Nonb 25:1-18

Nonb 25:1-18 1998 Haïtienne (HAT98)

Pèp Izrayèl la vin moute tant li nan tout Chitim. Lè sa a, mesye yo tanmen lage kò yo nan vagabonday ak fanm peyi Mowab yo. Medam peyi Mowab yo menm envite yo nan seremoni ofrann bèt yo t'ap touye pou bondye pa yo. Moun pèp Izrayèl yo ale vre, yo manje epi yo sèvi bondye moun Mowab yo. Se konsa pèp Izrayèl la pran sèvi Baal-Peyò. Sa te fè Senyè a ankòlè anpil sou moun pèp Izrayèl yo. Senyè a di Moyiz konsa: — Pran tout chèf pèp la, pann yo gwo midi devan mwen. Konsa, mwen p'ap ankòlè sou yo ankò. Moyiz di chèf ki te reskonsab pèp la: — Se pou nou chak nou touye tout gason nan moun nou yo ki te al sèvi Baal-Peyò. Lè sa a, antan tout moun yo t'ap kriye sou devan pòt Tant Randevou a, yonn nan gason pèp Izrayèl la ale, li mennen yon fanm peyi Madyan lakay li, devan Moyiz ak tout moun pèp Izrayèl la. Lè Fineyas, pitit Elyaza a, pitit pitit Arawon, prèt la, wè sa, li leve, li kite moun yo kote yo te reyini an, li pase men li, li pran yon fwenn. Li swiv nonm lan ak fanm lan anba tant lan, epi li fwennen toulede, ni nèg la ni fanm lan anbativant. Lamenm, epidemi ki t'ap ravaje pèp la sispann. Te gen vennkatmil (24.000) moun ki te gentan mouri nan epidemi an. Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa: — Se Fineyas, pitit Elyaza a, pitit pitit Arawon, prèt la, ki te fè mwen sispann ankòlè sou pèp la. Paske nan tout moun sa yo, se li menm ki pa te ka sipòte wè yon moun nan pèp Izrayèl la kite m' pou l'al sèvi lòt bondye. Se poutèt sa, atout mwen te jalou a, mwen pa fin touye tout pèp la nèt. Men sa pou di Fineyas pou mwen: m'ap siyen yon kontra avèk li ki pou ba li kè poze. M'ap mete li, li menm ansanm ak tout ras fanmi li apre li, pou yo sèvi m' prèt pou tout tann. Paske li te fè mwen wè jan li pa te tolere moun sèvi lòt bondye pase mwen sèl. Se konsa li fè m padonnen sa pèp la te fè ki mal la. Nonm pèp Izrayèl ki te mouri ansanm ak fanm peyi Madyan an te rele Zimri. Se te pitit gason Salou, chèf nan branch fanmi Simeyon an. Fanm peyi Madyan yo te touye a te rele Kozbi. Se te pitit fi Sou, ki li menm te chèf yon branch nan fanmi moun Madyan yo. Lè sa a, Senyè a pale ak Moyiz, li di l: — Al atake moun Madyan yo. Bat yo byen bat. Paske se yo menm ki te atake anvan nan fè riz ak nou nan zafè Peyò a, fanm yo te touye lè epidemi te tonbe sou nou nan peyi Peyò a.

Nonb 25:1-18 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Les Israélites s’installent à Chittim. Là, ils vivent n’importe comment avec des femmes moabites, et elles les entraînent à offrir des sacrifices à leurs dieux. Les Israélites partagent leurs repas sacrés et ils adorent leurs dieux. Ils s’attachent au dieu Baal de Péor, alors le SEIGNEUR se met en colère contre eux. Le SEIGNEUR dit à Moïse : « Prends tous les chefs du peuple et fais-les pendre devant moi, face au soleil. Ensuite le feu de ma colère contre vous se calmera. » Moïse dit aux responsables d’Israël : « Chacun de vous doit tuer les hommes de sa tribu qui se sont attachés au dieu Baal de Péor ! » À ce moment-là, un Israélite arrive au milieu de ses frères, avec une Madianite. Moïse et toute la communauté d’Israël sont en train de pleurer à l’entrée de la tente de la rencontre. Ils voient l’homme et la femme. Alors, le prêtre Pinhas, fils d’Élazar et petit-fils d’Aaron, se lève au milieu de la communauté. Il prend une lance. Il suit l’homme dans la tente où celui-ci entre avec la Madianite. Pinhas les tue tous les deux en les frappant au bas du ventre. Aussitôt le grand malheur qui frappe les Israélites s’arrête. Mais ce malheur a déjà fait 24 000 morts. Le SEIGNEUR dit à Moïse : « Le prêtre Pinhas, fils d’Élazar et petit-fils d’Aaron, a détourné ma colère des Israélites. En effet, il a été envers eux aussi sévère que moi. Oui, j’exige d’être leur seul Dieu. Pourtant, à cause de Pinhas, je ne les ai pas détruits. C’est pourquoi tu lui diras que je fais avec lui une alliance qui apporte la paix. Elle sera pour lui, pour ses fils et les fils de leurs fils. Elle fait d’eux des prêtres pour toujours. En effet, il a montré qu’il était uniquement attaché à moi, son Dieu. Ainsi, il a obtenu le pardon des péchés pour les Israélites. » L’Israélite qui a été tué avec la Madianite s’appelait Zimri, fils de Salou. C’était un des responsables de la tribu de Siméon. La Madianite s’appelait Kozbi, fille de Sour. Son père était chef de plusieurs clans d’une tribu madianite. Le SEIGNEUR dit à Moïse : « Attaquez les Madianites et tuez-les ! En effet, dans l’affaire de Péor et dans celle de Kozbi, ils vous ont attaqués par la ruse. Kozbi était leur sœur, la fille d’un chef de Madian. On l’a tuée le jour du grand malheur de Péor. »

