Revelasyon 14:1-5
Revelasyon 14:1-5 1998 Haïtienne (HAT98)
Apre sa mwen gade, mwen wè ti Mouton an kanpe sou mòn Siyon an. Li te gen sankarannkatmil (144.000) moun avèk li. Yo tout te gen non l ansanm ak non Papa a ekri sou fwon yo. Mwen tande yon vwa ki sòti nan syèl la: se te tankou bri yon gwo dlo k'ap tonbe nan yon kaskad, ou ankò yon gwo kout loray. Vwa mwen tande a te tankou yon mizik lè anpil moun ap jwe gita. Tout sankarannkatmil moun yo te kanpe la devan fòtèy la, devan kat bèt vivan yo ansanm ak granmoun yo. Yo t'ap chante yon kantik tou nèf. Pèsonn pat kapab aprann chante sa a, apa sankarannkatmil (144.000) moun sa yo ki te delivre pami moun ki sou latè. Moun sa yo, se moun ki pat fè sa ki mal ak fanm, yo te rete nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Y'ap mache dèyè ti Mouton an kote l pase. Nan tout moun ki sou latè a se yo ki te delivre. Yo se premye moun yo te ofri bay Bondye ansanm ak ti Mouton an. Manti pat janm sòti nan bouch yo, yo san repwòch.
Revelasyon 14:1-5 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Je regarde encore : je vois l’Agneau debout sur la montagne de Sion. Avec lui, il y a 144 000 personnes . Le nom de l’Agneau et le nom de son Père sont écrits sur leurs fronts. J’entends une voix qui vient du ciel. On dirait le bruit des vagues de la mer, ou le bruit d’un grand coup de tonnerre. La voix que j’entends ressemble au son des harpes quand des musiciens en jouent. Ces milliers de personnes chantent un chant nouveau devant le siège royal, devant les quatre êtres vivants et devant les anciens. Personne ne peut apprendre ce chant, sauf les 144 000 qui viennent de la terre. Ils ont été rachetés très cher. Eux, ils n’ont pas sali leur vie avec des prostituées, ils n’ont eu aucun contact avec elles. Eux, ils suivent l’Agneau partout où il va. Ils ont été rachetés très cher parmi les êtres humains, ainsi, ils sont offerts les premiers à Dieu et à l’Agneau. Jamais ils n’ont ouvert la bouche pour mentir, ils sont sans défaut.
Revelasyon 14:1-5 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Apre sa, m gade, m wè Ti Mouton an, li te kanpe sou Mòn Siyon an. Te gen 144,000 moun avèk li. Yo tout te gen non l ak non papa l ekri sou fon yo. Epi m tande yon gwo bri soti nan syèl la, yon bri tankou bri gwo inondasyon dlo k ap desann ansanm ak gwo kout loray. Men bri sa a te fè m sonje yon bann moun ki konn jwe gita, ki t ap jwe. Pèp la t ap chante yon chan nouvo devan twòn nan, devan kat kreyati vivan yo ansanm ak granmoun yo. Moun ki te ka aprann chan nouvo sa a se 144,000 moun sa yo sèlman, moun yo te rachte sou latè yo. Pa gen pyès lòt moun ankò ki te ka aprann li. Moun sa yo se moun ki pa t sal tèt yo nan fè peche seksyèl ak fi, yo san peche. Y ap mache dèyè Ti Mouton an tout kote l ale. Yo se moun ki te rachte pami lèzòm tankou ofrann pou Bondye ak pou Ti Mouton an. Yo se moun ki pa janm bay manti: yo san fot.
Revelasyon 14:1-5 New International Version (NIV)
Then I looked, and there before me was the Lamb, standing on Mount Zion, and with him 144,000 who had his name and his Father’s name written on their foreheads. And I heard a sound from heaven like the roar of rushing waters and like a loud peal of thunder. The sound I heard was like that of harpists playing their harps. And they sang a new song before the throne and before the four living creatures and the elders. No one could learn the song except the 144,000 who had been redeemed from the earth. These are those who did not defile themselves with women, for they remained virgins. They follow the Lamb wherever he goes. They were purchased from among mankind and offered as firstfruits to God and the Lamb. No lie was found in their mouths; they are blameless.
Revelasyon 14:1-5 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Alors je vis l’Agneau qui se tenait debout sur le mont Sion, et avec lui, les cent quarante-quatre mille qui portent son nom et le nom de son Père inscrits sur leur front. J’entendis une voix qui venait du ciel et qui résonnait comme de grandes eaux, comme le grondement d’un coup de tonnerre violent. C’était comme le son d’un orchestre de harpistes jouant de leurs instruments. Tous ces gens chantaient un cantique nouveau devant le trône, devant les quatre êtres vivants, et devant les représentants du peuple de Dieu. Et ce cantique, personne ne pouvait l’apprendre excepté les cent quarante-quatre mille, les rachetés de la terre. Ce sont ceux qui ne se sont pas souillés avec des femmes, ils sont restés vierges. Ils suivent l’Agneau partout où il va. Ils ont été rachetés d’entre les hommes pour être offerts comme des premiers fruits à Dieu et à l’Agneau. Il ne s’est pas trouvé de mensonge dans leur bouche. Ils sont irréprochables.