Women 10:10-17
Women 10:10-17 1998 Haïtienne (HAT98)
Paske, lè yon moun gen konfyans tout bon nan kè l, se lè sa a Bondye fè l gras. Lè yon moun deklare ak bouch li devan tout moun li gen konfyans nan Bondye, se lè sa a Bondye delivre li, dapre sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki mete konfyans yo nan li p'ap janm sòti wont. Konsa, nanpwen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif: yo tout gen yon sèl Mèt ki bay tout moun ki rele l favè l an kantite. Se sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki rele non Mèt la gen pou jwenn delivrans. Ki jan y'a fè rele l, si yo poko gen konfyans nan li? Ki jan pou yo gen konfyans nan li, si yo pa tande pale sou li? Ki jan pou yo tande pale sou li, si pa gen pèsonn pou fè konnen mesay la? Ki jan pou yo fè fè konnen mesay la, si pa gen moun yo voye pou sa? Dapre sa ki te ekri a: Ala bèl bagay lè ou wè moun k'ap pote yon Bòn Nouvèl ap vini! Men, se pa tout ki asepte Bòn Nouvèl la. Se poutèt sa Ezayi te di: Mèt, kilès ki te kwè mesay nou te bay la? Konsa, se lè ou tande mesay la ou vin gen konfyans. Mesay la, se pawòl Kris la y'ap anonse.
Women 10:10-17 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
En effet, quand nous croyons de tout notre cœur, Dieu nous rend justes, quand nous affirmons notre foi devant tous, il nous sauve. Oui, les Livres Saints disent : « Ceux qui croient en lui ne le regretteront pas. » Alors, il n’y a pas de différence entre les Juifs et ceux qui ne sont pas juifs. Tous ont le même Seigneur, il donne ses bienfaits à tous ceux qui font appel à lui. Les Livres Saints le disent : « Tous ceux qui feront appel au Seigneur seront sauvés. » Mais comment s’adresser au Seigneur si on ne croit pas en lui ? Et comment croire au Seigneur si on n’a pas entendu parler de lui ? Et comment entendre parler de lui si personne ne l’annonce ? Et comment l’annoncer si personne n’est envoyé pour cela ? Les Livres Saints le disent bien : « Quelle joie de voir arriver ceux qui apportent de bonnes nouvelles. » Mais tous n’ont pas obéi à la Bonne Nouvelle. Oui, Ésaïe le dit : « Seigneur, qui a cru à notre message ? » On devient croyant quand on écoute le message, et ce message, c’est la parole du Christ.
Women 10:10-17 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Wi, si nou kwè nan Jezi ak tout kè nou, Bondye fè nou vin lib devan l, lè nou temwanye lafwa nou ak bouch nou, Bondye sove nou. Wi, Pawòl Bondye di: “Nenpòt moun ki kwè nan li p ap janm wont.” Konsa, pa gen okenn diferans ant moun ki Jwif ak moun ki pa Jwif, paske yo tout gen menm Senyè ki pare pou beni tout moun ki rele l. Men sa Bib la di, “Nenpòt moun ki rele nan non Senyè a ap sove.” Men kijan pou yo envoke l si yo pa kwè nan li? Kòman pou yo rive kwè nan li san yo pa tande l? Kòman pou yo rive tande, si pa gen moun k ap preche? Kòman pou fè gen moun k ap preche, si pèsòn pa voye yo? Dapre sa Pawòl Bondye di: “Ala bèl sa bèl, lè w wè moun k ap pote Levanjil la ap rive!” Men, se pa yo tout ki obeyi sa Levanjil la di. Se poutèt sa Ezayi te di: “Senyè, ki moun ki kwè nan mesaj nou?” Konsa, lafwa vini lè nou tande Bòn Nouvèl la, epi nou tande Bòn Nouvèl la lè yon moun pale nou de Kris la.
Women 10:10-17 New International Version (NIV)
For it is with your heart that you believe and are justified, and it is with your mouth that you profess your faith and are saved. As Scripture says, “Anyone who believes in him will never be put to shame.” For there is no difference between Jew and Gentile—the same Lord is Lord of all and richly blesses all who call on him, for, “Everyone who calls on the name of the Lord will be saved.” How, then, can they call on the one they have not believed in? And how can they believe in the one of whom they have not heard? And how can they hear without someone preaching to them? And how can anyone preach unless they are sent? As it is written: “How beautiful are the feet of those who bring good news!” But not all the Israelites accepted the good news. For Isaiah says, “Lord, who has believed our message?” Consequently, faith comes from hearing the message, and the message is heard through the word about Christ.
Women 10:10-17 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
car celui qui croit dans son cœur, Dieu le déclare juste ; celui qui affirme de sa bouche, Dieu le sauve. En effet, l’Ecriture dit : Celui qui met en lui sa confiance ╵ ne connaîtra jamais le déshonneur . Ainsi, il n’y a pas de différence entre Juifs et non-Juifs. Car tous ont le même Seigneur qui donne généreusement à tous ceux qui font appel à lui. En effet, il est écrit : Tous ceux qui invoqueront le Seigneur seront sauvés . Mais comment feront-ils appel à lui s’ils n’ont pas cru en lui ? Et comment croiront-ils en lui s’ils ne l’ont pas entendu ? Et comment entendront-ils s’il n’y a personne pour le leur annoncer ? Et comment y aura-t-il des gens pour l’annoncer s’ils ne sont pas envoyés ? Aussi est-il dit dans l’Ecriture : Qu’ils sont beaux ╵ les pas de ceux qui annoncent ╵ de bonnes nouvelles ! Mais, malheureusement, tous n’ont pas obéi à cette Bonne Nouvelle. Esaïe déjà demandait : Seigneur, qui a cru à notre message ? Donc, la foi naît du message que l’on entend, et ce message vient par la parole de Christ.