Nonb 18:1-32

Nonb 18:1-32 1998 Haïtienne (HAT98)

Senyè a di Arawon konsa: — Se ou menm, pitit gason ou yo ansanm ak tout lòt moun nan branch fanmi Levi a, ki va reskonsab tout bagay mal ki pase nan tant yo mete apa pou Bondye a. Men, se ou menm ak pitit gason ou yo ase ki va reskonsab tout bagay mal ki pase nan travay prèt yo gen pou fè a. W'a pran fanmi ou yo, moun branch fanmi Levi, granpapa ou la, w'a mete yo ansanm avè ou pou yo ka ede ou, pandan ou menm ak pitit gason ou yo, n'ap fè travay nou devan Tant Randevou a. Y'a fè tou sa yo gen pou yo fè pou ou, ak tou sa pou yo fè nan kay Bondye a. Men se pa pou yo janm pwoche bò bagay yo konsakre pou Bondye, ni bò lotèl yo. Si yo fè sa, ni ou menm, ni yo menm, n'ap mouri. Y'a travay ansanm avè ou, y'a fè tou sa y'a gen pou yo fè nan kay Bondye a, nan tout travay ki gen pou fèt nan kay Bondye a. Pèsonn lòt pa gendwa travay avè ou. Men, ou menm ak pitit gason ou yo, n'a fè tou sa nou gen pou nou fè nan kote ki apa pou Senyè a, tou sa nou gen pou nou fè pou lotèl la. Konsa, mwen p'ap janm fache ankò sou moun pèp Izrayèl yo. Se mwen menm ki te pran fanmi ou yo, moun Levi yo, ki te chwazi yo nan mitan tout moun pèp Izrayèl yo, mwen mete yo apa pou mwen. Se mwen ki ba ou yo pou yo ka travay nan Tant Randevou a. Men, se ou menm sèl ak pitit gason ou yo ki pou fè travay prèt yo bò lotèl la ak dèyè rido a. Sa se travay pa nou sa. Mwen ban nou pouvwa pou nou sèvi m prèt. Se yon kado mwen fè nou. Se pou yo touye nenpòt lòt moun ki va pwoche bò bagay yo mete apa pou mwen yo. Apre sa, Senyè a di Arawon konsa: — Chonje mwen pran yon pòsyon nan tout ofrann moun pèp Izrayèl yo fè pou mwen, mwen ba ou yo. Se va pòsyon ki va toujou rete pou ou ak pou pitit gason ou yo depi lè mwen te mete nou apa pou mwen an, dapre regleman ki la pou tout tan tout tan an. Nan ofrann yo mete apa nèt pou mwen yo, lè ou fin wete pòsyon pou boule nan dife a, tout rès la va pou nou: tout ofrann grenn ki donnen nan jaden, tout ofrann pou mande Bondye padon, tout ofrann pou repare sa yo fè ki mal. Tou sa yo ofri ban mwen tankou yon ofrann yo mete apa pou mwen, se pou ou ak pou pitit gason ou yo y'a ye. N'a manje yo yon kote yo mete apa pou Senyè a. Se gason ase ki pou manje ladan yo. Konsidere ofrann sa yo tankou bagay ki apa pou Senyè a. Lèfini, tout ofrann espesyal moun pèp Izrayèl yo va fè pou yo balanse devan Senyè a, se pou ou yo va ye tou. M'ap ba ou yo pou ou, pou pitit gason ou yo ak pitit fi ou yo, dapre yon regleman k'ap la pou tout tan tout tan. Tout moun nan fanmi ou ki nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen va gendwa manje ladan l. M'ap ba ou tou tousa ki pi bon nan premye fwi rekòt y'ap ofri bay Senyè a chak lanne: lwil oliv, diven ak grenn ki donnen nan jaden. Tout premye fwi ki mi nan peyi a, fwi yo ofri bay Senyè a, se va pou ou tou. Tout moun lakay ou ki nan kondisyon pou sèvi Senyè a va gendwa manje ladan yo. Tout bagay moun pèp Izrayèl yo pran angajman mete apa pou Senyè a va pou ou tou. Tout premye pitit, kit se moun, kit se bèt, y'a konsakre yo pou mwen epi