Nonb 25:1-18 New International Version (NIV)

While Israel was staying in Shittim, the men began to indulge in sexual immorality with Moabite women, who invited them to the sacrifices to their gods. The people ate the sacrificial meal and bowed down before these gods. So Israel yoked themselves to the Baal of Peor. And the LORD’s anger burned against them. The LORD said to Moses, “Take all the leaders of these people, kill them and expose them in broad daylight before the LORD, so that the LORD’s fierce anger may turn away from Israel.” So Moses said to Israel’s judges, “Each of you must put to death those of your people who have yoked themselves to the Baal of Peor.” Then an Israelite man brought into the camp a Midianite woman right before the eyes of Moses and the whole assembly of Israel while they were weeping at the entrance to the tent of meeting. When Phinehas son of Eleazar, the son of Aaron, the priest, saw this, he left the assembly, took a spear in his hand and followed the Israelite into the tent. He drove the spear into both of them, right through the Israelite man and into the woman’s stomach. Then the plague against the Israelites was stopped; but those who died in the plague numbered 24,000. The LORD said to Moses, “Phinehas son of Eleazar, the son of Aaron, the priest, has turned my anger away from the Israelites. Since he was as zealous for my honor among them as I am, I did not put an end to them in my zeal. Therefore tell him I am making my covenant of peace with him. He and his descendants will have a covenant of a lasting priesthood, because he was zealous for the honor of his God and made atonement for the Israelites.” The name of the Israelite who was killed with the Midianite woman was Zimri son of Salu, the leader of a Simeonite family. And the name of the Midianite woman who was put to death was Kozbi daughter of Zur, a tribal chief of a Midianite family. The LORD said to Moses, “Treat the Midianites as enemies and kill them. They treated you as enemies when they deceived you in the Peor incident involving their sister Kozbi, the daughter of a Midianite leader, the woman who was killed when the plague came as a result of that incident.”

Nonb 25:1-18 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Israël s’établit à Shittim. Là, le peuple commença à se livrer à la débauche avec des filles de Moab qui les invitèrent aux sacrifices offerts à leurs dieux. Les Israélites participèrent à leurs repas sacrés et se prosternèrent devant leurs dieux. Ils adoptèrent ainsi le culte du dieu Baal de Peor, et l’Eternel se mit en colère contre eux. L’Eternel dit à Moïse : Prends avec toi tous les chefs du peuple et fais-les pendre en ma présence face au soleil, afin que l’ardeur de ma colère se détourne d’Israël. Moïse ordonna aux juges d’Israël  : Que chacun de vous exécute ceux de ses gens qui se sont adonnés au culte du Baal de Peor. A ce moment survint un Israélite amenant vers ses compatriotes une fille madianite, sous les yeux de Moïse et devant toute la communauté des Israélites qui pleuraient à l’entrée de la tente de la Rencontre. Voyant cela, Phinéas, fils d’Eléazar et petit-fils du prêtre Aaron, se leva du milieu de la communauté, saisit une lance et suivit cet Israélite jusque dans la partie arrière de sa tente. Là, il transperça tous les deux, l’homme et la femme, d’un coup en plein ventre. Et le fléau qui sévissait parmi les Israélites cessa. Mais il avait déjà fait vingt-quatre mille victimes. Alors l’Eternel parla à Moïse en ces termes : Phinéas, fils d’Eléazar, petit-fils du prêtre Aaron, a détourné ma colère des Israélites, car il a pris vivement à cœur mes intérêts. Aussi, je n’ai pas exterminé les Israélites dans ma colère de les voir bafouer mon amour pour eux. C’est pourquoi, déclare-lui que je conclus avec lui une alliance de paix. Cette alliance lui garantira, à lui et à ses descendants, le sacerdoce à perpétuité, parce qu’il a pris vivement à cœur les intérêts de son Dieu, et qu’il a accompli un acte expiatoire pour les Israélites. L’Israélite qui avait été tué avec la Madianite s’appelait Zimri, il était fils de Salou et chef d’un groupe familial de la tribu de Siméon. La Madianite se nommait Kozbi, c’était une fille de Tsour, un chef de plusieurs familles d’un groupe familial des Madianites. L’Eternel parla à Moïse, en ces termes : Attaquez les Madianites et battez-les, car ils sont devenus vos ennemis en usant de ruse contre vous dans l’affaire de Peor et au moyen de Kozbi, fille d’un de leurs chefs, qui fut mise à mort lors du fléau survenu à cause du Baal de Peor.