Filipyen 1:1-25

Filipyen 1:1-25 1998 Haïtienne (HAT98)

Se mwen menm Pòl ak Timote, de sèvitè Jezikri, k'ap ekri lèt sa a voye bay tout pèp Bondye nan lavil Filip la k'ap viv ansanm nan Jezikri. Lèt sa a se pou tout moun ki chèf nan legliz la ak pou tout dyak yo tou. Nou mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Senyè a, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze. Mwen di Bondye mwen an mèsi pou nou chak fwa lide m frape sou nou. Chak fwa m'ap lapriyè tou pou nou, mwen fè l ak kè kontan, poutèt jan nou te ede m gaye bòn nouvèl la, depi premye jou a jouk kounyeya. Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l kontinye l jouk li va fini l nèt, lè jou Jezikri a va rive. Se tou nòmal pou m fè lide konsa sou nou, paske nou toujou nan lespri m, nou tout ki kanpe la avè m nan tout favè Bondye fè m, kit lè mwen nan prizon tankou kounyeya, kit lè mwen te lib pou m defann bòn nouvèl la, pou m moutre se laverite li ye. Mwen pran Bondye sèvi m temwen, sa m'ap di nou la a se vre wi. Mwen renmen nou tout anpil anpil avèk renmen ki sòti nan Jezikri. Lè m'ap lapriyè Bondye, mwen mande l pou nou gen plis renmen toujou, ak bonkou konesans pou nou ka rive konprann tout bagay, pou nou ka toujou chwazi sa ki pi bon. Konsa, n'a mennen yon lavi ki pwòp, yo p'ap jwenn anyen pou repwoche nou lè Kris la va vini. Konsa, Jezikri va fè nou fè anpil bagay ki dwat epi ki bon, pou sa ka sèvi yon lwanj ak yon bèl bagay pou Bondye. Frè m yo, mwen vle nou konn sa byen: Tout bagay sa yo ki rive m lan, yo pi fè travay predikasyon bòn nouvèl la mache pase yo fè lòt bagay. Se konsa, tout gad palè yo ansanm ak tout lòt moun yo konnen se paske m'ap sèvi Kris la kifè m nan prizon. Frè yo menm, bò pa yo, lè yo wè m nan prizon an, pifò ladan yo vin gen plis konfyans toujou nan Senyè a. Sa ba yo plis kouray kounyeya pou fè konnen pawòl Bondye a san yo pa pè anyen. Gen ladan yo k'ap preche Kris la paske yo gen jalouzi nan kè yo. Gen lòt menm, se pou fè moun konkirans. Men gen lòt tou k'ap preche ak bon santiman. Se renmen Bondye a k'ap pouse yo fè l, paske yo konnen se Bondye menm ki ban m travay sa a pou m ka defann bòn nouvèl la. Men, lòt yo ap fè konnen Kris la ak move lide dèyè tèt yo, y'ap fè l pou lanbisyon pèsonèl pa yo. Y'ap fè l pou chache m kont. Yo konprann yo ka fè m lapenn antan m nan prizon an. Men, sa pa fè m anyen. Kit yo gen bon lide, kit yo gen move lide, tout jan se Kris la y'ap fè konnen. Epi sa fè kè m kontan. M'ap pi kontan toujou, paske mwen konnen tout bagay sa yo pral vire anbyen pou mwen, gremesi lapriyè n'ap fè pou mwen ak lasistans Lespri Jezikri a ap ban mwen. Paske, mwen ta renmen pou m pa sòti wont nan anyen. Se la tout espwa m pou m ka pale ak kouray, pou jòdi a tankou anvan lèzòm ka wè pouvwa Kris la nan mwen, kit mwen vivan, kit mwen mouri. Paske viv pou mwen se Kris, mouri se gany. Men si viv sou tè sa a toujou, sa ap pèmèt mwen akonpli kèk bagay itil, nan ka sa a mwen pa konn sa pou m'chwazi. Mwen anbalan: mwen ta renmen kite tè sa a pou mwen avèk Kris. Sa ta preferab. Men akoz nou menm, li ta pi bon pou mwen sou tè a toujou. Mwen sèten se sa k'ap rive menm. Se poutèt sa, mwen konnen mwen gen pou m rete, pou m ka viv ansanm ak nou, pou m ede nou grandi, pou m ka fè nou kontan nan konfyans nou gen nan Bondye.

