Filipyen 3:3-9
Filipyen 3:3-9 1998 Haïtienne (HAT98)
Si gen moun ki sikonsi tout bon, se pa yo, se nou menm. Paske nou menm, n'ap sèvi Bondye ak Lespri Bondye a, nou kontan dèske n'ap viv ansanm ak Jezikri. Nou pa mete konfyans nou nan sa lèzòm ap fè. Mwen ta ka mete konfyans mwen nan bagay konsa tou, si m te vle. Si gen moun ki kwè yo ka mete konfyans yo nan sa lèzòm ap fè, mwen pi ka fè l pase yo. Mwen te gen wit jou depi m te fèt lè yo sikonsi mwen. Mwen se yon moun Izrayèl natif natal, nan branch fanmi Benjamen, pitit pitit Ebè san (100) pou san (100). Sou kèsyon lalwa Moyiz la menm, se pa pale: se farizyen mwen te ye. Mwen te sitèlman yon patizan fanatik lalwa a, mwen te menm rive pèsekite legliz la. Si yon moun te ka bon paske li fè sa lalwa a mande, enben mwen te bon nèt ale. Men, si yon lè mwen te konsidere tout bagay sa yo tankou yon garanti, kounyeya yo pa vo anyen pou mwen, akòz Kris la. Men, se pa sa sèlman. Se tout bagay menm ki pa vo anyen pou mwen, lè m konpare yo ak gwo avantaj mwen genyen lè m konnen Jezikri tankou Senyè mwen. Poutèt li, mwen voye tout bagay jete, mwen gade yo tankou fatra pou m sa gen Kris la, pou m ka viv ansanm avè l nèt ale. Konsa, mwen pa gen pretansyon mwen bon paske mwen fè sa lalwa a mande. Men, Bondye fè m gras paske mwen mete konfyans mwen nan Kris la. Wi, Bondye fè tout moun ki mete konfyans yo nan li gras.
Filipyen 3:3-9 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Les vrais circoncis, c’est nous. En effet, nous servons Dieu avec l’aide de son Esprit, nous nous vantons à cause du Christ Jésus, nous ne mettons pas notre confiance en nous-mêmes. Pourtant, moi, je pourrais avoir confiance en moi-même. Si quelqu’un d’autre peut penser qu’il a raison d’avoir confiance en lui-même, moi, je peux le penser encore plus. J’ai été circoncis huit jours après ma naissance, je suis né Israélite, de la tribu de Benjamin. Tous mes ancêtres sont juifs, et j’obéissais à la loi de Moïse, comme un Pharisien fidèle. J’y tenais tellement que j’ai fait souffrir l’Église. Au sujet de la justice qui vient de la loi, on ne pouvait rien me reprocher. J’ai cru gagner beaucoup avec ces choses-là, mais maintenant, à cause du Christ, je trouve que c’est une perte. Connaître le Christ Jésus mon Seigneur, voilà le plus important. À mon avis, tout ce qu’on gagne, ce n’est rien à côté de cette connaissance. Pour lui, j’ai tout abandonné. Pour gagner le Christ et pour être uni à lui, je considère toutes ces choses-là comme des ordures. Je ne suis pas juste parce que j’obéis à la loi, mais parce que je crois au Christ. C’est Dieu qui rend juste, et il rend juste celui qui croit.
Filipyen 3:3-9 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Paske lè nou byen gade epi lè nou byen reflechi, nan yon sans espirityèl se nou menm ki sikonsi, nou menm k ap adore Bondye selon Sentespri a. Nou pa mete konfyans nou ni nan tèt nou ni nan sa nou fè, men nou ka santi n fyè dèske se nan Jezikris nou mete konfyans nou. Poutan, m ta gen anpil rezon pou m ta mete konfyans mwen nan tèt mwen. Si yon moun kwè li gen rezon pou l kwè nan tèt li, enben mwen gen plis rezon pase l toujou. Se sou 8 jou, apre m fin fèt, mwen te sikonsi. Mwen soti nan ras Izrayèl. Mwen soti nan tribi Benjamen. Mwen se yon bon Jwif, ata paran m se Jwif. Kanta pou Lalwa menm, mwen se yon Farizyen. Kanta zèl pou relijyon Jwif la, mwen se moun ki te konn pèsekite legliz Kris la. Kanta pou sa Lalwa di ki dwat, pa gen moun ki ka jwenn fot nan mwen. Poutan sa ki te yon avantaj pou mwen lontan, jodi a mwen konsidere yo tankou bagay ki san valè poutèt Kris. Anplis pa gen anyen ki gen valè pou mwen lè m pran konpare yo ak enpòtans relasyon mwen genyen ak Jezi Senyè a. Mwen mete tout bagay sou kote epi mwen konsidere yo tankou fatra pou m ka genyen Kris. Mwen vle pou Kris nèt. Se Kris ki fè mwen dwat devan Bondye, men sa pa soti nan obeyisans ak sa lalwa mande, men nan fidelite Kris. Mwen vin yon moun ki dwat devan Bondye pa mwayen lafwa mwen nan Kris la.
Filipyen 3:3-9 New International Version (NIV)
For it is we who are the circumcision, we who serve God by his Spirit, who boast in Christ Jesus, and who put no confidence in the flesh— though I myself have reasons for such confidence. If someone else thinks they have reasons to put confidence in the flesh, I have more: circumcised on the eighth day, of the people of Israel, of the tribe of Benjamin, a Hebrew of Hebrews; in regard to the law, a Pharisee; as for zeal, persecuting the church; as for righteousness based on the law, faultless. But whatever were gains to me I now consider loss for the sake of Christ. What is more, I consider everything a loss because of the surpassing worth of knowing Christ Jesus my Lord, for whose sake I have lost all things. I consider them garbage, that I may gain Christ and be found in him, not having a righteousness of my own that comes from the law, but that which is through faith in Christ—the righteousness that comes from God on the basis of faith.
Filipyen 3:3-9 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
En réalité, c’est nous qui sommes circoncis de la vraie circoncision puisque nous rendons notre culte à Dieu par son Esprit et que nous mettons toute notre fierté en Jésus-Christ – au lieu de placer notre confiance dans ce que l’homme produit par lui-même. Et pourtant, je pourrais, moi aussi, placer ma confiance dans ce qui vient de l’homme. Si quelqu’un croit pouvoir se confier en ce qui vient de l’homme, je le puis bien davantage : j’ai été circoncis le huitième jour, je suis Israélite de naissance, de la tribu de Benjamin, de pur sang hébreu. Pour ce qui concerne le respect de la Loi, je faisais partie des pharisiens. Quant à mon zèle, il m’a conduit à persécuter l’Eglise. Face aux exigences de la Loi, j’étais sans reproche. Toutes ces choses constituaient, à mes yeux, un gain, mais à cause de Christ, je les considère désormais comme une perte. Oui, je considère toutes choses comme une perte à cause de ce bien suprême : la connaissance de Jésus-Christ mon Seigneur. A cause de lui, j’ai accepté de perdre tout cela, oui, je le considère comme bon à être mis au rebut, afin de gagner Christ. Mon désir est d’être trouvé en lui, non pas avec une justice que j’aurais moi-même acquise en obéissant à la Loi mais avec la justice qui vient de la foi en Christ et que Dieu accorde à ceux qui croient.