Nonb 22:1-41
Nonb 22:1-41 1998 Haïtienne (HAT98)
Moun pèp Izrayèl yo kite kote yo te ye a, y'al moute kan yo nan plenn Mowab, ki lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko. Lè wa Balak, pitit Zipò, wè tou sa moun pèp Izrayèl yo te fè moun Amori yo, li menm ak tout moun pèp Mowab yo te vin pè pèp Izrayèl la kou chat, paske moun pèp Izrayèl yo te anpil anpil. Moun Mowab yo pale ak chèf fanmi moun Madyan yo, yo di yo: — Bann moun sa yo pral manje tou sa ki alantou nou, tankou bèf k'ap manje zèb nan savann. Lè sa a, se Balak, pitit Zipò, ki te wa peyi Mowab. Li voye kèk mesaje bò kote Balaram, pitit Beyò a, ki te rete lavil Petò, bò gwo larivyè Lefrat la nan peyi moun Amaf yo. Men konmisyon li te voye ba li: — Men, gen yon pèp la a ki sòti nan peyi Lejip. Y'ap mache pran tout peyi pou yo. Kounyeya, men yo kanpe toupre lòt bò fontyè peyi mwen an. Tanpri, vini non. Vin madichonnen yo pou mwen, paske yo pi fò pase m. Lè sa a, ou pa janm konnen, m'a ka bat yo, m'a mete yo deyò nan peyi a. Paske mwen konnen lè ou beni yon moun, li beni nèt, Konsa tou, lè ou bay yon moun madichon, li madichonnen nèt. Se konsa, chèf fanmi moun Mowab yo ak chèf fanmi moun Madyan yo pati. Yo te pote ak yo sa ki te nesesè pou peye konsiltasyon an. Yo rive kay Balaram, epi yo ba li konmisyon Balak la. Balaram di yo: — Bon. Nou mèt pase nwit la isit la. Denmen m'a ban nou repons mwen dapre sa Senyè a va fè m konnen. Se konsa, chèf fanmi moun Mowab yo rete lakay Balaram. Bondye vin bò kote Balaram, li di l konsa: — Ki moun sa yo ki lakay ou a? Balaram reponn: — Se Balak, pitit Zipò a, wa peyi Mowab, ki voye yo vin di m: Men gen yon pèp ki sòti nan peyi Lejip k'ap mache pran tout peyi pou yo. Tanpri, vini ba yo madichon pou li. Konsa, l'a ka rive bat yo, l'a ka mete yo deyò nan peyi a. Men Bondye di Balaram konsa: — Piga ou ale ak mesye sa yo, tande. Piga ou bay pèp Izrayèl la madichon, paske se mwen ki beni yo. Nan denmen maten, byen bonè, Balaram leve, l'al jwenn moun Balak te voye yo, li di yo: — Tounen lakay nou, paske Senyè a pa vle kite male ak nou. Se konsa chèf moun Mowab yo leve, yo tounen bò kote Balak, yo di l konsa: — Balaram refize vini avèk nou! Lè sa a, Balak voye yon bann lòt chèf kote Balaram ankò. Men, fwa sa a chèf sa yo te pi plis, epi yo te pi grannèg pase premye yo. Mesye yo leve vre, y'ale bò kote Balaram, epi yo di l konsa: — Men sa Balak, pitit Zipò a, voye di ou: Tanpri, pa kite anyen anpeche ou vin bò kote m. Gade: m'ap kite anpil bèl bagay pou ou. M'ap fè tou sa ou di m fè. Tanpri, vini non! Vin bay pèp sa a madichon pou mwen. Men, Balaram reponn moun Balak yo, li di yo: — Balak te mèt ban mwen kay li plen ajan ak lò, mwen p'ap fè anyen, ni lou ni lejè, ki pou fè m dezobeyi lòd Senyè a, Bondye mwen an. Yon sèl bagay, nou mèt dòmi isit la aswè a, pou m ka konnen si Senyè a gen lòt bagay li vle di m ankò. Jou lannwit sa a, Bondye vin jwenn Balaram, epi li di l konsa: — Si se chache mesye sa yo vin chache ou, ou mèt leve ale ak yo. Men, se sa mwen