Filemon 1:1-25

Filemon 1:1-25 1998 Haïtienne (HAT98)

Mwen menm Pòl, ki nan prizon poutèt Jezikri, m'ap ekri lèt sa a, ansanm ak frè Timote. Pou Filemon, yon moun nou renmen anpil epi k'ap travay ansanm ak nou pou Senyè a, pou tout legliz la ki reyini lakay li a, pou Apya, sè nou an, ak Achip, kanmarad ki te konbat ansanm ak nou an. Nou mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Senyè nou an, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze. Chak fwa m'ap lapriyè, mwen nonmen non ou, mwen di Bondye mèsi pou ou. Paske m tande jan ou renmen tout pèp Bondye a, jan ou gen konfyans nan Senyè Jezi. M'ap mande Bondye pou konfyans nou gen ansanm nan li a ka fè nou konprann pi byen tout benediksyon nou jwenn nan lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la. Se pa ti kontan m te kontan, sa te ankouraje m anpil, frè mwen, lè m tande jan ou renmen moun ki fè pati pèp Bondye a, jan ou te remoute kouray yo anpil. Se poutèt sa, atout Kris la ban m otorite pou m di ou sa ou gen pou ou fè, m pito mande ou rann mwen sèvis sa a nan non Kris la ki renmen nou: wi, mwen menm Pòl, tou vye granmoun jan m ye a, atout mwen nan prizon poutèt Jezikri, m'ap mande ou yon favè pou Onezim, yon pitit mwen fè nan Kris la antan m la nan prizon an. Anvan sa, li pat vo anyen pou ou, men kounyeya, li vo kichòy ni pou ou ni pou mwen. M'ap voye l tounen ba ou kounyeya tankou pitit pa mwen. M ta byen renmen kenbe l bò kote m, pou l te ka sèvi m nan plas ou, pandan m nan prizon pou bòn nouvèl la. Men, m-pa vle fè anyen san konsantman ou. Mwen pa ta renmen sa sanble se fòse m'ap fòse ou rann mwen sèvis. Mwen ta pito wè ou fè l ou menm, paske ou vle fè li. Ou pa janm konnen si Onezim pat kite ou pou yon tan, pou ou te ka jwenn li ankò pou tout tan. Paske, se pa tankou yon senp esklav ou jwenn li ankò. Kounyeya, li plis pase yon esklav pou ou: se yon frè li ye pou nou nan Kris la, yon frè mwen renmen anpil. Men, ou menm ou dwe renmen li pi plis pase m ankò. Pa sèlman tankou nenpòt ki moun, men tankou yon frè nan Senyè a. Si ou konsidere m pou zanmi ou, resevwa Onezim menm jan ou ta resevwa mwen. Si l te fè ou kèk bagay mal, osinon si l dwe ou kichòy, mete sa sou kont mwen. Mwen menm Pòl, m'ap ekri sa ak men pa mwen: m'a renmèt ou sa. Mwen pa kwè m bezwen fè ou chonje jan ou dwe m lavi. Wi, frè m, fè m favè sa a nan non Senyè a. Soulaje kè m tankou yon frè nan Kris la dwe fè li. Se paske mwen konnen w'ap fè sa m mande ou la ki fè m ekri ou lèt sa a. Mwen konnen ou va fè pi plis pase sa m mande ou la. An menm tan, pare yon chanm pou mwen, paske, pou lapriyè mwen konnen nou fè pou mwen, m kwè Bondye va tande nou, l'a fè m favè vin jwenn nou ankò. Epafras ki nan prizon ansanm ak mwen poutèt Jezi, Kris la, voye bonjou pou ou. Mak, Aristak, Demas ak Lik k'ap travay ansanm ak mwen, yo tout voye bonjou tou. Se pou benediksyon Jezikri, Senyè nou an, toujou la avèk nou. Amèn.

