Filemon 1:8-21
Filemon 1:8-21 1998 Haïtienne (HAT98)
Se poutèt sa, atout Kris la ban m otorite pou m di ou sa ou gen pou ou fè, m pito mande ou rann mwen sèvis sa a nan non Kris la ki renmen nou: wi, mwen menm Pòl, tou vye granmoun jan m ye a, atout mwen nan prizon poutèt Jezikri, m'ap mande ou yon favè pou Onezim, yon pitit mwen fè nan Kris la antan m la nan prizon an. Anvan sa, li pat vo anyen pou ou, men kounyeya, li vo kichòy ni pou ou ni pou mwen. M'ap voye l tounen ba ou kounyeya tankou pitit pa mwen. M ta byen renmen kenbe l bò kote m, pou l te ka sèvi m nan plas ou, pandan m nan prizon pou bòn nouvèl la. Men, m-pa vle fè anyen san konsantman ou. Mwen pa ta renmen sa sanble se fòse m'ap fòse ou rann mwen sèvis. Mwen ta pito wè ou fè l ou menm, paske ou vle fè li. Ou pa janm konnen si Onezim pat kite ou pou yon tan, pou ou te ka jwenn li ankò pou tout tan. Paske, se pa tankou yon senp esklav ou jwenn li ankò. Kounyeya, li plis pase yon esklav pou ou: se yon frè li ye pou nou nan Kris la, yon frè mwen renmen anpil. Men, ou menm ou dwe renmen li pi plis pase m ankò. Pa sèlman tankou nenpòt ki moun, men tankou yon frè nan Senyè a. Si ou konsidere m pou zanmi ou, resevwa Onezim menm jan ou ta resevwa mwen. Si l te fè ou kèk bagay mal, osinon si l dwe ou kichòy, mete sa sou kont mwen. Mwen menm Pòl, m'ap ekri sa ak men pa mwen: m'a renmèt ou sa. Mwen pa kwè m bezwen fè ou chonje jan ou dwe m lavi. Wi, frè m, fè m favè sa a nan non Senyè a. Soulaje kè m tankou yon frè nan Kris la dwe fè li. Se paske mwen konnen w'ap fè sa m mande ou la ki fè m ekri ou lèt sa a. Mwen konnen ou va fè pi plis pase sa m mande ou la.
Filemon 1:8-21 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
J’ai quelque chose à te demander. Avec le Christ, j’ai toute liberté pour te dire ce que tu dois faire. Pourtant, j’aime mieux te présenter cette demande au nom de l’amour. Oui, moi, le vieux Paul, moi qui suis maintenant prisonnier du Christ Jésus, je te présente cette demande pour Onésime. Il est devenu mon fils, ici en prison. Autrefois, il ne t’a servi à rien, mais maintenant, il nous rend service , à toi comme à moi. Je le renvoie chez toi, lui qui est une partie de moi-même. J’aurais bien voulu le garder auprès de moi. Il m’aurait rendu service à ta place, dans la prison où je suis à cause de la Bonne Nouvelle. Mais je n’ai pas voulu faire quelque chose sans ton accord. Je ne veux pas t’obliger à cette bonne action, je préfère que tu la fasses librement. Onésime a peut-être été séparé de toi un moment seulement, mais tu vas le retrouver pour toujours. En effet, maintenant, il n’est plus seulement un esclave, il est beaucoup mieux qu’un esclave, c’est un frère très aimé. Moi, je l’aime beaucoup, mais toi, tu dois l’aimer encore plus, parce que c’est un être humain et parce qu’il est chrétien. C’est pourquoi, si tu penses que je suis ton ami, reçois-le comme si c’était moi. Et s’il t’a fait du tort ou s’il te doit quelque chose, mets cela sur mon compte. Moi, Paul, j’écris ces mots de ma main : c’est moi qui paierai. Je ne veux pas te rappeler que toi aussi, tu me dois quelque chose, et c’est ta vie ! Alors, frère, rends-moi ce service à cause du Seigneur. Rassure-moi au nom du Christ ! Je t’écris en étant sûr que tu feras ce que je demande, et je sais que tu feras encore plus.