se pou ou yo va ye tou. Men se pou ou asepte yo peye ou pou chak premye pitit bèt ki pa ka sèvi ofrann pou mwen. Lè premye pitit gason an va gen yon mwa, w'a fè yo peye ou senk pyès ajan dapre sistèm yo sèvi nan kay Bondye a, - ven gera pou yon pyès ajan -, pou yo ka achte lavi l nan men m. Men, premye ti mal yon manman bèf osinon yon manman kabrit oswa yon manman mouton fè, ou p'ap asepte anyen pou yo. Se bagay ki apa pou mwen. Se pou yo touye yo. Y'a vide san yo sou lotèl la, w'a boule grès yo. Se va yon ofrann yo boule nèt pou mwen, yon ofrann bon sant li va fè mwen plezi. Men, vyann yo va rete pou ou ansanm ak vyann pwatrin lan ak jigo dwat ki te deja pou ou a. M'ap ba ou pou ou menm, pou pitit gason ak pitit fi ou yo sa y'a retire nan tout ofrann moun pèp Izrayèl yo va mete apa pou mwen. Se va yon regleman k'ap la pou tout tan, se yon kontra ki p'ap janm kase ni ki p'ap janm gate mwen fè la a ak ou, pou ou ak pou tout ras fanmi ou. Apre sa, Senyè a di Arawon konsa: — Ou p'ap jwenn okenn pòsyon nan tè eritaj ki pou pèp la. Ou p'ap janm gen yon moso tè ki va rele ou pa ou nan peyi a. Se mwen menm ki tout ou, se mwen menm ki tout byen ou nan mitan pèp Izrayèl la. Sènyè a di konsa: — Mwen mete tout ladim moun Izrayèl yo va bay la apa pou moun branch fanmi Levi yo, pou sèvis y'ap rann nan tanp lan, pou travay y'ap fè nan Tant Randevou a. Moun pèp Izrayèl yo pa janm bezwen pwoche bò Tant Randevou a. Konsa, yo p'ap rive fè yon peche ki pou ta fè yo mouri. Depi kounyeya, se moun Levi yo ki va pran swen tout bagay nan Tant Randevou a. Y'a reskonsab pou tout bagay mal y'a fè. Sa se yon lòd sevè pou tout moun swiv de pitit an pitit. Se konsa yo menm tou, yo p'ap gen tè k'ap rele yo pa yo pou tout tan nan mitan pèp Izrayèl la. M'ap bay moun Levi yo tout ladim moun pèp Izrayèl yo pran sou sa yo genyen pou ofri bay Senyè a. Se poutèt sa, mwen di moun fanmi Levi yo p'ap gen okenn pòsyon tè ki pou rele yo pa yo nan peyi Izrayèl la. Senyè a pale ak Moyiz ankò, li di l: — Pale ak moun Levi yo, di yo konsa: Lè n'a resevwa nan men moun pèp Izrayèl yo ladim Senyè a ban nou pou byen pa nou, n'a wete yon dizyèm (1/10) ladan l pou mwen. Se va ofrann ladim pa nou bay Senyè a. Y'a konsidere ofrann sa a tankou ofrann lòt moun yo fè sou farin ble ak diven apre chak rekòt. Konsa, nou menm tou, n'a pran yon pòsyon nan tout ofrann ladim moun pèp Izrayèl yo va fè, n'a mete l apa pou mwen. Epi n'a pran pòsyon nou wete pou Senyè a nan sa ki pou nou an, n'a renmèt li bay Arawon, prèt la, pou tèt pa li. N'a pran sa ki pi bon nan tout sa ki pou nou an, n'a ofri l bay Senyè a. W'a di yo tou: Lè moun Levi yo fin pran sa ki pi bon nan tou sa ki pou vin pou yo a, y'a konsidere rès ki rete a tankou rekòt farin ble ak diven yo menm yo fè. Y'a manje l kote yo vle, ansanm ak tout moun lakay yo. Se tankou lajan yo ba yo pou travay y'ap fè nan Tant Randevou a. Depi nou ofri sa ki pi bon an bay Senyè a, nou mèt manje rès la san kè sote, anyen p'ap rive nou. Piga nou derespekte bagay moun pèp Izrayèl yo mete apa pou mwen. Si nou fè sa, n'ap mouri.

