Pwovèb 24:1-34
Pwovèb 24:1-34 1998 Haïtienne (HAT98)
Pa anvye sò mechan yo. Pa chache fè zanmi ak yo. Yon sèl bagay ki nan tèt yo, se fè mechanste. Yon sèl pawòl ki nan bouch yo, se fè moun mal. Bon konprann ap fè kay ou kanpe. Bon konesans ap fè l kanpe fèm. Kote ki gen konesans, pyès kay yo plen ak bon bagay ki koute chè. Pito ou gen bon konprann pase ou gen fòs. Wi, moun ki gen konesans vo plis pase moun ki grannèg. Paske, se pou ou ranje plan ou anvan ou antre nan batay. Plis ou gen moun k'ap ba ou konsèy, plis ou gen chans pou ou genyen batay la. Pawòl moun konprann twò wo pou moun san konprann. Yo pa gen anyen pou yo di kote koze serye ap pale. Lè yon moun tout tan ap kalkile jan pou l fè sa ki mal, y'ap rele l malveyan. Tou sa moun san konprann gen lide fè, se fè sa ki mal. Konsa tou, moun pa vle wè moun k'ap plede pase moun nan betiz. Si jou malè ou pa gen kouray pou kenbe, ou pat janm gen fòs vre. Delivre moun y'ap trennen pou y'al touye. Sove moun y'ap bourade pou y'al egzekite. Si ou pran pòz ou pat konn sa, chonje Bondye. Li menm k'ap jije sa ki nan kè moun, l'ap wè sa. Li menm k'ap veye tou sa w'ap fè, l'ap konn sa. L'ap fè tout moun peye pou sa yo fè. Pitit mwen, bwè siwo myèl, sa bon pou ou. Menm jan siwo myèl k'ap koule sòti nan gato myèl dous nan bouch ou, se konsa konesans ak bon konprann bon pou nanm ou. Si ou genyen yo, w'a fè chemen ou nan lavi. Sa w'ap tann lan, lavalas p'ap pote l ale. Pa janm fè plan tankou mechan yo pou chache fofile kò ou anndan kay moun k'ap mache dwat. Pa chache devalize kote l rete a. Paske, moun k'ap mache dwat yo te mèt tonbe sèt fwa. Pa pè, y'ap toujou leve ankò. Men, nan mechanste yo, mechan yo ap tonbe, yo p'ap ka leve ankò. Pa prese fè kè ou kontan lè malè rive lènmi ou. Pa kouri fè fèt lè li bite. Senyè a ap wè sa. Sa p'ap fè l plezi. Li ka rive pa pini l poutèt sa. Pa kite moun k'ap fè sa ki mal fè ou pèdi tèt ou. Pa anvye sò mechan yo. Paske mechan yo pa pral lwen. Lavi yo tankou yon lanp k'ap mouri. Pitit mwen, gen krentif pou Senyè a. Respekte wa a. Ou pa gen anyen pou ou wè ak moun k'ap kenbe tèt ak yo. Moun sa yo ap rete konsa, malè ap tonbe sou yo. Ou pa janm konnen ki kalite malè Senyè a osinon wa a ka fè rive sou ou. Men lòt pawòl moun ki gen bon konprann yo te di ankò. Sa pa bon pou yon jij gade sou figi moun lè l'ap rann jijman. Lè yon jij di yon moun ki fè sa ki mal: Se ou ki gen rezon, jij sa a, tout moun gen pou madichonnen l. Y'ap rayi l toupatou sou latè. Men, jij ki pini moun ki antò a va gen kè kontan. Bondye va beni l. Tout zafè l va mache byen. Lè ou bay yon bon repons, ou aji tankou yon bon zanmi. Regle tout zafè ou. Mete jaden ou anfòm. Apre sa, ou mèt tabli. Pa leve pale sou do frè parèy ou san rezon. Pa bay manti sou li. Pa janm di li fè m, m'ap fè l tou. M'ap fè l peye sa li fè a. Mwen pase bò jaden yon nonm parese, bò jaden rezen yon moun ki san konprann. Pikan te fin pran jaden an nèt. Move zèb t'ap pouse toupatou. Lantouray jaden yo te fin tonbe. Lè mwen wè sa, mwen kalkile. Mwen gade, sa ban m yon leson. Dòmi, kabicha, kouche sou do, kwaze men ou dèyè tèt ou... Se bon! W'ap rete konsa, w'ap wè ou pòv. Mizè ap tonbe sou ou tankou yon ansasen san ou pa atann.