Filemon 1:1-25 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Moi, Paul, prisonnier du Christ Jésus, j’écris cette lettre avec Timothée, notre frère. Elle est pour toi, Philémon, notre ami qui travailles avec nous. Elle est aussi pour Appia, notre sœur, et pour Arkippe qui combat avec nous. Elle est encore pour la communauté qui se réunit dans ta maison. Que Dieu notre Père et le Seigneur Jésus-Christ vous bénissent et vous donnent la paix ! Philémon, quand je prie, je dis toujours ton nom et je remercie mon Dieu à cause de toi. En effet, j’entends parler de ton amour pour tous les croyants et de ta foi envers le Seigneur Jésus. Je demande à Dieu que cette foi qui nous unit, toi et moi, donne de bons résultats. Fais donc connaître tout le bien que nous pouvons réaliser pour servir le Christ. Frère, j’ai été très heureux et consolé parce que ton amour a encouragé les chrétiens. J’ai quelque chose à te demander. Avec le Christ, j’ai toute liberté pour te dire ce que tu dois faire. Pourtant, j’aime mieux te présenter cette demande au nom de l’amour. Oui, moi, le vieux Paul, moi qui suis maintenant prisonnier du Christ Jésus, je te présente cette demande pour Onésime. Il est devenu mon fils, ici en prison. Autrefois, il ne t’a servi à rien, mais maintenant, il nous rend service , à toi comme à moi. Je le renvoie chez toi, lui qui est une partie de moi-même. J’aurais bien voulu le garder auprès de moi. Il m’aurait rendu service à ta place, dans la prison où je suis à cause de la Bonne Nouvelle. Mais je n’ai pas voulu faire quelque chose sans ton accord. Je ne veux pas t’obliger à cette bonne action, je préfère que tu la fasses librement. Onésime a peut-être été séparé de toi un moment seulement, mais tu vas le retrouver pour toujours. En effet, maintenant, il n’est plus seulement un esclave, il est beaucoup mieux qu’un esclave, c’est un frère très aimé. Moi, je l’aime beaucoup, mais toi, tu dois l’aimer encore plus, parce que c’est un être humain et parce qu’il est chrétien. C’est pourquoi, si tu penses que je suis ton ami, reçois-le comme si c’était moi. Et s’il t’a fait du tort ou s’il te doit quelque chose, mets cela sur mon compte. Moi, Paul, j’écris ces mots de ma main : c’est moi qui paierai. Je ne veux pas te rappeler que toi aussi, tu me dois quelque chose, et c’est ta vie ! Alors, frère, rends-moi ce service à cause du Seigneur. Rassure-moi au nom du Christ ! Je t’écris en étant sûr que tu feras ce que je demande, et je sais que tu feras encore plus. En même temps, prépare-moi un logement. En effet, je l’espère, à cause de vos prières, je serai bientôt avec vous de nouveau. Épafras vous salue, il est en prison avec moi à cause du Christ Jésus. Vous avez aussi le salut de Marc, Aristarque, Démas et Luc, qui travaillent avec moi. Que le Seigneur Jésus-Christ vous bénisse !