di ou fè ase pou ou fè. Nan denmen maten, byen bonè, Balaram leve, li sele manman bourik li a, epi li pati avèk chèf moun Mowab yo. Pati Balaram pati, Bondye fache sou li. Se konsa, antan Balaram taprale sou manman bourik li a, avèk de domestik ki t'ap mache avè l yo, zanj Senyè a vin kanpe nan mitan wout la pou bare chemen l. Lè manman bourik la wè zanj Senyè a ki te kanpe nan mitan wout la avèk nepe li nan men l, bourik la chankre, li lage kò l nan jaden. Balaram bat bourik la jouk li fè l tounen sou wout la. Men zanj Senyè a vin kanpe yon kote wout la te jennen, kote wout la pase nan mitan de jaden rezen avèk yon miray kloti sou chak bò. Lè manman bourik la wè zanj Senyè a, l'al fwote kò l sou miray la. Se konsa li kwense pye Balaram sou miray la. Balaram tanmen bat li ankò. Zanj Senyè a fè yon ti mache ankò, epi l'al kanpe yon kote wout la te pi jennen toujou, kifè pat gen yon ti espas menm pou pase ni adwat, ni agòch. Lè bourik la wè zanj Senyè a, fwa sa a, li kouche ak tout Balaram sou li. Balaram fache, li tonbe bat bourik la ak gwo baton ki te nan men l lan. Lè sa a, Senyè a bay bourik la lapawòl. Bourik la di Balaram konsa: — Kisa m fè ou? Poukisa an twa fwa ou bat mwen konsa: Balaram di bourik la konsa: — Se paske w'ap pase m nan jwèt! Pa pito se te yon manchèt osinon yon nepe ki te nan men m, ou ta gentan konnen. Ou mouri lontan! Bourik la reponn, li di l: — Eske se pa bourik ou mwen ye! Se pa sou mwen ou toujou moute depi tout tan jouk jòdi a? Ou janm wè mwen konn aji konsa avè ou? Balaram reponn: — Non! Lè sa a, Senyè a louvri je Balaram, li fè l wè zanj lan ki te kanpe nan mitan wout la avèk nepe l nan men l. Balaram lage kò l fas atè. Zanj lan di l konsa: — Poukisa an twa fwa ou bat bourik la konsa? Se mwen menm ki vin bare chemen ou, paske ou pat dwe al fè vwayaj sa a. Men bourik ou a te wè m. Se poutèt sa, an twa fwa, li te vle chankre. Men, ou mèt di l mèsi, paske si li pat fè sa, mwen ta gentan touye ou. Li menm, mwen pa t'ap fè l anyen. Balaram reponn: — Sa m fè a pa bon, vre! Sèlman, mwen pat konnen se ou menm ki te bare wout la devan m. Men si kounyeya ou pa vle mal pi lwen, m'ap tou tounen lakay mwen. Men, zanj Bondye a di li: — Ou mèt ale ak mesye yo. Selman, pa di anyen pase sa m'a di ou di. Se konsa Balaram ale ak chèf Balak te voye bò kote l yo. Lè Balak vin konnen Balaram t'ap vini, li pati, l'al kontre l jouk Ar-Mowab, yon lavil sou fontyè bò larivyè Anon an. Balak di Balaram konsa: — Ki jan fè mwen voye moun al chache ou, ou pa vin jwenn mwen? Se konprann ou konprann mwen pa ta ka resevwa ou jan ou merite l la? Balaram reponn: — Apa mwen vini fwa sa a! Men mwen tou pale ou, se pawòl Bondye va mete nan bouch mwen ase m'ap di. Se konsa, Balaram ale avèk Balak jouk yo rive lavil Kiriyat-Ousòt. Rive la, Balak fè touye bèf ak mouton, epi li voye kèk moso vyann bay Balaram ansanm ak chèf ki te avè l yo. Nan denmen maten, Balak pran Balaram, yo moute sou mòn Bamòt-Baal. Antan yo la, yo te kapab wè yon pòsyon nan moun Izrayèl yo.