Pwovèb 24:1-34 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Ne sois pas jaloux des gens mauvais, ne désire pas aller avec eux. En effet, ils ne pensent qu’à détruire et ils parlent seulement du mal qu’ils vont faire. Avec l’habileté, on peut construire une maison, avec l’intelligence, on la rend solide. Avec l’expérience, on remplit les chambres de biens précieux et agréables. Un sage est puissant. S’il est savant, il est deux fois plus fort. Aussi calcule bien ton affaire si tu pars à la guerre. Un grand nombre de conseillers donne la victoire. Un homme stupide ne peut pas atteindre la sagesse. C’est pourquoi il ne doit pas ouvrir la bouche quand on discute des affaires de la ville. Celui qui projette de faire du mal, on l’appelle l’artisan des mauvais coups. Les projets d’un homme stupide sont toujours pour le mal, et les gens détestent celui qui se moque de tout. Si tu te décourages le jour où tout va mal, tu as vraiment peu de force ! Délivre les condamnés à mort, sauve-les, eux qui ne tiennent pas debout en allant se faire tuer. Tu diras peut-être : « J’ignorais tout. » Mais celui qui connaît les cœurs sait la vérité. Il t’observe, il connaît tout, il rendra à chacun ce qu’il a fait. Mon enfant, mange du miel, parce que c’est bon pour toi, et il sera doux dans ta bouche. Il en va de même avec la sagesse, tu dois le savoir. Si tu la possèdes, tu auras un avenir, et ton attente ne sera pas déçue. Homme mauvais, ne guette pas la maison de celui qui agit bien, pour piller le lieu où il habite. Celui qui agit bien peut tomber sept fois, il se relèvera toujours. Au contraire, ceux qui agissent mal sont renversés par le malheur. Ne te réjouis pas quand ton ennemi tombe, ne danse pas de joie quand il perd l’équilibre. Sinon, en voyant cela, le SEIGNEUR jugera que c’est mal et il évitera de punir ton ennemi. Ne te mets pas en colère contre ceux qui font du mal, ne sois pas jaloux des gens mauvais. Ceux qui font du mal n’ont pas d’avenir, et la vie des gens mauvais est comme une lampe qui s’éteint. Mon enfant, respecte le SEIGNEUR et le roi. Ne fréquente pas ceux qui veulent tout changer. En effet, ces gens-là peuvent être détruits d’un seul coup. Et tu ignores quel malheur le SEIGNEUR et le roi peuvent leur envoyer. Voici de nouveaux conseils des sages : Quand on juge, ce n’est pas bien de faire des différences entre les gens. Si un juge dit au coupable : « Tu es innocent », la foule maudit ce juge, et le peuple le déteste. Au contraire, ceux qui condamnent les coupables sont satisfaits. Les gens bénissent ces juges et ils leur souhaitent du bonheur. Une réponse franche est une preuve d’amitié. Termine d’abord ton travail dehors, prépare tes champs pour la récolte. Ensuite, tu pourras fonder une famille. N’accuse pas ton prochain sans raison. Est-ce que tu veux mentir ? Ne dis pas : « Je le traiterai comme il m’a traité, je lui rendrai ce qu’il m’a fait. » Un jour, je suis passé près du champ d’un paresseux, près de la vigne d’un homme sans courage. Les mauvaises herbes poussaient partout, tout était caché par les épines, le mur de pierres était tombé. J’ai réfléchi à ce que j’avais vu et j’en ai tiré cette leçon : Tu dors un peu, tu fermes les yeux un petit moment, tu restes couché sans rien faire. Pendant ce temps, la pauvreté arrive chez toi comme un promeneur, la misère te surprend comme un pillard.
Pwovèb 24:1-34 New International Version (NIV)
Do not envy the wicked, do not desire their company; for their hearts plot violence, and their lips talk about making trouble. By wisdom a house is built, and through understanding it is established; through knowledge its rooms are filled with rare and beautiful treasures. The wise prevail through great power, and those who have knowledge muster their strength. Surely you need guidance to wage war, and victory is won through many advisers. Wisdom is too high for fools; in the assembly at the gate they must not open their mouths. Whoever plots evil will be known as a schemer. The schemes of folly are sin, and people detest a mocker. If you falter in a time of trouble, how small is your strength! Rescue those being led away to death; hold back those staggering toward slaughter. If you say, “But we knew nothing about this,” does not he who weighs the heart perceive it? Does not he who guards your life know it? Will he not repay everyone according to what they have done? Eat honey, my son, for it is good; honey from the comb is sweet to your taste. Know also that wisdom is like honey for you: If you find it, there is a future hope for you, and your hope will not be cut off. Do not lurk like a thief near the house of the righteous, do not plunder their dwelling place; for though the righteous fall seven times, they rise again, but the wicked stumble when calamity strikes. Do not gloat when your enemy falls; when they stumble, do not let your heart rejoice, or the LORD will see and disapprove and turn his wrath away from them. Do not fret because of evildoers or be envious of the wicked, for the evildoer has no future hope, and the lamp of the wicked will be snuffed out. Fear the LORD and the king, my son, and do not join with rebellious officials, for those two will send sudden destruction on them, and who knows what calamities they can bring? These also are sayings of the wise: To show partiality in judging is not good: Whoever says to the guilty, “You are innocent,” will be cursed by peoples and denounced by nations. But it will go well with those who convict the guilty, and rich blessing will come on them. An honest answer is like a kiss on the lips. Put your outdoor work in order and get your fields ready; after that, build your house. Do not testify against your neighbor without cause— would you use your lips to mislead? Do not say, “I’ll do to them as they have done to me; I’ll pay them back for what they did.” I went past the field of a sluggard, past the vineyard of someone who has no sense; thorns had come up everywhere, the ground was covered with weeds, and the stone wall was in ruins. I applied my heart to what I observed and learned a lesson from what I saw: A little sleep, a little slumber, a little folding of the hands to rest— and poverty will come on you like a thief and scarcity like an armed man.
