Women 1:19-23
Women 1:19-23 1998 Haïtienne (HAT98)
Bondye ap pini yo tou, paske tou sa yo fèt pou konnen sou Bondye, li parèt aklè devan je yo. Se Bondye menm ki fè sa vin konsa pou yo. Se vre wi. Depi Bondye te fin kreye tout bagay, tout moun ki egzaminen travay li yo ka konprann ki kalite moun Bondye ye, bagay nou pa ka wè ak je nou: ki vle di, jan li gen yon pouvwa ki p'ap janm fini, jan li se Bondye tout bon. Se sa k fè moun sa yo pa gen eskiz menm. Yo te konn Bondye byen pwòp, men yo pa bay Bondye lwanj ki pou li, yo pa di l mèsi jan l merite l la. Lekontrè, y'ap mete yon bann lide ki pa gen sans nan tèt yo, yo san konprann, fènwa fin plen kè yo. Y'ap mache di se moun lespri yo ye. Men, se fou yo fin fou. Pase pou yo adore Bondye ki san fen an, pase yo admire tout bèl bagay li yo, yo pito sèvi pòtre lòm mòtèl, pòtre zwazo, pòtre bèt kat pat ak bèt k'ap mache sou vant.
Women 1:19-23 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Oui, ce qu’on peut connaître de Dieu est clair pour eux, parce que Dieu les a éclairés. La puissance sans limites de Dieu et ce qu’il est lui-même sont des réalités qu’on ne voit pas. Mais depuis la création du monde, l’intelligence peut les connaître à travers ce qu’il a fait. Les êtres humains sont donc sans excuse. En effet, ils ont connu Dieu, mais ils ne lui ont pas rendu gloire et ils ne l’ont pas remercié. Pourtant, c’est ce qu’on doit faire pour Dieu. Au contraire, leurs idées sont devenues fausses, et leur cœur sans intelligence a perdu la lumière. Ils disent qu’ils ont la sagesse, mais ils sont devenus fous. Au lieu d’adorer le Dieu glorieux qui ne meurt pas, ils ont adoré des objets. Ces objets représentent une personne, qui doit mourir, ou bien des oiseaux, des animaux à quatre pattes et des serpents.
Women 1:19-23 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Bondye an kòlè kont yo, paske yo te dwe gen plis konesans, pa vre? Yo konnen tout sa moun ka konnen sou Bondye. Wi, paske Bondye, li menm, li montre yo tout sa aklè. Gen bagay Bondye genyen moun pa ka wè: egzanp puisans san limit li ak sa ki fè Bondye se Bondye toutbon vre. Tout bagay sa yo, moun ka konprann yo byen fasil nan sa Bondye fè, depi nan kreyasyon an. Bondye fè yo parèt byen klè nan sa l fè. Se poutèt sa, pa gen eskiz pou pèsòn. Paske, menm lè yo te konnen Bondye, yo pa t ni adore l jan yo te dwe adore l ni di l mèsi kòm sa dwa. Okontrè, panse yo te vin menm jan ak panse moun fou epi lespri yo te egare nèt plonje nan fènwa. Menm lè yo te pran pòz yo saj, se fou yo te fou. Olye yo adore Bondye k ap viv pou tout tan an, yo te brade li ak adorasyon yo bay zidòl yo, bagay yo fè ki sanble ak moun ki ka tonbe malad epi ki ka mouri. Yo te fè yo pou yo ka sanble ak zwazo, zannimo ak bèt ki mache trennen sou vant.
Women 1:19-23 New International Version (NIV)
since what may be known about God is plain to them, because God has made it plain to them. For since the creation of the world God’s invisible qualities—his eternal power and divine nature—have been clearly seen, being understood from what has been made, so that people are without excuse. For although they knew God, they neither glorified him as God nor gave thanks to him, but their thinking became futile and their foolish hearts were darkened. Although they claimed to be wise, they became fools and exchanged the glory of the immortal God for images made to look like a mortal human being and birds and animals and reptiles.
Women 1:19-23 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
En effet, ce qu’on peut connaître de Dieu est clair pour eux, Dieu lui-même le leur ayant fait connaître. Car, depuis la création du monde, les perfections invisibles de Dieu, sa puissance éternelle et sa divinité se voient dans ses œuvres quand on y réfléchit. Ils n’ont donc aucune excuse, car alors qu’ils connaissent Dieu, ils ne lui rendent pas l’honneur que l’on doit à Dieu et ne lui expriment pas leur reconnaissance. Ils se sont égarés dans des raisonnements absurdes et leur pensée dépourvue d’intelligence s’est trouvée obscurcie. Ils se prétendent sages, mais ils sont devenus fous. Ainsi, au lieu d’adorer le Dieu immortel et glorieux, ils adorent des idoles, images d’hommes mortels, d’oiseaux, de quadrupèdes ou de reptiles.