Revelasyon 11:1-14
Revelasyon 11:1-14 1998 Haïtienne (HAT98)
Apre sa, yo ban m yon baton wozo ki sèvi pou pran mezi. Yo di mwen konsa: — Leve. Ale pran mezi kay Bondye a ansanm ak lotèl la. Konte konbe moun k'ap adore nan tanp lan. Men, pa okipe gwo lakou ki dèyè tanp lan, pa mezire li. Paske se pou etranje yo li ye, yo menm ki gen pou foule lavil Bondye a anba pye yo pandan karannde mwa. M'ap voye de temwen mwen yo ak rad dèy yo sou yo pou yo pibliye mesaj Bondye a pandan mildesanswasant jou. De temwen yo se de pye oliv ak de lanp ki kanpe la devan Mèt tout latè a. Si yon moun chache fè yo mal, dife ap sòti nan bouch yo, l'ap detwi tout lènmi yo. Se konsa moun k'ap chache fè yo mal gen pou mouri. Yo gen pouvwa fèmen syèl la pou okenn lapli pa tonbe lè y'ap fè konnen mesay Bondye a. Yo gen pouvwa tou pou yo fè dlo tounen san. Yo gen pouvwa pou yo fè tout kalite kalamite tonbe sou latè, kantite fwa y'a vle li. Lè y'a fin di sa yo gen pou di a, bèt ki sòti nan gwo twou san fon an va mare batay ak yo. L'a kraze yo, l'a touye yo. Kadav yo va rete nan mitan lari gwo lavil la, kote yo te kloure Senyè a sou kwa a. Lè sa a, y'a chanje non lavil la. Y'a rele l Sodòm osinon Lejip. Moun tout kalite ras ki sòti nan tout peyi ak nan tout nasyon ki pale tout lang, va rete la ap gade kadav yo pandan twa jou ak yon demi jounen. Yo p'ap kite moun antere yo. Tout moun ki rete sou latè pral kontan lè y'a tande de mesye yo mouri. Y'a fè fèt, y'a voye kado yonn bay lòt, paske se pa ti toumante de pwofèt sa yo pat toumante moun ki rete sou latè. Nan mitan katriyèm jou a, Bondye te soufle sou yo pou l ba yo lavi. Souf Bondye a antre nan yo: yo leve vivan ankò. Tout moun ki te wè yo te pè anpil. Lè sa a, de pwofèt yo tande yon vwa sòti nan syèl la ki t'ap pale byen fò ak yo, li t'ap di yo: — Moute bò isit. Yo moute nan syèl la sou yon nyaj devan tout lènmi ki t'ap gade yo. Menm lè a, yon gwo tranblemanntè fèt. Yon kay sou chak dis kay nan lavil la tonbe kraze. Sètmil (7.000) moun mouri nan tranblemanntè sa a. Lòt moun yo menm te pè anpil, yo t'ap fè lwanj Bondye ki nan syèl la. Konsa, dezyèm malè a te pase! Men, atansyon, twazyèm lan pral vini talè konsa.
