Revelasyon 13:1-9
Revelasyon 13:1-9 1998 Haïtienne (HAT98)
Apre sa, mwen wè yon bèt ki t'ap sòti nan lanmè a, li te gen dis kòn ak sèt tèt. Li te gen yon kouwòn sou chak kòn. Li te gen make sou chak tèt li yo yon non ki te yon gwo jouman pou Bondye. Bèt mwen te wè a te sanble ak yon leyopa, tankou yon barak chat takte jòn takte nwa. Pat li te tankou pat lous. Bouch li te tankou bouch lyon. Dragon an ba li pouvwa li. Li ba li plas chèf li te genyen an ansanm ak gwo pouvwa li t'ap egzèse a. Yonn nan sèt tèt yo te resevwa yon blese ki te manke touye li. Men, blese a te geri. Tout moun te sezi wè sa, yo pran swiv bèt la. Tout moun pran adore dragon an paske li te bay bèt la pouvwa li. Yo adore bèt la tou, yo t'ap di: — Kilès ki tankou bèt la? Kilès ki ka goumen avè li? Bèt la te resevwa pouvwa pou l te di tout kalite pawòl awogan pou joure Bondye. Yo ba l pouvwa fè sa l vle pandan karannde mwa. Bèt la pran pale Bondye mal, li pase non Bondye nan betiz ansanm ak kote Bondye rete a, ak tout moun ki rete nan syèl la. Yo ba l pouvwa pou l fè lagè ak tout moun k'ap sèvi Bondye yo, jouk pou l te genyen batay la. Yo ba l pouvwa sou moun tout ras, tout peyi, tout lang ak tout nasyon. Tout moun sou latè pral adore l, sa vle di tout moun ki pat gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a depi lè Bondye t'ap kreye tout bagay la, liv ki pou ti Mouton yo te touye a. Koute byen wi, si nou gen zòrèy pou tande!
Revelasyon 13:1-9 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Ensuite, je vois une bête qui sort de la mer. Elle a dix cornes et sept têtes. Sur chaque corne, il y a une couronne, et sur chaque tête, il y a un nom qui insulte Dieu. La bête que je vois ressemble à un léopard. Ses pattes sont comme celles d’un ours et sa gueule est comme celle d’un lion. À cette bête, le dragon donne sa puissance, son siège royal et un très grand pouvoir. L’une des têtes de la bête semble blessée à mort, mais maintenant, sa blessure est guérie. Alors toute la terre admire cela et elle suit la bête. Tout le monde adore le dragon, parce qu’il a donné le pouvoir à la bête. Ils adorent aussi la bête en disant : « Qui est comme la bête ? Qui peut lutter contre elle ? » La bête reçoit l’autorisation de dire des paroles pleines d’orgueil et des insultes contre Dieu. Elle reçoit le pouvoir d’agir pendant 42 mois . La bête se met à insulter Dieu : elle insulte le nom de Dieu, le lieu où il habite et aussi les habitants du ciel. Elle a le droit de faire la guerre à ceux qui appartiennent à Dieu et de les vaincre. Elle reçoit le pouvoir sur toutes les tribus, sur tous les peuples, sur des gens de toutes langues et sur tous les pays. Tous les habitants de la terre vont l’adorer, sauf ceux qui ont leur nom écrit dans le livre de vie , depuis la création du monde. Ce livre appartient à l’Agneau offert en sacrifice. Celui qui a des oreilles doit bien écouter !