Filipyen 1:1-25 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Nous, Paul et Timothée, nous sommes les serviteurs du Christ Jésus. Nous écrivons à tous ceux qui appartiennent à Dieu grâce au Christ Jésus, à leurs responsables et à leurs diacres , et qui se trouvent tous à Philippes. Que Dieu notre Père et le Seigneur Jésus-Christ vous bénissent et vous donnent la paix ! Chaque fois que je pense à vous, je remercie Dieu. Chaque fois que je prie pour vous tous, je prie avec joie, parce que vous m’avez aidé à répandre la Bonne Nouvelle depuis le premier jour jusqu’à maintenant. Je suis sûr d’une chose : Dieu qui a commencé en vous un si bon travail va le continuer jusqu’au bout, jusqu’au jour où le Christ Jésus viendra. J’ai bien raison d’avoir ces sentiments-là pour vous tous, parce que je vous porte dans mon cœur. En effet, vous participez tous au don que Dieu m’a fait : aujourd’hui où je suis en prison, comme hier, quand je défendais la Bonne Nouvelle et quand je la répandais avec force. Oui, Dieu sait que je dis la vérité : je vous aime tous avec la tendresse du Christ Jésus. Voici ma prière pour vous : je demande que votre amour grandisse de plus en plus, qu’il vous aide à voir clair et à comprendre les choses parfaitement. Alors vous pourrez juger ce qui est le mieux, et le jour où le Christ viendra, vous serez purs et sans défaut. Avec l’aide de Jésus-Christ, votre vie sera remplie d’actions justes pour la gloire et la louange de Dieu. Frères et sœurs chrétiens, je veux vous dire une chose : en réalité, ce qui m’est arrivé a servi à faire avancer la Bonne Nouvelle. En effet, tous les fonctionnaires du gouverneur et tous les autres savent maintenant que je suis en prison parce que je sers le Christ. Presque tous les chrétiens, en voyant que je suis en prison, ont une plus grande confiance dans le Seigneur. Alors ils ont deux fois plus de courage pour annoncer sans peur la parole de Dieu. Certains annoncent le Christ avec un cœur bon, ils le font par amour. Ils savent que je suis en prison pour défendre la Bonne Nouvelle. Mais d’autres le font par jalousie. Ils veulent s’opposer à moi et ils annoncent le Christ pour passer les premiers. Leurs raisons sont malhonnêtes, et de cette façon, ils pensent rendre plus dure ma vie en prison. Leurs intentions peuvent être droites ou tordues, peu importe ! En tout cas, ils annoncent tous le Christ ! C’est pourquoi je suis dans la joie et je me réjouirai encore. En effet, le résultat, je le connais : je serai sauvé par votre prière et avec l’aide de l’Esprit de Jésus-Christ. Je désire que cela arrive, et je l’espère vivement. Je ne le regretterai pas, au contraire, je garde une grande confiance. Aujourd’hui comme toujours, on verra en moi que le Christ est grand, soit par ma vie soit par ma mort. Oui, pour moi, vivre, c’est le Christ, et si je dois mourir, j’y gagne ! Mais si, en continuant à vivre, je peux faire un travail utile, je ne sais pas quoi choisir. Je suis tiré des deux côtés : j’ai envie de quitter cette vie pour être avec le Christ, et c’est en effet beaucoup mieux ! Mais rester sur la terre, c’est plus utile à cause de vous. C’est pourquoi je sais que je vais rester, j’en suis sûr. Je serai auprès de vous tous pour vous aider à faire des progrès et à croire avec joie.