Filemon 1:1-25 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Se mwen menm Pòl ak frè Timote k ap salye w, Filemon, bon zanmi ak kolaboratè nou. Nou voye salitasyon tou pou sè Afya ak Achip k ap mennen menm konba avèk nou nan ministè n ap fè pou Kris la. Nou voye salitasyon pou legliz ki lakay ou a tou. Nou tout konnen m nan prizon paske m ap sèvi Jezikris. Se pou Bondye Papa a ak Jezikris Senyè nou an beni nou epi ban nou kè poze. Mwen toujou di Bondye mèsi pou ou, lè m ap priye, paske m tande kijan w montre lafwa ou genyen nan Jezi Senyè a, ak lanmou ou montre pou tout pèp Bondye a. M ap priye pou menm lafwa nou gen nan Bondye a bay bon rezilta, epi pou l fè nou konnen tout bon bagay nou ka fè nan jan n ap sèvi Kris la. Frè mwen, lanmou ou te montre pou pèp Bondye a te ankouraje kè yo. Sa te ban m anpil kè kontan ak ankourajman tou. Antan gran frè w nan Kris la, m te ka pase w lòd pou w fè sa k dwat, men m pito mande w fè sa ak lanmou. Paske m konnen ki sousi ou genyen pou mwen, Pòl, ki fin granmoun epi ki nan prizon poutèt m ap sèvi Kris la. Demann m ap fè w la, se pou Onezim ki vin tankou yon pitit pou mwen pandan m nan prizon an. Yon lè li pa t itil ou, men kounye a li itil nou toulède. M ap voye l tounen ba ou. Men m pa kache di w, se zantray mwen m ap voye ba ou. M ta byen renmen kenbe l toujou pou l ta sèvi m nan plas ou, pandan m nan prizon pou koz Levanjil la. Men, m pa t vle fè anyen san ou pa t dakò, paske m pa vle ou fè okenn bon bagay nan fòse. M pito w aji ak pwòp volonte w. Sa k pou di w si se pa pou w te ka gen Onezim pou tout tan ki fè l te separe avè w pou yon ti tan? Kounye a, pa resevwa l tankou yon senp esklav, men plis pase yon esklav, resevwa l tankou yon frè byenneme. Li vin chè pou mwen tankou yon frè. M konnen li vin gen plis valè pou ou toujou, paske li se manm fanmi w epi kounyea li vin yon manm nan fanmi Senyè a. Alò, si ou konsidere m kòm zanmi w, resevwa Onezim menm jan w ta resevwa m. Epi si l te fè w yon bagay ki mal osinon si l ta gen yon dèt anvè w, mete l sou kont mwen. Mwen menm Pòl k ap ekri w ak pwòp men pa m, m ap ranbouse w. M pa kwè m ta bezwen di ou menm tou, ou gen dèt anvè m, ou dwe m lavi w. Tanpri frè m, fè sa pou mwen, paske w konnen se sa Senyè a vle. Poutèt se nan fanmi Kris la nou ye, sa ta ankouraje kè m anpil si w ta fè sa pou Onezim. Mwen ekri w, paske m konnen ou ap fè sa m mande w la, epi menm plis pase sa. M ap tou pwofite di w pare yon chanm pou mwen, paske, mwen sèten Bondye ap reponn priyè nou yo, y ap lage m pou m vin jwenn nou. Epafras ki nan prizon ansanm avè m, paske l ap sèvi Jezikris, voye salye w. Mak, Aristak, Demas, Lik, k ap travay ansanm avè m nan lèv la, yo tout voye bonjou pou ou tou. Se pou Jezikris, Senyè a, vide benediksyon l sou nou tout.

Filemon 1:1-25 New International Version (NIV)

Paul, a prisoner of Christ Jesus, and Timothy our brother, To Philemon our dear friend and fellow worker— also to Apphia our sister and Archippus our fellow soldier—and to the church that meets in your home: Grace and peace to you from God our Father and the Lord Jesus Christ. I always thank my God as I remember you in my prayers, because I hear about your love for all his holy people and your faith in the Lord Jesus. I pray that your partnership with us in the faith may be effective in deepening your understanding of every good thing we share for the sake of Christ. Your love has given me great joy and encouragement, because you, brother, have refreshed the hearts of the Lord’s people. Therefore, although in Christ I could be bold and order you to do what you ought to do, yet I prefer to appeal to you on the basis of love. It is as none other than Paul—an old man and now also a prisoner of Christ Jesus— that I appeal to you for my son Onesimus, who became my son while I was in chains. Formerly he was useless to you, but now he has become useful both to you and to me. I am sending him—who is my very heart—back to you. I would have liked to keep him with me so that he could take your place in helping me while I am in chains for the gospel. But I did not want to do anything without your consent, so that any favor you do would not seem forced but would be voluntary. Perhaps the reason he was separated from you for a little while was that you might have him back forever— no longer as a slave, but better than a slave, as a dear brother. He is very dear to me but even dearer to you, both as a fellow man and as a brother in the Lord. So if you consider me a partner, welcome him as you would welcome me. If he has done you any wrong or owes you anything, charge it to me. I, Paul, am writing this with my own hand. I will pay it back—not to mention that you owe me your very self. I do wish, brother, that I may have some benefit from you in the Lord; refresh my heart in Christ. Confident of your obedience, I write to you, knowing that you will do even more than I ask. And one thing more: Prepare a guest room for me, because I hope to be restored to you in answer to your prayers. Epaphras, my fellow prisoner in Christ Jesus, sends you greetings. And so do Mark, Aristarchus, Demas and Luke, my fellow workers. The grace of the Lord Jesus Christ be with your spirit.