Revelasyon 13:1-9 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Apre sa, m wè yon bèt monte soti nan lanmè a. Li te gen dis kòn ak sèt tèt. Te gen yon kouwòn sou chak kòn. Epi sou chak tèt te gen yon non pou joure Bondye. Bèt mwen wè a te sanble ak yon leyopa. Pat li yo te menm jan ak pat yon lou epi bouch li te menm jan ak bouch yon lyon. Dragon an bay bèt sa a puisans li a, twòn li ak yon gran pouvwa. Youn nan tèt bèt la te blese prèt pou mouri. Men kote l te blese prèt pou mouri a geri. Tout moun sou latè t ap admire epi t ap swiv bèt sa a. Tout moun t ap adore dragon an, paske l te bay bèt la pouvwa a. Tout moun t ap adore bèt la tou, yo t ap di: “Kilès ki menm jan ak bèt la? Kilès ki ka batay ak li?” Bèt la te jwenn otorizasyon pou l di yon bann pawòl plen ak lògèy ansanm ak yon seri pawòl pou joure Bondye. Li te jwenn pouvwa pou l aji pandan 42 mwa. Bèt la te ouvè bouch li epi li t ap joure Bondye: Li joure non Bondye, joure kote Bondye rete a ansanm ak tout sa ki rete nan syèl la. Li te jwenn pouvwa pou l goumen ak moun ki apa pou Bondye yo ak pouvwa pou l ranpòte laviktwa sou yo. Li te jwenn pouvwa sou tout tribi, tout ras moun, sou tout lang ak sou tout peyi. Tout moun toupatou sou latè pral adore bèt la. Moun sa yo se moun ki pa t gen non yo ekri nan liv lavi Ti Mouton an depi anvan mond lan te kòmanse. Ti Mouton an, se li menm yo te touye a. Nenpòt moun ki gen zòrèy pou tande ta dwe tande sa
Revelasyon 13:1-9 New International Version (NIV)
The dragon stood on the shore of the sea. And I saw a beast coming out of the sea. It had ten horns and seven heads, with ten crowns on its horns, and on each head a blasphemous name. The beast I saw resembled a leopard, but had feet like those of a bear and a mouth like that of a lion. The dragon gave the beast his power and his throne and great authority. One of the heads of the beast seemed to have had a fatal wound, but the fatal wound had been healed. The whole world was filled with wonder and followed the beast. People worshiped the dragon because he had given authority to the beast, and they also worshiped the beast and asked, “Who is like the beast? Who can wage war against it?” The beast was given a mouth to utter proud words and blasphemies and to exercise its authority for forty-two months. It opened its mouth to blaspheme God, and to slander his name and his dwelling place and those who live in heaven. It was given power to wage war against God’s holy people and to conquer them. And it was given authority over every tribe, people, language and nation. All inhabitants of the earth will worship the beast—all whose names have not been written in the Lamb’s book of life, the Lamb who was slain from the creation of the world. Whoever has ears, let them hear.
Revelasyon 13:1-9 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Alors je vis monter de la mer une bête qui avait sept têtes et dix cornes. Elle portait sur ses cornes dix diadèmes et sur ses têtes étaient inscrits des titres insultants pour Dieu. La bête que je vis avait l’allure d’un léopard, ses pattes ressemblaient à celles d’un ours et sa gueule à celle d’un lion. Le dragon lui donna sa puissance, son trône et une grande autorité. L’une de ses têtes semblait avoir reçu un coup mortel, comme si elle avait été égorgée. Mais la blessure dont elle aurait dû mourir fut guérie. Là-dessus, le monde entier, rempli d’admiration, se rangea derrière la bête. Les peuples adorèrent le dragon, parce qu’il avait donné son pouvoir à la bête. Ils adorèrent aussi la bête, en disant : « Qui est semblable à la bête ? Qui peut combattre contre elle ? » Il lui fut donné une gueule pour proférer des discours arrogants et insultants contre Dieu. Elle reçut le droit d’exercer son autorité pendant quarante-deux mois. Elle ouvrit sa gueule pour proférer des blasphèmes et insulter Dieu, la Tente où il demeure et ceux dont la demeure est au ciel. Il lui fut même permis de faire la guerre aux membres du peuple saint et de les vaincre . Elle reçut autorité sur tout peuple, toute tribu, toute langue et toute nation. Tous les habitants de la terre l’adoreront, tous ceux dont le nom n’est pas inscrit, depuis l’origine du monde, dans le livre de vie de l’Agneau égorgé. Que celui qui a des oreilles écoute !