Filipyen 1:1-25 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Mwen menm Pòl ak Timote, sèvitè Jezikris, nou salye nou tout, pèp ki apa pou Bondye a, ansanm ak tout lòt lidè ak dyak legliz k ap viv nan vil Filip. Se pou Bondye Papa nou ak Jezikris, Senyè nou an ban nou benediksyon ak lapè. Mwen di Bondye m nan mèsi chak fwa m sonje nou. Mwen toujou priye pou nou, ak kè kontan. Mwen di Bondye mèsi pou jan nou ede m nan preche Bòn Nouvèl la, depi premye jou a rive jodi a. Mwen sèten Bondye ki kòmanse bon travay sa a nan nou an ap kontinye l jouktan li va fini l nan jou Jezi va retounen an. M gen rezon pou m panse de nou tout konsa, paske m pote nou nan kè m. Nou tout te ede m nan tout favè Bondye fè m, non sèlman pandan m nan prizon an, men tou, lè m te lib epi m t ap defann mesaj Levanjil la nan montre moun chemen verite a. Se sèl Bondye ki konnen kijan m anvi wè nou. Mwen renmen nou tout ak lanmou Jezikris la. Men ki priyè mwen fè pou nou: Se pou lanmou ki nan kè nou an kontinye grandi plis toujou. Se pou nou gen tout kalite konesans ak bon konprann, pou n ka fè diferans ant sa ki enpòtan ak sa ki pa enpòtan. Epi se lè sa a, n ap san tach epi san repwòch nan jou Senyè a va retounen an. M ap priye pou lavi nou ranpli ak bon zèv tou pou sa ka sèvi yon sous glwa ak lwanj pou Bondye gras a Jezikris. Frè m ak sè m yo, m ta renmen nou konnen byen sa k rive m yo fè Levanjil la avanse. Sa fè tout moun isit la, ak sòlda women k ap pwoteje Seza yo, konnen se poutèt Jezikris mwen nan prizon. Se kon sa tou, anpil frè ak sè nan fanmi Bondye a vin pran plis kouray nan Senyè a, paske m nan prizon. Yo kòmanse vin gen plis kouray de jou an jou pou yo anonse Levanjil la san krent. Se vre, gen kèk nan yo ki preche nan non Jezi paske yo jalou epi yo vle fè polemik. Men gen lòt tou ki fè l paske yo renmen fè sa. Moun ki aji konsa, se renmen yo renmen m, yo konnen se Bondye ki mete m kote m ye a pou m defann Levanjil la. Men lòt yo anonse Levanjil Kris la ak yon lespri egoyis, yo pa sensè, epi yo panse yo ka ban m pwoblèm pandan m nan prizon an. Men sa sa fè? Kit yo sensè kit yo pa sensè, sa ki pi enpòtan an se pale y ap pale moun de Jezi. Sa fè kè m kontan. Epi sa ap kontinye fè kè m kontan. Mwen konnen m ap rive jwenn liberasyon m nan prizon an gras ak konkou lapriyè nou ak sipò Lespri Jezikris va ban mwen. Se sa m ta renmen wè. Epi se sa m ap tann ak pasyans. Mwen p ap janm regrèt, okontrè, mwen gen yon gwo espwa. Kit mwen rete vivan, kit mwen ta mouri, se pou Bondye sèvi ak lavi m pou l fè lwanj pou Jezikris pi plis toujou. Paske pou mwen, si m ap viv se pou Kris m ap viv; epi lanmò se yon benefis pou mwen. Si mwen kontinye viv nan kò sa a, m ap kontinye travay mwen. Konsa mwen pa konnen kisa m ta chwazi: lavi oubyen lanmò? Se yon chwa ki difisil. Men gen de lè, mwen ta vle mouri pou m ka al jwenn Kris, sa t ap pi bon nèt. Men, gen de lè mwen santi l pi bon pou m rete vivan nan kò sa a, poutèt nou menm. Poutèt sa, mwen sèten m ap rete avèk nou pou m ede nou grandi ak lajwa nan lafwa nou.

Filipyen 1:1-25 New International Version (NIV)

Paul and Timothy, servants of Christ Jesus, To all God’s holy people in Christ Jesus at Philippi, together with the overseers and deacons: Grace and peace to you from God our Father and the Lord Jesus Christ. I thank my God every time I remember you. In all my prayers for all of you, I always pray with joy because of your partnership in the gospel from the first day until now, being confident of this, that he who began a good work in you will carry it on to completion until the day of Christ Jesus. It is right for me to feel this way about all of you, since I have you in my heart and, whether I am in chains or defending and confirming the gospel, all of you share in God’s grace with me. God can testify how I long for all of you with the affection of Christ Jesus. And this is my prayer: that your love may abound more and more in knowledge and depth of insight, so that you may be able to discern what is best and may be pure and blameless for the day of Christ, filled with the fruit of righteousness that comes through Jesus Christ—to the glory and praise of God. Now I want you to know, brothers and sisters, that what has happened to me has actually served to advance the gospel. As a result, it has become clear throughout the whole palace guard and to everyone else that I am in chains for Christ. And because of my chains, most of the brothers and sisters have become confident in the Lord and dare all the more to proclaim the gospel without fear. It is true that some preach Christ out of envy and rivalry, but others out of goodwill. The latter do so out of love, knowing that I am put here for the defense of the gospel. The former preach Christ out of selfish ambition, not sincerely, supposing that they can stir up trouble for me while I am in chains. But what does it matter? The important thing is that in every way, whether from false motives or true, Christ is preached. And because of this I rejoice. Yes, and I will continue to rejoice, for I know that through your prayers and God’s provision of the Spirit of Jesus Christ what has happened to me will turn out for my deliverance. I eagerly expect and hope that I will in no way be ashamed, but will have sufficient courage so that now as always Christ will be exalted in my body, whether by life or by death. For to me, to live is Christ and to die is gain. If I am to go on living in the body, this will mean fruitful labor for me. Yet what shall I choose? I do not know! I am torn between the two: I desire to depart and be with Christ, which is better by far; but it is more necessary for you that I remain in the body. Convinced of this, I know that I will remain, and I will continue with all of you for your progress and joy in the faith

