Filipyen 2:1-21
Filipyen 2:1-21 1998 Haïtienne (HAT98)
Konsa, si se nan Kris la nou jwenn fòs kouray nou tout bon vre, si se renmen li renmen nou an ki ban nou ankourajman tout bon vre, si Sentespri l rete nan kè nou tout bon vre, si tout bon vre nou yonn renmen lòt, si nou sansib yonn pou lòt, enben, men sa m'ap mande nou: Fè kè m kontan nèt. Se pou nou viv byen yonn ak lòt, se pou nou yonn renmen lòt menm jan an, pou nou tout gen yon sèl lide nan tèt nou ak yon sèl santiman nan kè nou. Pa fè anyen nan lide pou fè tèt nou pase pou pi bon, ni pou fè lwanj tèt nou. Men, soumèt nou devan Bondye. Mete nan tèt nou lòt yo pi bon pase nou. Piga pèsonn chache enterè pa l ase. Se pou l chache sa ki bon pou lòt yo tou. Se pou nou yonn gen pou lòt menm santiman ki te nan Jezi Kris la: Sa Bondye ye a, se sa l te toujou ye. Men, li pat janm konsidere sa tankou yon avantaj pou l te chache kenbe ak tout fòs. Okontrè, se li menm menm, poutèt pa li, ki te chwazi mete sa sou kote. Li te pito desann li fè tèt li tounen sèvitè. Li vin menm ak tout moun. Li rabese tèt li. Tankou yon moun, li soumèt devan Bondye. Li obeyi Bondye jouk li rive asepte mouri, wi jouk li asepte mouri sou kwa a. Se poutèt sa, Bondye leve l mete chita kote ki pi wo a. Li ba li yon non ki pi gran pase tout lòt non. Konsa, tou sa ki nan syèl la, tou sa ki sou tè a ak anba tè a, yo tout va mete jenou yo atè devan Jezi pa respè pou non Bondye te ba li a. Tout moun va rekonèt Jezikri se Senyè a. Sa va sèvi yon lwanj pou Bondye Papa a. Se konsa, zanmi m yo, nou tout nou te toujou obeyisan lè m te la avèk nou. Kounyeya m pa la ankò, se lè sa a pou n pi obeyisan: toujou fè jefò pou nou ka fin sove nèt, avèk krentif pou Bondye, avèk soumisyon devan li. Paske, se Bondye menm k'ap travay ni nan volonte nou ni nan fòs nou pou fè nou fè jan lide li di li. Nan tou sa n'ap fè, pa plenyen, pa diskite, pou yo pa jwenn anyen pou yo repwoche nou, pou nou ka fè sa ki byen tankou veritab pitit Bondye, antan n'ap viv nan mitan bann malonèt ak pèvèti ki sou latè yo. Se pou nou sèvi limyè pou lemonn, lè n'ap ba yo mesay ki bay lavi a. Konsa, n'a fè kè m kontan lè jou Kris la va rive. Paske, m'a konnen mwen pat fatige kò m pou gremesi, mwen pat travay mal. Menm si mwen ta dwe ofri lavi m', menm si san m' ta dwe koule pou wouze ofrann n'ap fè pou Bondye paske nou gen konfyans nan li a, m'ap kontan anpil epi m'ap fè kè nou tout kontan ak mwen. Konsa, nou menm tou, se pou nou kontan. Se pou nou fè kè m' kontan ak nou tou. Si Senyè Jezi vle, mwen espere voye Timote wè nou anvan lontan, pou lè m'pran nouvèl nou, sa ka ankouraje mwen. Timote se sèl moun ki gen menm lide avè m, ki vle wè byen nou. Mwen pa gen lòt. Tout lòt yo, se zafè pa yo ase y'ap regle, yo p'ap defann kòz Kris la.