Nonb 22:1-41 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Les Israélites repartent. Ils campent dans la plaine de Moab, à l’est du Jourdain, en face de Jéricho. À cette époque, Balac, fils de Sippor, est roi de Moab. Il apprend ce que les Israélites ont fait aux Amorites. Le roi et tout son peuple se mettent à trembler de peur en voyant arriver tant d’Israélites. Alors les Moabites disent aux notables de Madian : « Ces gens si nombreux vont bientôt tout détruire autour de nous, comme des bœufs qui mangent l’herbe des champs. » Le roi envoie donc des messagers à Balaam, fils de Béor. Celui-ci habite Petor, sur le fleuve Euphrate, dans le pays des Ammavites. Le roi de Moab envoie ce message : « Il y a ici un peuple venu d’Égypte, qui remplit tout le pays. Il s’est installé près de chez moi. Viens donc ici, s’il te plaît. Jette sur lui une malédiction, parce qu’il est plus puissant que mon peuple. Si tu acceptes, j’arriverai peut-être à le battre et à le chasser du pays. En effet, je le sais, celui que tu bénis est vraiment béni, celui que tu maudis est vraiment maudit. » Les messagers, des anciens de Moab et de Madian, s’en vont donc en emportant des cadeaux pour payer le voyant. Quand ils arrivent chez Balaam, ils lui donnent le message de Balac. Balaam leur dit : « Passez la nuit ici. Demain, je vous donnerai la réponse selon ce que le SEIGNEUR me dira. » Les chefs de Moab restent donc chez Balaam. Alors Dieu vient demander à Balaam : « Qui sont ces gens que tu reçois chez toi ? » Balaam répond : « Balac, fils de Sippor et roi de Moab, a envoyé ces hommes me dire : “Le peuple qui a quitté l’Égypte remplit tout le pays. Viens donc ici, s’il te plaît, et jette sur lui une malédiction. Si tu acceptes, j’arriverai peut-être à le battre et à le chasser.” » Dieu dit à Balaam : « Non, tu n’iras pas avec eux ! Tu ne maudiras pas le peuple d’Israël, parce que je l’ai béni. » Le matin suivant, dès que Balaam est debout, il dit aux notables envoyés par Balac : « Retournez dans votre pays. Le SEIGNEUR m’interdit de partir avec vous. » Les notables de Moab reviennent dire à Balac : « Balaam n’a pas voulu venir avec nous. » Mais Balac envoie encore d’autres chefs, plus nombreux et plus importants que les premiers. Ils vont rapporter à Balaam cette demande de Balac : « Moi, Balac, fils de Sippor, je t’en prie, ne refuse pas de venir chez moi. Je te couvrirai d’honneur et je ferai tout ce que tu me diras. Viens donc et jette une malédiction sur ce peuple. » Mais Balaam répond aux envoyés de Balac : « Même si Balac me donne tout l’argent et tout l’or qui remplissent sa maison, je ne peux pas faire une chose, petite ou grande, contre l’ordre du SEIGNEUR mon Dieu. Pourtant, restez ici cette nuit, vous aussi ! Alors je connaîtrai ce que le SEIGNEUR veut encore me faire savoir. » Pendant la nuit, Dieu vient dire à Balaam : « Si ces hommes sont venus t’appeler, pars avec eux. Mais tu feras seulement ce que je te montrerai. » Le matin suivant, Balaam se lève, il prépare son ânesse et il part avec les chefs de Moab. Quand Dieu voit Balaam partir, il se met en colère. Balaam avance sur la route, monté sur son ânesse. Deux serviteurs sont avec lui. Alors un ange du SEIGNEUR se place sur la route pour l’empêcher de passer. L’ânesse voit l’ange debout au milieu de la route. Il tient une épée à la main. L’ânesse quitte la route et elle passe à travers les champs. Balaam se met à la frapper pour la ramener sur la route. L’ange va se placer plus loin dans un chemin étroit qui traverse des vignes entre deux murs. L’ânesse voit l’ange du SEIGNEUR, elle se serre contre le mur et ainsi, elle blesse le pied de Balaam. Celui-ci la frappe de nouveau. L’ange du SEIGNEUR les dépasse encore une fois. Il va se placer dans un passage très étroit. Là, on ne peut passer ni à sa droite ni à sa gauche. Quand l’ânesse voit l’ange, elle se couche sous Balaam. Celui-ci se met en colère et les coups de bâton pleuvent. Alors le SEIGNEUR fait parler l’ânesse, et elle dit à son maître : « Qu’est-ce que je t’ai fait, pour que tu me frappes trois fois ? » Balaam lui répond : « Tu te moques de moi ! Si j’avais une épée à la main, je te tuerais tout de suite ! » L’ânesse lui dit : « Est-ce que je ne suis pas ton ânesse ? C’est moi que tu montes depuis toujours ! Est-ce que j’ai l’habitude d’agir ainsi avec toi ? » Balaam répond : « Non ! » Alors le SEIGNEUR ouvre les