Filipyen 1:1-25 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Paul et Timothée, serviteurs de Jésus-Christ, saluent tous ceux qui, par leur union à Jésus-Christ, sont membres du peuple saint, et qui vivent à Philippes, ainsi que les dirigeants de l’Eglise et les diacres. Que la grâce et la paix vous soient accordées par Dieu notre Père et par le Seigneur Jésus-Christ. J’exprime à mon Dieu ma reconnaissance chaque fois que je pense à vous ; je prie pour vous tous en toute occasion, et c’est toujours avec joie que je le fais. Oui, je remercie Dieu pour votre solidarité qui, depuis le premier jour jusqu’à maintenant, a contribué à l’annonce de l’Evangile. Et, j’en suis fermement persuadé : celui qui a commencé en vous son œuvre bonne la poursuivra jusqu’à son achèvement au jour de Jésus-Christ. Tels sont mes sentiments envers vous tous ; et il est juste que je les éprouve ; en effet, vous occupez une place particulière dans mon cœur, car vous prenez tous une part active à la grâce que Dieu m’accorde, aussi bien quand je suis enchaîné dans ma cellule que lorsque je défends l’Evangile et que je l’établis fermement. Oui, Dieu m’en est témoin : je vous aime tous de l’affection que vous porte Jésus-Christ. Et voici ce que je demande dans mes prières : c’est que votre amour gagne de plus en plus en pleine connaissance et en parfait discernement pour que vous puissiez discerner ce qui est important. Ainsi vous serez purs et irréprochables au jour de Christ, où vous paraîtrez devant lui chargés d’œuvres justes, ce fruit que Jésus-Christ aura produit en vous, à la gloire et à la louange de Dieu. Je tiens à ce que vous le sachiez, frères et sœurs : ce qui m’est arrivé a plutôt servi la cause de l’Evangile. En effet, toute la garde prétorienne et tous les autres savent que c’est parce que je sers Christ que je suis en prison. De plus, mon emprisonnement a encouragé la plupart des frères et sœurs à faire confiance au Seigneur ; aussi redoublent-ils d’audace pour annoncer sans crainte la Parole de Dieu. Quelques-uns, il est vrai, sont poussés par la jalousie et par un esprit de rivalité. Mais d’autres annoncent Christ dans un bon esprit. Ces derniers agissent par amour. Ils savent que si je suis ici, c’est pour défendre l’Evangile. Quant aux premiers, ils annoncent Christ dans un esprit de rivalité, avec des motifs qui ne sont pas innocents : ils veulent rendre ma captivité encore plus pénible. Qu’importe, après tout ! De toute façon, que ce soit avec des arrière-pensées ou en toute sincérité, Christ est annoncé, et je m’en réjouis. Mieux encore : je continuerai à m’en réjouir. Car je suis certain que toutes ces épreuves aboutiront à mon salut, grâce à vos prières pour moi et à l’assistance de l’Esprit de Jésus-Christ. Car ce que j’attends et que j’espère de toutes mes forces, c’est de n’avoir à rougir de rien mais, au contraire, maintenant comme toujours, de manifester en ma personne, avec une pleine assurance, la grandeur de Christ, soit par ma vie, soit par ma mort. Pour moi, en effet, la vie, c’est Christ, et la mort est un gain. Mais si je continue à vivre dans ce monde, alors je pourrai encore porter du fruit par mon activité. Je ne sais donc pas que choisir. Je suis tiraillé de deux côtés : j’ai le désir de quitter cette vie pour être avec Christ, car c’est, de loin, le meilleur. Mais il est plus nécessaire que je demeure dans ce monde à cause de vous. Cela, j’en suis convaincu. Je sais donc que je resterai et que je demeurerai parmi vous tous, pour contribuer à votre progrès et à votre joie dans la foi.