Filemon 1:1-25 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Paul, le prisonnier de Jésus-Christ, et Timothée, notre frère, saluent Philémon, notre cher ami et notre collaborateur, ainsi qu’Appia notre sœur, Archippe notre compagnon d’armes, et l’Eglise qui s’assemble dans ta maison. Que Dieu notre Père et le Seigneur Jésus-Christ vous accordent la grâce et la paix. Je ne cesse d’exprimer ma reconnaissance à Dieu lorsque je fais mention de toi dans mes prières, car j’entends parler de l’amour et de la foi dont tu fais preuve envers le Seigneur Jésus et envers tous les membres du peuple saint. Je demande à Dieu que la solidarité qui nous unit à cause de ta foi se traduise en actes et qu’ainsi tout le bien que nous t’aurons amené à faire pour Christ soit rendu manifeste. Car j’ai éprouvé une grande joie et un grand encouragement en apprenant comment tu mets ton amour en pratique. Frère, tu as en effet réconforté le cœur de ceux qui font partie du peuple saint. C’est pourquoi, malgré toute la liberté que Christ me donne de te prescrire ton devoir, je préfère t’adresser cette demande au nom de l’amour, étant ce que je suis : moi, Paul, un vieillard, et de plus, maintenant, un prisonnier à cause de Jésus-Christ. Je t’adresse cette demande au sujet de mon enfant, Onésime, dont je suis devenu le père spirituel ici, en prison. Autrefois il t’était inutile, mais maintenant il est utile, à toi comme à moi. Je te le renvoie donc, lui qui est devenu comme une partie de moi-même. Personnellement, je l’aurais volontiers gardé auprès de moi : il aurait pu ainsi me rendre service à ta place alors que je suis en prison à cause de l’Evangile. Je n’ai cependant rien voulu entreprendre sans ton assentiment, pour que le bienfait que tu m’aurais ainsi accordé ne soit pas forcé, même en apparence, mais entièrement volontaire. D’ailleurs, qui sait, peut-être Onésime a-t-il été séparé de toi pour un temps afin que tu le retrouves pour toujours, non plus comme un esclave, mais bien mieux qu’un esclave : comme un frère très cher. Il l’est tellement pour moi ; combien plus le sera-t-il pour toi, en tant qu’homme et en tant que frère dans le Seigneur. Par solidarité envers moi, accueille-le comme s’il s’agissait de moi-même. Si tu as été lésé par lui ou s’il te doit quelque chose, porte cela sur mon compte. J’écris ce qui suit de ma propre main : « Moi Paul, je te rembourserai ses dettes » – et je ne veux pas te rappeler ici que toi aussi, tu as une dette à mon égard : c’est ta propre personne. Oui, frère, fais-moi cette faveur à cause du Seigneur : réconforte mon cœur pour l’amour de Christ. Je t’adresse cette lettre avec la certitude que tu répondras à mon attente. Et même, je le sais, tu feras encore plus que je ne demande. En même temps, prépare-moi une chambre ; j’ai bon espoir de vous être rendu bientôt, en réponse à vos prières. Epaphras, qui est en prison avec moi à cause de Jésus-Christ, te fait bien saluer, de même que Marc, Aristarque, Démas et Luc, mes collaborateurs. Que le Seigneur Jésus-Christ vous accorde sa grâce.