yeux de Balaam. Balaam voit l’ange du SEIGNEUR debout sur le chemin, une épée à la main. Il se met à genoux, le front contre le sol. L’ange du SEIGNEUR lui dit : « Tu as frappé ton ânesse trois fois. Pourquoi donc ? Je suis venu t’empêcher de passer. En effet, ce voyage me paraît dangereux. Ton ânesse m’a vu, et trois fois, elle s’est écartée de moi. Si elle n’avait pas fait cela, je t’aurais tué, mais elle, je l’aurais laissée en vie. » Balaam dit à l’ange : « J’ai commis une faute ! En effet, je n’ai pas vu que tu étais devant moi sur la route. Mais maintenant, si ce voyage te déplaît, je suis prêt à faire demi-tour. » L’ange du SEIGNEUR répond : « Non ! Va avec ces hommes. Mais tu prononceras seulement les paroles que je te dirai. » Alors Balaam continue la route avec les chefs de Balac. Quand Balac, le roi de Moab, apprend l’arrivée de Balaam, il va à sa rencontre jusqu’à Ir-en-Moab. Cette ville se trouve près de la frontière du pays, sur le torrent de l’Arnon. Balac lui demande : « Quand j’ai envoyé des gens t’appeler la première fois, tu n’es pas venu. Pourquoi donc ? Est-ce que tu pensais que je ne pouvais pas te couvrir d’honneur ? » Balaam répond au roi : « Eh bien, je suis là. Mais qu’est-ce que je peux faire ? Je dirai seulement les paroles que Dieu mettra dans ma bouche. » Balaam part avec Balac, et ils vont à la ville de Quiriath-Houssoth. Le roi Balac offre des bœufs et des moutons en sacrifice. Il en donne des parts à Balaam et aux chefs qui sont avec lui. Le matin suivant, le roi Balac monte avec Balaam à la ville de Bamoth-Baal. De là, Balaam voit une partie du peuple d’Israël.
Nonb 22:1-41 New International Version (NIV)
Then the Israelites traveled to the plains of Moab and camped along the Jordan across from Jericho. Now Balak son of Zippor saw all that Israel had done to the Amorites, and Moab was terrified because there were so many people. Indeed, Moab was filled with dread because of the Israelites. The Moabites said to the elders of Midian, “This horde is going to lick up everything around us, as an ox licks up the grass of the field.” So Balak son of Zippor, who was king of Moab at that time, sent messengers to summon Balaam son of Beor, who was at Pethor, near the Euphrates River, in his native land. Balak said: “A people has come out of Egypt; they cover the face of the land and have settled next to me. Now come and put a curse on these people, because they are too powerful for me. Perhaps then I will be able to defeat them and drive them out of the land. For I know that whoever you bless is blessed, and whoever you curse is cursed.” The elders of Moab and Midian left, taking with them the fee for divination. When they came to Balaam, they told him what Balak had said. “Spend the night here,” Balaam said to them, “and I will report back to you with the answer the LORD gives me.” So the Moabite officials stayed with him. God came to Balaam and asked, “Who are these men with you?” Balaam said to God, “Balak son of Zippor, king of Moab, sent me this message: ‘A people that has come out of Egypt covers the face of the land. Now come and put a curse on them for me. Perhaps then I will be able to fight them and drive them away.’ ” But God said to Balaam, “Do not go with them. You must not put a curse on those people, because they are blessed.” The next morning Balaam got up and said to Balak’s officials, “Go back to your own country, for the LORD has refused to let me go with you.” So the Moabite officials returned to Balak and said, “Balaam refused to come with us.” Then Balak sent other officials, more numerous and more distinguished than the first. They came to Balaam and said: “This is what Balak son of Zippor says: Do not let anything keep you from coming to me, because I will reward you handsomely and do whatever you say. Come and put a curse on these people for me.” But Balaam answered them, “Even if Balak gave me all the silver and gold in his palace, I could not do anything great or small to go beyond the command of the LORD my God. Now spend the night here so that I can find out what else the LORD will tell me.” That night God came to Balaam and said, “Since these men have come to summon you, go with them, but do only what I tell you.” Balaam got up in the morning, saddled his donkey and went with the Moabite officials. But God was very angry when he went, and the angel of the LORD stood