Filemon 1:8-21 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Antan gran frè w nan Kris la, m te ka pase w lòd pou w fè sa k dwat, men m pito mande w fè sa ak lanmou. Paske m konnen ki sousi ou genyen pou mwen, Pòl, ki fin granmoun epi ki nan prizon poutèt m ap sèvi Kris la. Demann m ap fè w la, se pou Onezim ki vin tankou yon pitit pou mwen pandan m nan prizon an. Yon lè li pa t itil ou, men kounye a li itil nou toulède. M ap voye l tounen ba ou. Men m pa kache di w, se zantray mwen m ap voye ba ou. M ta byen renmen kenbe l toujou pou l ta sèvi m nan plas ou, pandan m nan prizon pou koz Levanjil la. Men, m pa t vle fè anyen san ou pa t dakò, paske m pa vle ou fè okenn bon bagay nan fòse. M pito w aji ak pwòp volonte w. Sa k pou di w si se pa pou w te ka gen Onezim pou tout tan ki fè l te separe avè w pou yon ti tan? Kounye a, pa resevwa l tankou yon senp esklav, men plis pase yon esklav, resevwa l tankou yon frè byenneme. Li vin chè pou mwen tankou yon frè. M konnen li vin gen plis valè pou ou toujou, paske li se manm fanmi w epi kounyea li vin yon manm nan fanmi Senyè a. Alò, si ou konsidere m kòm zanmi w, resevwa Onezim menm jan w ta resevwa m. Epi si l te fè w yon bagay ki mal osinon si l ta gen yon dèt anvè w, mete l sou kont mwen. Mwen menm Pòl k ap ekri w ak pwòp men pa m, m ap ranbouse w. M pa kwè m ta bezwen di ou menm tou, ou gen dèt anvè m, ou dwe m lavi w. Tanpri frè m, fè sa pou mwen, paske w konnen se sa Senyè a vle. Poutèt se nan fanmi Kris la nou ye, sa ta ankouraje kè m anpil si w ta fè sa pou Onezim. Mwen ekri w, paske m konnen ou ap fè sa m mande w la, epi menm plis pase sa.
Filemon 1:8-21 New International Version (NIV)
Therefore, although in Christ I could be bold and order you to do what you ought to do, yet I prefer to appeal to you on the basis of love. It is as none other than Paul—an old man and now also a prisoner of Christ Jesus— that I appeal to you for my son Onesimus, who became my son while I was in chains. Formerly he was useless to you, but now he has become useful both to you and to me. I am sending him—who is my very heart—back to you. I would have liked to keep him with me so that he could take your place in helping me while I am in chains for the gospel. But I did not want to do anything without your consent, so that any favor you do would not seem forced but would be voluntary. Perhaps the reason he was separated from you for a little while was that you might have him back forever— no longer as a slave, but better than a slave, as a dear brother. He is very dear to me but even dearer to you, both as a fellow man and as a brother in the Lord. So if you consider me a partner, welcome him as you would welcome me. If he has done you any wrong or owes you anything, charge it to me. I, Paul, am writing this with my own hand. I will pay it back—not to mention that you owe me your very self. I do wish, brother, that I may have some benefit from you in the Lord; refresh my heart in Christ. Confident of your obedience, I write to you, knowing that you will do even more than I ask.
Filemon 1:8-21 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
C’est pourquoi, malgré toute la liberté que Christ me donne de te prescrire ton devoir, je préfère t’adresser cette demande au nom de l’amour, étant ce que je suis : moi, Paul, un vieillard, et de plus, maintenant, un prisonnier à cause de Jésus-Christ. Je t’adresse cette demande au sujet de mon enfant, Onésime, dont je suis devenu le père spirituel ici, en prison. Autrefois il t’était inutile, mais maintenant il est utile, à toi comme à moi. Je te le renvoie donc, lui qui est devenu comme une partie de moi-même. Personnellement, je l’aurais volontiers gardé auprès de moi : il aurait pu ainsi me rendre service à ta place alors que je suis en prison à cause de l’Evangile. Je n’ai cependant rien voulu entreprendre sans ton assentiment, pour que le bienfait que tu m’aurais ainsi accordé ne soit pas forcé, même en apparence, mais entièrement volontaire. D’ailleurs, qui sait, peut-être Onésime a-t-il été séparé de toi pour un temps afin que tu le retrouves pour toujours, non plus comme un esclave, mais bien mieux qu’un esclave : comme un frère très cher. Il l’est tellement pour moi ; combien plus le sera-t-il pour toi, en tant qu’homme et en tant que frère dans le Seigneur. Par solidarité envers moi, accueille-le comme s’il s’agissait de moi-même. Si tu as été lésé par lui ou s’il te doit quelque chose, porte cela sur mon compte. J’écris ce qui suit de ma propre main : « Moi Paul, je te rembourserai ses dettes » – et je ne veux pas te rappeler ici que toi aussi, tu as une dette à mon égard : c’est ta propre personne. Oui, frère, fais-moi cette faveur à cause du Seigneur : réconforte mon cœur pour l’amour de Christ. Je t’adresse cette lettre avec la certitude que tu répondras à mon attente. Et même, je le sais, tu feras encore plus que je ne demande.