Filipyen 1:15-23
Filipyen 1:15-23 1998 Haïtienne (HAT98)
Gen ladan yo k'ap preche Kris la paske yo gen jalouzi nan kè yo. Gen lòt menm, se pou fè moun konkirans. Men gen lòt tou k'ap preche ak bon santiman. Se renmen Bondye a k'ap pouse yo fè l, paske yo konnen se Bondye menm ki ban m travay sa a pou m ka defann bòn nouvèl la. Men, lòt yo ap fè konnen Kris la ak move lide dèyè tèt yo, y'ap fè l pou lanbisyon pèsonèl pa yo. Y'ap fè l pou chache m kont. Yo konprann yo ka fè m lapenn antan m nan prizon an. Men, sa pa fè m anyen. Kit yo gen bon lide, kit yo gen move lide, tout jan se Kris la y'ap fè konnen. Epi sa fè kè m kontan. M'ap pi kontan toujou, paske mwen konnen tout bagay sa yo pral vire anbyen pou mwen, gremesi lapriyè n'ap fè pou mwen ak lasistans Lespri Jezikri a ap ban mwen. Paske, mwen ta renmen pou m pa sòti wont nan anyen. Se la tout espwa m pou m ka pale ak kouray, pou jòdi a tankou anvan lèzòm ka wè pouvwa Kris la nan mwen, kit mwen vivan, kit mwen mouri. Paske viv pou mwen se Kris, mouri se gany. Men si viv sou tè sa a toujou, sa ap pèmèt mwen akonpli kèk bagay itil, nan ka sa a mwen pa konn sa pou m'chwazi. Mwen anbalan: mwen ta renmen kite tè sa a pou mwen avèk Kris. Sa ta preferab.
Filipyen 1:15-23 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Certains annoncent le Christ avec un cœur bon, ils le font par amour. Ils savent que je suis en prison pour défendre la Bonne Nouvelle. Mais d’autres le font par jalousie. Ils veulent s’opposer à moi et ils annoncent le Christ pour passer les premiers. Leurs raisons sont malhonnêtes, et de cette façon, ils pensent rendre plus dure ma vie en prison. Leurs intentions peuvent être droites ou tordues, peu importe ! En tout cas, ils annoncent tous le Christ ! C’est pourquoi je suis dans la joie et je me réjouirai encore. En effet, le résultat, je le connais : je serai sauvé par votre prière et avec l’aide de l’Esprit de Jésus-Christ. Je désire que cela arrive, et je l’espère vivement. Je ne le regretterai pas, au contraire, je garde une grande confiance. Aujourd’hui comme toujours, on verra en moi que le Christ est grand, soit par ma vie soit par ma mort. Oui, pour moi, vivre, c’est le Christ, et si je dois mourir, j’y gagne ! Mais si, en continuant à vivre, je peux faire un travail utile, je ne sais pas quoi choisir. Je suis tiré des deux côtés : j’ai envie de quitter cette vie pour être avec le Christ, et c’est en effet beaucoup mieux !
Filipyen 1:15-23 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Se vre, gen kèk nan yo ki preche nan non Jezi paske yo jalou epi yo vle fè polemik. Men gen lòt tou ki fè l paske yo renmen fè sa. Moun ki aji konsa, se renmen yo renmen m, yo konnen se Bondye ki mete m kote m ye a pou m defann Levanjil la. Men lòt yo anonse Levanjil Kris la ak yon lespri egoyis, yo pa sensè, epi yo panse yo ka ban m pwoblèm pandan m nan prizon an. Men sa sa fè? Kit yo sensè kit yo pa sensè, sa ki pi enpòtan an se pale y ap pale moun de Jezi. Sa fè kè m kontan. Epi sa ap kontinye fè kè m kontan. Mwen konnen m ap rive jwenn liberasyon m nan prizon an gras ak konkou lapriyè nou ak sipò Lespri Jezikris va ban mwen. Se sa m ta renmen wè. Epi se sa m ap tann ak pasyans. Mwen p ap janm regrèt, okontrè, mwen gen yon gwo espwa. Kit mwen rete vivan, kit mwen ta mouri, se pou Bondye sèvi ak lavi m pou l fè lwanj pou Jezikris pi plis toujou. Paske pou mwen, si m ap viv se pou Kris m ap viv; epi lanmò se yon benefis pou mwen. Si mwen kontinye viv nan kò sa a, m ap kontinye travay mwen. Konsa mwen pa konnen kisa m ta chwazi: lavi oubyen lanmò? Se yon chwa ki difisil. Men gen de lè, mwen ta vle mouri pou m ka al jwenn Kris, sa t ap pi bon nèt.
Filipyen 1:15-23 New International Version (NIV)
It is true that some preach Christ out of envy and rivalry, but others out of goodwill. The latter do so out of love, knowing that I am put here for the defense of the gospel. The former preach Christ out of selfish ambition, not sincerely, supposing that they can stir up trouble for me while I am in chains. But what does it matter? The important thing is that in every way, whether from false motives or true, Christ is preached. And because of this I rejoice. Yes, and I will continue to rejoice, for I know that through your prayers and God’s provision of the Spirit of Jesus Christ what has happened to me will turn out for my deliverance. I eagerly expect and hope that I will in no way be ashamed, but will have sufficient courage so that now as always Christ will be exalted in my body, whether by life or by death. For to me, to live is Christ and to die is gain. If I am to go on living in the body, this will mean fruitful labor for me. Yet what shall I choose? I do not know! I am torn between the two: I desire to depart and be with Christ, which is better by far
Filipyen 1:15-23 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Quelques-uns, il est vrai, sont poussés par la jalousie et par un esprit de rivalité. Mais d’autres annoncent Christ dans un bon esprit. Ces derniers agissent par amour. Ils savent que si je suis ici, c’est pour défendre l’Evangile. Quant aux premiers, ils annoncent Christ dans un esprit de rivalité, avec des motifs qui ne sont pas innocents : ils veulent rendre ma captivité encore plus pénible. Qu’importe, après tout ! De toute façon, que ce soit avec des arrière-pensées ou en toute sincérité, Christ est annoncé, et je m’en réjouis. Mieux encore : je continuerai à m’en réjouir. Car je suis certain que toutes ces épreuves aboutiront à mon salut, grâce à vos prières pour moi et à l’assistance de l’Esprit de Jésus-Christ. Car ce que j’attends et que j’espère de toutes mes forces, c’est de n’avoir à rougir de rien mais, au contraire, maintenant comme toujours, de manifester en ma personne, avec une pleine assurance, la grandeur de Christ, soit par ma vie, soit par ma mort. Pour moi, en effet, la vie, c’est Christ, et la mort est un gain. Mais si je continue à vivre dans ce monde, alors je pourrai encore porter du fruit par mon activité. Je ne sais donc pas que choisir. Je suis tiraillé de deux côtés : j’ai le désir de quitter cette vie pour être avec Christ, car c’est, de loin, le meilleur.