in the road to oppose him. Balaam was riding on his donkey, and his two servants were with him. When the donkey saw the angel of the LORD standing in the road with a drawn sword in his hand, it turned off the road into a field. Balaam beat it to get it back on the road. Then the angel of the LORD stood in a narrow path through the vineyards, with walls on both sides. When the donkey saw the angel of the LORD, it pressed close to the wall, crushing Balaam’s foot against it. So he beat the donkey again. Then the angel of the LORD moved on ahead and stood in a narrow place where there was no room to turn, either to the right or to the left. When the donkey saw the angel of the LORD, it lay down under Balaam, and he was angry and beat it with his staff. Then the LORD opened the donkey’s mouth, and it said to Balaam, “What have I done to you to make you beat me these three times?” Balaam answered the donkey, “You have made a fool of me! If only I had a sword in my hand, I would kill you right now.” The donkey said to Balaam, “Am I not your own donkey, which you have always ridden, to this day? Have I been in the habit of doing this to you?” “No,” he said. Then the LORD opened Balaam’s eyes, and he saw the angel of the LORD standing in the road with his sword drawn. So he bowed low and fell facedown. The angel of the LORD asked him, “Why have you beaten your donkey these three times? I have come here to oppose you because your path is a reckless one before me. The donkey saw me and turned away from me these three times. If it had not turned away, I would certainly have killed you by now, but I would have spared it.” Balaam said to the angel of the LORD, “I have sinned. I did not realize you were standing in the road to oppose me. Now if you are displeased, I will go back.” The angel of the LORD said to Balaam, “Go with the men, but speak only what I tell you.” So Balaam went with Balak’s officials. When Balak heard that Balaam was coming, he went out to meet him at the Moabite town on the Arnon border, at the edge of his territory. Balak said to Balaam, “Did I not send you an urgent summons? Why didn’t you come to me? Am I really not able to reward you?” “Well, I have come to you now,” Balaam replied. “But I can’t say whatever I please. I must speak only what God puts in my mouth.” Then Balaam went with Balak to Kiriath Huzoth. Balak sacrificed cattle and sheep, and gave some to Balaam and the officials who were with him. The next morning Balak took Balaam up to Bamoth Baal, and from there he could see the outskirts of the Israelite camp.
Nonb 22:1-41 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Les Israélites repartirent et campèrent dans les steppes de Moab à l’est du Jourdain, vis-à-vis de Jéricho. Balaq, fils de Tsippor, avait appris tout ce qu’Israël avait fait aux Amoréens. Alors les gens de Moab furent pris de panique en face d’un peuple si nombreux, ils furent épouvantés devant les Israélites. Ils eurent une entrevue avec les responsables des Madianites et leur dirent : Cette multitude va venir ravager tout le pays d’alentour comme des bœufs qui broutent l’herbe des champs. A cette époque-là, Balaq, fils de Tsippor, régnait sur Moab. Il envoya des messagers à Balaam, fils de Béor, qui vivait à Petor sur l’Euphrate, son pays d’origine, pour le faire venir, en lui disant : Voici qu’un peuple est sorti d’Egypte ! Il envahit toute la région et il s’est installé vis-à-vis de mon pays. Maintenant, viens, je te prie ! Maudis-moi ce peuple, car il est plus fort que moi. Peut-être parviendrai-je alors à le battre et à le chasser du pays, car je le sais, celui que tu bénis est béni, et celui que tu maudis est maudit. Les responsables de Moab et ceux de Madian partirent en emportant des présents pour payer le devin. Ils arrivèrent chez Balaam et lui transmirent le message de Balaq. Balaam leur répondit : Restez ici cette nuit, et demain je vous donnerai ma réponse, selon ce que l’Eternel me dira. Les chefs moabites logèrent donc chez Balaam. Dieu vint trouver Balaam et lui demanda : Qui sont ces gens qui logent chez toi ? Balaam lui répondit : Ce sont les envoyés de Balaq, fils de Tsippor, roi de Moab, qui m’a fait dire : « Le peuple qui est sorti d’Egypte envahit maintenant le pays ! Viens donc le maudire pour moi ; peut-être arriverai-je alors à le combattre et à le chasser ! » Mais Dieu dit à Balaam : Ne va pas avec