Nonb 18:1-32 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Alors le SEIGNEUR dit à Aaron : « À partir de maintenant, toi, tes fils et les gens de la famille de ton père, vous serez responsables des fautes commises contre le lieu saint. Par contre, toi et tes fils, vous serez les seuls responsables des fautes que vous commettez pendant votre service de prêtres. Tu laisseras tes frères lévites, de la tribu de ton père, s’approcher avec toi du lieu saint. Ils t’aideront et t’assisteront. Mais toi et tes fils, vous vous tiendrez devant la tente qui abrite les tablettes de l’alliance. Tes frères lévites seront à ton service et au service de la tente tout entière. Mais ils ne devront s’approcher ni des objets réservés à mon service ni de l’autel. De cette façon, personne ne risquera de mourir, ni eux ni vous. Ils t’aideront pour tous les services et tous les travaux à faire dans la tente de la rencontre. Personne d’autre ne s’approchera de vous. C’est vous qui ferez votre service dans le lieu saint et à l’autel. Ainsi, les Israélites échapperont à ma violente colère. Vous le voyez, j’ai choisi vos frères lévites parmi les autres Israélites. Ils sont à moi, et je vous les ai donnés pour qu’ils fassent les travaux de la tente de la rencontre. Mais toi, Aaron, et tes fils, vous ferez votre service de prêtres à l’autel et dans le lieu très saint, derrière le rideau de séparation. C’est moi qui vous donne ce service. Si quelqu’un d’autre s’approche du lieu très saint, il faut le faire mourir. » Le SEIGNEUR dit à Aaron : « Écoute, je te donne la responsabilité de toutes les offrandes que les Israélites me consacrent. Je te les donne. C’est ta part, et elle sera à tes fils pour toujours. On brûle sur l’autel la part qui est pour moi. Parmi les offrandes qui me sont uniquement réservées, voici ce qui reste pour vous : toutes les offrandes de farine, tous les sacrifices pour recevoir le pardon des péchés, tous les sacrifices de réparation que les Israélites me présentent. Ces offrandes qui me sont réservées sont pour toi, pour tes fils et les fils de leurs fils. Elles sont votre nourriture. Mais seuls les hommes et les garçons pourront en manger, parce que c’est une nourriture sacrée. Vous pouvez aussi recevoir une partie des dons que les Israélites me présentent. Je vous donne cette part pour toujours, à toi, à tes fils et à tes filles. Tous ceux de ta famille qui seront purs pourront en manger. Je te donne aussi les premiers produits de la terre offerts par les Israélites : tout ce qu’il y a de meilleur en huile, en vin nouveau et en blé. Tous les premiers produits de leur pays qu’ils m’apportent seront pour vous. Tous ceux de ta famille qui seront purs pourront en manger. Tout ce que les Israélites me consacrent pour toujours, c’est aussi pour vous. Enfin, tous les premiers-nés qui me sont offerts, ceux des humains et ceux des animaux, seront aussi pour vous. Mais vous ferez racheter tout garçon premier-né, et aussi le premier-né d’un animal impur. Vous ferez racheter les garçons à l’âge d’un mois. Le prix de rachat est de cinq pièces d’argent pesant 10 grammes chacune. Mais vous ne pourrez pas racheter le premier-né de la vache, de la brebis ou de la chèvre. Ils sont uniquement pour moi. Vous répandrez leur sang sur l’autel, et vous ferez brûler les parties grasses en sacrifice. Alors leur fumée de bonne odeur me plaira. Ensuite la viande sera pour vous. Vous recevrez aussi la poitrine et la cuisse droite d’un animal offert avec le geste de présentation en sacrifice de communion. « Je vous donne donc tout ce que les Israélites me consacrent comme offrandes. Ce sera votre part pour toujours. Elle sera pour toi, Aaron, pour tes fils et tes filles, par décision définitive. C’est l’alliance définitive que j’ai faite avec toi, avec tes enfants et les enfants de leurs enfants. » Le SEIGNEUR dit encore à Aaron : « Dans le pays que je donnerai en partage aux Israélites, tu n’auras pas une partie du pays pour toi, ni des biens. C’est moi qui serai ton bien et ta part au milieu des autres Israélites. » Le SEIGNEUR ajoute : « Voici ce que je donnerai aux lévites pour les services qu’ils rendent dans la tente de la rencontre. Je leur donne la dîme en partage, c’est-à-dire le dixième de tout ce qu’on produit en Israël. Les autres Israélites ne s’approcheront plus de la tente de la rencontre. Ainsi, ils ne se rendront pas coupables et ils ne risqueront pas de mourir. Ce sont les lévites qui feront les services de la tente. Ils seront responsables des fautes qu’ils commettront à cet endroit. Vous respecterez cette règle pour toujours. Les lévites ne posséderont pas de terres comme les autres tribus d’Israël. Mais je leur donnerai en partage le dixième des produits que les Israélites doivent m’offrir. C’est pourquoi je leur ai dit qu’ils ne posséderont pas de terres comme les autres tribus. » Le SEIGNEUR dit à Moïse : « Voici ce que tu diras aux lévites : “Quand les Israélites vous apporteront la dîme que