Revelasyon 11:1-14 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Puis quelqu’un me donne un roseau qui ressemble à un bâton pour mesurer. Il me dit : « Va mesurer le temple de Dieu et l’autel. Compte aussi ceux qui adorent dans le temple, mais la cour extérieure du temple, laisse-la. Ne la mesure pas, parce qu’on l’a laissée à ceux qui ne connaissent pas Dieu. Ils détruiront tout dans la ville sainte pendant 42 mois. Et j’enverrai mes deux témoins habillés avec des vêtements de deuil. Ils parleront au nom de Dieu pendant 1 260 jours . » Ces deux témoins sont les deux oliviers et les deux lampes qui se tiennent devant le Seigneur de la terre. Si quelqu’un veut leur faire du mal, un feu sort de leur bouche et détruit leurs ennemis. Oui, celui qui veut leur faire du mal mourra de cette façon. Ces témoins ont le pouvoir d’empêcher la pluie de tomber pendant le temps où ils parlent au nom de Dieu. Ils ont le pouvoir de changer l’eau en sang. Ils peuvent frapper la terre de toutes sortes de grands malheurs, aussi souvent qu’ils veulent. Mais quand ils auront fini de rendre témoignage, la bête qui monte du trou sans fond va leur faire la guerre, elle va les vaincre et les tuer. Leurs corps resteront sur la place de la grande ville, là où leur Seigneur a été cloué sur une croix. Cette ville porte les noms de « Sodome » et « Égypte » . Des gens de tous les peuples, de toutes les tribus, de toutes les langues, de tous les pays viendront pour regarder leurs corps pendant trois jours et demi. Ils ne permettront pas qu’on les enterre. Les habitants de la terre seront heureux à cause de la mort de ces deux prophètes. Ils seront dans la joie, ils se feront des cadeaux, parce que ces deux hommes les ont fait beaucoup souffrir. Mais après ces trois jours et demi, un souffle de vie qui vient de Dieu entre dans le corps des prophètes, et ils se mettent debout. Alors ceux qui les regardent ont très peur. Puis les deux prophètes entendent une voix forte qui vient du ciel. Elle leur dit : « Montez ici ! », et ils montent au ciel, dans un nuage, sous les yeux de leurs ennemis. À ce moment-là, il y a un violent tremblement de terre. La deuxième partie de la ville s’écroule et 7 000 personnes meurent dans le tremblement de terre. Ceux qui vivent encore sont effrayés et ils rendent gloire au Dieu qui est au ciel. Le deuxième malheur est passé, mais le troisième malheur va venir bientôt.
Revelasyon 11:1-14 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Apre sa, yo ban m yon baton ki fèt ak bwa wozo pou m mezire. Yo di m: “Al mezire tanp Bondye a, ansanm ak lotèl la. Epi konte ki kantite moun k ap adore anndan l. Men, kite lakou tanp lan, pa mezire l. Paske, yo kite l pou moun ki pa pou Bondye yo. Yo va montre pouvwa yo genyen sou Vil sent lan pandan 42 mwa. M ap bay de temwen yo pouvwa pale nan non Bondye ak rad dèy sou yo, y ap pale nan non Bondye pandan 1,260 jou.” De temwen sa yo, se de pye olivye yo. Yo se de lanp yo tou, ki kanpe devan Senyè a k ap domine sou tout latè. Si yon moun vle fè yo mal, yon dife ap soti nan bouch yo pou detwi lènmi yo. Wi, se kon sa moun ki vle fè yo mal dwe mouri. Temwen sa yo gen pouvwa pou fè lapli pa tonbe pandan tout tan y ap pale nan non Bondye a. Yo gen pouvwa pou fè dlo tounen san. Yo ka frape latè ak tout kalite dezas, de tanzantan, jan yo vle. Lè yo fin temwanye, bèt ki te soti nan twou san fon an ap batay avèk yo, l ap gen viktwa sou yo epi l ap touye yo. Kadav yo ap rete nan lari, sou plas gwo lavil la. Yo bay Lavil sa a yon non an daki, yo rele l Sodòm ak Lejip. Se kote yo te klouwe Senyè a sou kwa a. Moun tout nasyon, tout tribi, tout lang, tout peyi, va vini pou wè kadav yo pandan twa jou edmi. Moun yo p ap kite yo antere yo. Tout moun sou latè ap kontan poutèt yo mouri. Y ap fè fèt, youn ap bay lòt kado, paske de pwofèt sa yo te fè moun soufri anpil. Men, apre twa jou edmi, Bondye soufle yon souf lavi sou yo ankò. Yo leve kanpe sou de pye yo. Lè sa a, tout moun ki te wè yo te pè anpil. Apre sa, de pwofèt yo tande yon vwa ki soti nan syèl la ki di yo: “Monte isit!” Yo monte nan syèl, nan yon nyaj, devan je lènmi yo. Nan menm lè sa a, te gen yon gwo trannmantè vyolan. Yon dizyèm pati nan vil la kraze epi 7,000 moun te mouri nan trannmantè a. Moun ki pa t mouri te nan lapèrèz, yo t ap fè lwanj pou Bondye ki nan syèl la. Dezyèm malè a pase. Men twazyèm malè a nan wout ap vini byen vit.