eux. Tu ne maudiras pas ce peuple, car il est béni. Le lendemain, Balaam alla déclarer aux chefs envoyés par Balaq : Retournez dans votre pays, car l’Eternel ne me permet pas de partir avec vous. Les chefs de Moab se levèrent et retournèrent auprès de Balaq pour lui dire : Balaam a refusé de venir avec nous. Balaq revint à la charge et envoya une nouvelle délégation composée de princes plus nombreux et plus importants que la première fois. Ils arrivèrent chez Balaam et lui dirent : Ainsi parle Balaq, fils de Tsippor : « De grâce, ne refuse pas de me venir en aide. Je te comblerai d’honneurs et je ferai tout ce que tu me demanderas. Mais viens donc, maudis-moi ce peuple ! » Balaam répondit aux serviteurs de Balaq : Même si Balaq me donnait son palais rempli d’argent et d’or, je ne pourrais pas transgresser l’ordre de l’Eternel, mon Dieu, même pour une petite chose. Pourtant, restez ici cette nuit, vous aussi, pour que je puisse savoir ce que l’Eternel a encore à me dire. Pendant la nuit, Dieu vint vers Balaam et lui dit : Si c’est pour t’inviter à les accompagner que ces hommes sont venus, vas-y, pars avec eux. Mais tu ne pourras faire que ce que je te dirai. Le lendemain, Balaam alla seller son ânesse et partit avec les princes de Moab. Dieu se mit en colère parce qu’il avait entrepris ce déplacement, et l’ange de l’Eternel se posta en travers du chemin pour lui barrer le passage. Or, Balaam montait son ânesse et était accompagné de deux serviteurs. Alors, l’ânesse vit l’ange de l’Eternel posté sur le chemin, son épée dégainée à la main. Elle se détourna du chemin et prit à travers champs. Balaam se mit à la frapper pour la ramener sur le chemin. Alors l’ange de l’Eternel se plaça dans un chemin creux passant dans les vignes entre deux murets. L’ânesse vit l’ange de l’Eternel et elle rasa le mur, de sorte qu’elle serra le pied de Balaam contre le mur. Celui-ci recommença à la battre. L’ange de l’Eternel les dépassa encore une fois et vint se poster dans un passage étroit où l’on ne pouvait l’éviter ni à droite ni à gauche. L’ânesse vit l’ange de l’Eternel et elle s’affaissa sous son maître. Balaam se mit en colère et lui administra une volée de coups de bâton. Alors l’Eternel fit parler l’ânesse, qui dit à Balaam : Que t’ai-je fait pour que tu me battes ainsi par trois fois ? Balaam lui répondit : C’est parce que tu te moques de moi. Ah ! si j’avais une épée sous la main, je t’abattrais sur-le-champ ! L’ânesse reprit : Ne suis-je pas ton ânesse qui te sert de monture depuis toujours ? Est-ce que j’ai l’habitude d’agir ainsi avec toi ? Et il répondit : Non ! Alors l’Eternel ouvrit les yeux de Balaam, qui vit l’ange de l’Eternel posté sur le chemin, son épée dégainée à la main. Balaam s’agenouilla et se prosterna la face contre terre. L’ange de l’Eternel lui dit : Pourquoi as-tu frappé par trois fois ton ânesse ? C’est moi qui suis venu pour te barrer le passage, car ce voyage a été entrepris à la légère. L’ânesse m’a vu et s’est détournée à trois reprises devant moi. Si elle ne s’était pas détournée, je t’aurais déjà abattu, tandis qu’elle, je l’aurais laissée en vie. Balaam dit à l’ange de l’Eternel : J’ai tort, car je ne savais pas que tu te tenais devant moi sur le chemin. Et maintenant, si ce voyage te déplaît, je m’en retournerai. L’ange de l’Eternel lui dit : Va avec ces hommes, mais tu répéteras seulement les paroles que je te dicterai. Balaam poursuivit donc la route avec les princes envoyés par Balaq. Lorsque Balaq apprit que Balaam arrivait, il alla à sa rencontre à Ir-Moab située à la limite de son territoire sur la frontière formée par l’Arnon. Il lui demanda : N’avais-je pas déjà envoyé une première délégation vers toi pour te faire venir ? Pourquoi n’es-tu pas venu tout de suite chez moi ? As-tu pensé que je ne serais pas capable de te traiter avec honneur ? Balaam répondit à Balaq : Tu le vois, je suis venu vers toi. Maintenant, crois-tu que je pourrai dire quoi que ce soit de moi-même ? Non, je ne pourrai prononcer que les paroles que Dieu lui-même mettra dans ma bouche. Balaam accompagna Balaq, et ils se rendirent à Qiryath-Houtsoth. Balaq offrit des bœufs et des moutons en sacrifice et il envoya des parts à Balaam et aux chefs qui étaient venus avec lui. Le lendemain matin, Balaq vint chercher Balaam et le fit monter aux hauts lieux de Baal d’où l’on avait vue sur les dernières lignes du camp d’Israël.