Filipyen 2:1-21 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Le Christ vous rend plus forts. Son amour vous donne du courage et son Esprit vous unit. Vous êtes pleins de tendresse et de pitié les uns pour les autres. C’est vrai, n’est-ce pas ? Eh bien, remplissez-moi de joie en vous mettant d’accord. Ayez un même amour, un même cœur, une même pensée. Ne faites rien pour passer devant les autres ou pour que les autres vous admirent, cela ne vaut rien. Au contraire, soyez simples et pensez que les autres sont meilleurs que vous. Ne cherchez pas votre intérêt à vous, mais cherchez l’intérêt des autres. Entre vous, conduisez-vous comme des gens unis au Christ Jésus. Lui, il est l’égal de Dieu, parce qu’il est Dieu depuis toujours. Pourtant, cette égalité, il n’a pas cherché à la garder à tout prix pour lui. Mais tout ce qu’il avait, il l’a laissé. Il s’est fait serviteur, il est devenu comme les hommes, et tous voyaient que c’était bien un homme. Il s’est fait plus petit encore : il a obéi jusqu’à la mort, et il est mort sur une croix ! C’est pourquoi Dieu l’a placé très haut et il lui a donné le nom qui est au-dessus de tous les autres noms. Alors tous ceux qui sont dans le ciel, sur la terre et chez les morts tomberont à genoux quand ils entendront le nom de Jésus. Et tous reconnaîtront ceci : Jésus-Christ est le Seigneur, pour la gloire de Dieu le Père. C’est pourquoi, amis très chers, obéissez à Dieu comme vous l’avez toujours fait. Obéissez-lui, non seulement quand je suis là, mais encore plus maintenant que je suis absent. Avec un grand respect pour Dieu et en tremblant, travaillez pour être sauvés. Dieu travaille en vous et il vous rend capables de vouloir et de faire les actions qui lui plaisent. Faites tout sans vous plaindre et sans discuter. Ainsi vous serez innocents, on n’aura rien à vous reprocher. Vous serez des enfants de Dieu sans défaut, au milieu de gens malhonnêtes et mauvais. Parmi ces gens-là, vous brillez comme des lumières dans le monde, parce que vous apportez la parole de vie. Le jour où le Christ viendra, je pourrai être fier de vous. Et, on le verra bien : je n’aurai pas travaillé pour rien, je ne me serai pas fatigué pour rien ! Mon sang, c’est-à-dire ma vie, sera peut-être ajouté comme une offrande au sacrifice que votre foi présente à Dieu. Pourtant, cela me rend heureux, et je me réjouis avec vous tous. Vous aussi, soyez heureux et réjouissez-vous avec moi ! Le Seigneur Jésus me fait espérer que je pourrai bientôt vous envoyer Timothée. Ainsi j’aurai des nouvelles de vous, et elles me donneront du courage. En effet, à part Timothée, personne ne porte les mêmes soucis que moi, personne ne s’occupe vraiment de vous. Tous cherchent leur intérêt, et non celui de Jésus-Christ.
Filipyen 2:1-21 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Si nou vle ankouraje m nan Kris la, si nou vle fè m santi m byen, si nou vle fè yon sèl ak mwen nan menm Espri a, si nou vle montre afeksyon ak konpasyon youn pou lòt, n ap fè m santi m kontan anpil si nou gen menm objektif, menm lanmou, si n ap viv nan amoni youn ak lòt, si nou youn ini ak lòt toutbon vre. Pa fè anyen ak lògèy nan fè tèt nou pase pou pi bon pase lòt moun. Men se pou imilite nou fè n konsidere lòt moun pi enpòtan pase nou. Okenn moun pa ta dwe gade enterè pa l sèlman, men nou ta dwe panse ak enterè lòt moun tou. Men sa nou ta dwe genyen kòm objektif: Se pou nou sanble ak Kris nan jan n ap panse. Li menm ak Bondye yo egalego, poutan, li pa t panse gade egalite li ak Bondye a kòm yon avantaj pou l ta chache kenbe ak tout fòs li. Okontrè, li chwazi mete egalite sa a sou kote, san moun pa fòse l, li fè tèt li tounen yon sèvitè, li vin tankou tout moun. Lè l fin fè tèt li tounen yon moun menm jan ak tout moun. Li chwazi soumèt li anba otorite Bondye, li obeyi Bondye jouk nan lanmò li. Se pa nenpòt kalite lanmò, men se te lanmò sou yon kwa. Se sa ki fè, Bondye leve l mete nan plas ki pi wo a epi li ba li non ki pi gran pase tout lòt non. Se poutèt sa, yon jou, tout moun va mete ajenou devan l lè yo va tande tit Jezi genyen nan syèl la, sou tè a ak anba tè a. Yo tout va konfese: “Jezi se Senyè a,” sa va fè Bondye Papa a jwenn anpil glwa. Zanmi m yo, nou toujou obeyi m nan sa m di nou lè mwen avèk nou. Kounye a mwen pa la, li pi enpòtan ankò pou nou fè sa m mande nou fè. Kontinye viv yon fason ki montre nou se moun sove vre. Fè sa ak anpil respè ak krentif pou Bondye. Paske se Bondye ki travay nan nou pou fè nou gen volonte epi se li menm ki fè sa li vle nou fè nan nou. Fè tou sa nou gen pou nou fè san nou pa ni plenyen ni babye. Fè sa pou nou ka pwòp, pou nou ka san repwòch, pou nou ka sanble pitit Bondye pèsonn pa ka akize pou di yo fè sa ki mal pandan y ap viv nan mitan yon jenerasyon moun ki kòwonpi epi ki pèvèti. Se pou nou klere nan mitan yo tankou limyè nan fènwa. Ba yo tout ansèyman ki bay lavi, pou m ka fyè de nou, lè Jezi va retounen. M va wè m pa t travay an ven. Menmsi m ta dwe bay lavi m sou yon lotèl, menmsi m ta dwe ofri sakrifis sèvis lafwa mwen mande bay Bondye, m ap kontan, kontan ak nou tout. Konsa tou, nou ta dwe kontan epi pataje lajwa nou avè m. Mwen espere ak benediksyon Jezi Senyè a, m va voye Timote ban nou tousuit pou m ka jwenn ankourajman, lè m pran nouvèl nou. Se li m ta vle voye, paske m pa gen okenn lòt moun ankò ki santi yo jan mwen santi m nan, epi ki fè sousi pou nou konsa. Paske tout lòt moun yo ap fè sousi pou pwòp tèt yo, se pa enterè Kris y ap chache.
