “Senyè, yo touye pwofèt ou yo, yo kraze lotèl ou yo. M se sèl pwofèt ki rete vivan, epi men y ap chache touye m.” Men, ki repons Bondye te bay Eli? Men sa Bondye te di l: “M gen 7,000 moun de rezèv ki pa janm met ajenou devan zidòl ki rele Baal la.” Se menm bagay pou Izrayèl jodi a. Gen yon ti gwoup Izrayelit Bondye chwazi nan gras li ki rete fidèl. Si se nan gras li li chwazi yo, sa vle di se pa sou baz zèv yo te fè. Si l pa t konsa, nou pa t ap ka pale de gras. Kisa sa vle di? Sa vle di: Pi fò pèp Izrayèl la pa jwenn sa yo t ap chache a. Men ti rès Izrayelit Bondye te chwazi yo te jwenn li. Men lòt yo, yo fèmen kè yo pou yo pa konprann. Se sa Bib la di: “Bondye fè yo dòmi pou yo pa tande.” “Bondye bouche je yo pou yo pa wè, epi li bouche zòrèy yo pou fè yo pa ka tande. Sa kontinye jouk kounye a.” David deklare li menm tou: “Tab kote y ap fete tounen yon pyèj pou yo, yon filè, yon kote ki fè yo fè bitay. Se pou bon moman sa yo fè yo tonbe pou yo jwenn pinisyon yo merite. Se pou je yo bouche pou yo pa ka wè, se pou y ap koube do yo tout tan anba gwo chay lou ak sousi.”
Women 11:1-10 New International Version (NIV)
I ask then: Did God reject his people? By no means! I am an Israelite myself, a descendant of Abraham, from the tribe of Benjamin. God did not reject his people, whom he foreknew. Don’t you know what Scripture says in the passage about Elijah—how he appealed to God against Israel: “Lord, they have killed your prophets and torn down your altars; I am the only one left, and they are trying to kill me”? And what was God’s answer to him? “I have reserved for myself seven thousand who have not bowed the knee to Baal.” So too, at the present time there is a remnant chosen by grace. And if by grace, then it cannot be based on works; if it were, grace would no longer be grace. What then? What the people of Israel sought so earnestly they did not obtain. The elect among them did, but the others were hardened, as it is written: “God gave them a spirit of stupor, eyes that could not see and ears that could not hear, to this very day.” And David says: “May their table become a snare and a trap, a stumbling block and a retribution for them. May their eyes be darkened so they cannot see, and their backs be bent forever.”
Women 11:1-10 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Je demande donc : Dieu aurait-il rejeté son peuple ? Assurément pas ! En effet, ne suis-je pas moi-même Israélite, descendant d’Abraham, de la tribu de Benjamin ? Non, Dieu n’a pas rejeté son peuple qu’il s’est choisi d’avance. Rappelez-vous ce que dit l’Ecriture dans le passage rapportant l’histoire d’Elie dans lequel celui-ci se plaint à Dieu au sujet d’Israël : Seigneur, ils ont tué tes prophètes, ils ont démoli tes autels. Et moi, je suis resté tout seul, et voilà qu’ils en veulent à ma vie . Eh bien ! quelle a été la réponse de Dieu ? J’ai gardé en réserve pour moi sept mille hommes qui ne se sont pas prosternés devant le dieu Baal . Il en est de même dans le temps présent : il subsiste un reste que Dieu a librement choisi dans sa grâce. Or, puisque c’est par grâce, cela ne peut pas venir des œuvres, ou alors la grâce n’est plus la grâce. Que s’est-il donc passé ? Ce que le peuple d’Israël cherchait, il ne l’a pas trouvé ; seuls ceux que Dieu a choisis l’ont obtenu. Les autres ont été rendus incapables de comprendre, conformément à ce qui est écrit : Dieu a frappé leur esprit de torpeur, leurs yeux de cécité et leurs oreilles de surdité, et il en est ainsi jusqu’à ce jour . De même David déclare : Que leurs banquets deviennent pour eux un piège, un filet, une cause de chute, et qu’ils y trouvent leur châtiment. Que leurs yeux s’obscurcissent ╵ au point de ne plus voir, fais-leur courber le dos ╵ continuellement !