Pwovèb 24:1-34 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Ne porte pas envie à ceux qui font le mal et ne recherche pas leur compagnie, car ils ne songent qu’à détruire et ils ne parlent que de nuire. C’est par la sagesse qu’on construit une maison, et par l’intelligence qu’on la rend solide. C’est grâce au savoir que les chambres se remplissent de toutes sortes de biens précieux et agréables. Un homme sage est un homme fort, qui a de la connaissance accroît sa force. En effet, c’est par une bonne stratégie que tu gagneras la bataille, et la victoire s’acquiert grâce à un grand nombre de conseillers. Pour l’insensé, la sagesse est trop élevée ; c’est pourquoi, il n’ouvre pas la bouche dans l’assemblée aux portes de la ville. Qui projette de faire le mal aura la réputation d’être un intrigant. Les machinations insensées sont coupables, et le moqueur se rend odieux. Si tu te laisses abattre au jour de l’adversité, ta force est bien peu de chose. Délivre ceux que l’on entraîne à la mort et sauve ceux qui chancellent et vont se faire tuer. Car si tu dis : « Je ne le savais pas », celui qui sait ce qui se passe au fond des cœurs, ne discerne-t-il pas, lui ? Oui, celui qui protège ta vie le sait, et il rendra à chacun selon ses actes. Mon fils, mange du miel, car c’est bon, ton palais appréciera la douceur de ce qui coule des rayons. De même, connais la sagesse, c’est bon pour toi ; si tu la trouves, il y a de l’avenir pour toi, et ton espérance ne sera pas déçue. Ne tends pas de piège, comme un méchant, contre la maison du juste et ne détruis pas sa demeure, car même si le juste tombe sept fois, il se relèvera, alors que les méchants s’effondrent dans le malheur. Si ton ennemi tombe, ne t’en réjouis pas ; que ton cœur ne jubile pas s’il s’effondre, car l’Eternel le verrait d’un mauvais œil et sa colère risquerait de se détourner de lui. Ne t’irrite pas au sujet de ceux qui font le mal et n’envie pas les méchants, car ceux qui font le mal n’ont pas d’avenir, et la vie des méchants s’éteindra. Crains l’Eternel, mon fils, ainsi que le roi. Ne t’associe pas à ceux qui veulent tout bouleverser, car leur ruine viendra de façon soudaine, et qui sait quel malheur l’Eternel et le roi peuvent leur causer ? Voici encore des proverbes émanant des sages : la partialité, en justice, est une mauvaise chose. Un juge qui dit à un criminel : « Tu es innocent » s’attire la malédiction des foules et l’indignation des gens, mais ceux qui le condamnent s’en trouveront bien et ils obtiendront une belle bénédiction. Qui répond honnêtement donne une preuve de son amitié. Assure ton travail au-dehors, prépare bien tes champs, après cela, tu pourras bâtir ta maison. Ne témoigne pas sans raison contre ton prochain, et ne trompe pas par tes paroles. Ne dis pas : « Je le traiterai comme il m’a traité, je rendrai à cet homme selon ce qu’il a fait. » J’ai passé près du champ d’un paresseux et le long du vignoble d’un homme sans courage, et voici que les orties avaient tout envahi, les ronces recouvraient le sol et le muret de pierres était en ruine. En voyant cela, je me suis mis à réfléchir et j’ai tiré une leçon de ce que j’ai observé : « Je vais juste faire un petit somme, dis-tu, juste un peu m’assoupir, rien qu’un peu croiser les mains et rester couché un instant », mais pendant ce temps, la pauvreté s’introduit chez toi comme un rôdeur, et la misère comme un pillard.