Filipyen 2:1-21 New International Version (NIV)
Therefore if you have any encouragement from being united with Christ, if any comfort from his love, if any common sharing in the Spirit, if any tenderness and compassion, then make my joy complete by being like-minded, having the same love, being one in spirit and of one mind. Do nothing out of selfish ambition or vain conceit. Rather, in humility value others above yourselves, not looking to your own interests but each of you to the interests of the others. In your relationships with one another, have the same mindset as Christ Jesus: Who, being in very nature God, did not consider equality with God something to be used to his own advantage; rather, he made himself nothing by taking the very nature of a servant, being made in human likeness. And being found in appearance as a man, he humbled himself by becoming obedient to death— even death on a cross! Therefore God exalted him to the highest place and gave him the name that is above every name, that at the name of Jesus every knee should bow, in heaven and on earth and under the earth, and every tongue acknowledge that Jesus Christ is Lord, to the glory of God the Father. Therefore, my dear friends, as you have always obeyed—not only in my presence, but now much more in my absence—continue to work out your salvation with fear and trembling, for it is God who works in you to will and to act in order to fulfill his good purpose. Do everything without grumbling or arguing, so that you may become blameless and pure, “children of God without fault in a warped and crooked generation.” Then you will shine among them like stars in the sky as you hold firmly to the word of life. And then I will be able to boast on the day of Christ that I did not run or labor in vain. But even if I am being poured out like a drink offering on the sacrifice and service coming from your faith, I am glad and rejoice with all of you. So you too should be glad and rejoice with me. I hope in the Lord Jesus to send Timothy to you soon, that I also may be cheered when I receive news about you. I have no one else like him, who will show genuine concern for your welfare. For everyone looks out for their own interests, not those of Jesus Christ.
Filipyen 2:1-21 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
N’avez-vous pas trouvé en Christ un réconfort, dans l’amour un encouragement, par l’Esprit une communion entre vous ? N’avez-vous pas de l’affection et de la bonté les uns pour les autres ? Rendez donc ma joie complète : tendez à vivre en accord les uns avec les autres. Et pour cela, ayez le même amour, une même pensée, et tendez au même but. Ne faites donc rien par esprit de rivalité, ou par un vain désir de vous mettre en avant ; au contraire, par humilité, considérez les autres comme plus importants que vous-mêmes ; et que chacun regarde, non ses propres qualités, mais celles des autres. Tendez à vivre ainsi entre vous, car c’est ce qui convient quand on est uni à Jésus-Christ. Lui qui était de condition divine, ne chercha pas à profiter de l’égalité avec Dieu, mais il s’est dépouillé lui-même, et il a pris la condition d’un serviteur en se rendant semblable aux hommes : se trouvant ainsi reconnu à son aspect, comme un simple homme, il s’abaissa lui-même en devenant obéissant, jusqu’à subir la mort, oui, la mort sur la croix. C’est pourquoi Dieu l’a élevé à la plus haute place et il lui a donné le nom qui est au-dessus de tout nom, pour qu’au nom de Jésus tout être s’agenouille dans les cieux, sur la terre et jusque sous la terre, et que chacun déclare : Jésus-Christ est Seigneur à la gloire de Dieu le Père. Mes chers amis, vous avez toujours été obéissants : faites donc fructifier votre salut, avec toute la crainte qui s’impose, non seulement quand je suis présent, mais bien plus maintenant que je suis absent. Car c’est Dieu lui-même qui agit en vous, pour produire à la fois le vouloir et le faire conformément à son projet bienveillant. Faites tout sans vous plaindre et sans discuter, pour être irréprochables et purs, des enfants de Dieu sans tache au sein d’une humanité corrompue et perverse. Dans cette humanité, vous brillez comme des flambeaux dans le monde, en portant la Parole de vie. Ainsi, lorsque viendra le jour de Christ, vous serez mon titre de gloire : je n’aurai pas couru pour rien et ma peine n’aura pas été inutile. Et même si je dois m’offrir comme une libation pour accompagner le sacrifice que vous offrez à Dieu, c’est-à-dire le service de votre foi, je m’en réjouis et je me réjouis avec vous tous. Vous aussi, de la même manière, réjouissez-vous, et réjouissez-vous avec moi. J’espère, en comptant sur le Seigneur Jésus, vous envoyer bientôt Timothée pour être moi-même encouragé par les nouvelles qu’il me donnera de vous. Il n’y a personne ici, en dehors de lui, pour partager mes sentiments et se soucier sincèrement de ce qui vous concerne. Car tous ne s’intéressent qu’à leurs propres affaires et non à la cause de Jésus-Christ.