Revelasyon 11:1-14 New International Version (NIV)
I was given a reed like a measuring rod and was told, “Go and measure the temple of God and the altar, with its worshipers. But exclude the outer court; do not measure it, because it has been given to the Gentiles. They will trample on the holy city for 42 months. And I will appoint my two witnesses, and they will prophesy for 1,260 days, clothed in sackcloth.” They are “the two olive trees” and the two lampstands, and “they stand before the Lord of the earth.” If anyone tries to harm them, fire comes from their mouths and devours their enemies. This is how anyone who wants to harm them must die. They have power to shut up the heavens so that it will not rain during the time they are prophesying; and they have power to turn the waters into blood and to strike the earth with every kind of plague as often as they want. Now when they have finished their testimony, the beast that comes up from the Abyss will attack them, and overpower and kill them. Their bodies will lie in the public square of the great city—which is figuratively called Sodom and Egypt—where also their Lord was crucified. For three and a half days some from every people, tribe, language and nation will gaze on their bodies and refuse them burial. The inhabitants of the earth will gloat over them and will celebrate by sending each other gifts, because these two prophets had tormented those who live on the earth. But after the three and a half days the breath of life from God entered them, and they stood on their feet, and terror struck those who saw them. Then they heard a loud voice from heaven saying to them, “Come up here.” And they went up to heaven in a cloud, while their enemies looked on. At that very hour there was a severe earthquake and a tenth of the city collapsed. Seven thousand people were killed in the earthquake, and the survivors were terrified and gave glory to the God of heaven. The second woe has passed; the third woe is coming soon.
Revelasyon 11:1-14 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Je reçus un roseau, une sorte de baguette d’arpenteur, avec cet ordre : Debout, prends les mesures du temple de Dieu, de l’autel et de ceux qui se prosternent là dans l’adoration. Mais laisse de côté le parvis extérieur du Temple, ne le mesure donc pas, car il a été abandonné aux peuples étrangers. Ils fouleront aux pieds la ville sainte pendant quarante-deux mois. Je confierai à mes deux témoins la mission de prophétiser, habillés de vêtements de deuil, pendant mille deux cent soixante jours. Ces deux témoins sont les deux oliviers et les deux chandeliers qui se tiennent devant le Seigneur de la Terre. Si quelqu’un veut leur faire du mal, un feu jaillit de leur bouche et consume leurs ennemis. Oui, si quelqu’un veut leur faire du mal, c’est ainsi qu’il lui faudra mourir. Ces deux témoins ont le pouvoir de fermer le ciel pour empêcher la pluie de tomber durant tout le temps où ils prophétiseront. Ils ont aussi le pouvoir de changer les eaux en sang et de frapper la terre de toutes sortes de plaies, aussi souvent qu’ils le voudront. Mais lorsqu’ils auront achevé de rendre leur témoignage, la bête qui monte de l’abîme combattra contre eux, elle les vaincra et les tuera. Leurs cadavres resteront exposés sur la place de la grande ville qui s’appelle symboliquement Sodome et Egypte, c’est la ville où leur Seigneur a été crucifié. Des gens de tout peuple, de toute tribu, de toute langue et de toute nation regarderont leurs cadavres pendant trois jours et demi et s’opposeront à leur ensevelissement. Tous les habitants de la terre seront dans la joie à cause de leur mort, ils s’en réjouiront et échangeront des cadeaux, car ces deux prophètes leur auront causé bien des tourments. Mais au bout de ces trois jours et demi, un esprit de vie venu de Dieu entra en eux, et ils se dressèrent sur leurs pieds. La terreur s’empara de tous les assistants. Une voix puissante venant du ciel cria aux deux témoins : « Montez ici ! » ; ils montèrent au ciel dans la nuée sous les regards de leurs ennemis. Au même instant se produisit un grand tremblement de terre qui fit s’effondrer la dixième partie de la ville et, dans ce tremblement de terre, sept mille personnes périrent. Les survivants furent saisis d’effroi, et rendirent hommage au Dieu du ciel. Le deuxième malheur est passé ; voici, le troisième malheur vient rapidement.