je vous donne en partage, vous prendrez vous-mêmes le dixième de cette part, et vous me l’offrirez. Ce sera votre part pour moi. Les autres Israélites prennent aussi une part sur leurs céréales ou sur leur vin nouveau pour me l’offrir. C’est la même chose. De cette façon, vous aussi, vous m’apporterez votre part. Vous la prendrez sur le dixième des produits que vous recevrez des autres Israélites. Vous me l’offrirez en la donnant au prêtre Aaron. Sur tous les dons que vous recevrez, vous prendrez la meilleure part, sans rien garder, et vous me la consacrerez. Quand vous l’aurez prise, vous garderez le reste pour vous. Les autres Israélites garderont pour eux le reste de leurs céréales, de leur vin nouveau et de leur huile. C’est la même chose. Vous pourrez manger ces produits n’importe où, avec vos familles. En effet, c’est votre salaire pour les services que vous rendez dans la tente de la rencontre. Si vous prenez pour moi la meilleure part de ces choses, vous ne commettrez pas de faute en mangeant ce qui reste. Vous ne risquerez donc pas de traiter avec mépris les offrandes que les Israélites me consacrent. Et vous ne serez pas frappés de mort.” »

Nonb 18:1-32 New International Version (NIV)

The LORD said to Aaron, “You, your sons and your family are to bear the responsibility for offenses connected with the sanctuary, and you and your sons alone are to bear the responsibility for offenses connected with the priesthood. Bring your fellow Levites from your ancestral tribe to join you and assist you when you and your sons minister before the tent of the covenant law. They are to be responsible to you and are to perform all the duties of the tent, but they must not go near the furnishings of the sanctuary or the altar. Otherwise both they and you will die. They are to join you and be responsible for the care of the tent of meeting—all the work at the tent—and no one else may come near where you are. “You are to be responsible for the care of the sanctuary and the altar, so that my wrath will not fall on the Israelites again. I myself have selected your fellow Levites from among the Israelites as a gift to you, dedicated to the LORD to do the work at the tent of meeting. But only you and your sons may serve as priests in connection with everything at the altar and inside the curtain. I am giving you the service of the priesthood as a gift. Anyone else who comes near the sanctuary is to be put to death.” Then the LORD said to Aaron, “I myself have put you in charge of the offerings presented to me; all the holy offerings the Israelites give me I give to you and your sons as your portion, your perpetual share. You are to have the part of the most holy offerings that is kept from the fire. From all the gifts they bring me as most holy offerings, whether grain or sin or guilt offerings, that part belongs to you and your sons. Eat it as something most holy; every male shall eat it. You must regard it as holy. “This also is yours: whatever is set aside from the gifts of all the wave offerings of the Israelites. I give this to you and your sons and daughters as your perpetual share. Everyone in your household who is ceremonially clean may eat it. “I give you all the finest olive oil and all the finest new wine and grain they give the LORD as the firstfruits of their harvest. All the land’s firstfruits that they bring to the LORD will be yours. Everyone in your household who is ceremonially clean may eat it. “Everything in Israel that is devoted to the LORD is yours. The first offspring of every womb, both human and animal, that is offered to the LORD is yours. But you must redeem every firstborn son and every firstborn male of unclean animals. When they are a month old, you must redeem them at the redemption price set at five shekels of silver, according to the sanctuary shekel, which weighs twenty gerahs. “But you must not redeem the firstborn of a cow, a sheep or a goat; they are holy. Splash their blood against the altar and burn their fat as a food offering, an aroma pleasing to the LORD. Their meat is to be yours, just as the breast of the wave offering and the right thigh are yours. Whatever is set aside from the holy offerings the Israelites present to the LORD I give to you and your sons and daughters as your perpetual share. It is an everlasting covenant of salt before the LORD for both you and your offspring.” The LORD said to Aaron, “You will have no inheritance in their land, nor will you have any share among them; I am your share and your inheritance among the Israelites. “I give to the Levites all the tithes in Israel as their inheritance in return for the work they do while serving at the tent of meeting. From now on the Israelites must not go near the tent of meeting, or they will bear the consequences of their sin and will die. It is the Levites who are to do the work at the tent of meeting and bear the responsibility for any offenses they commit against it. This is a lasting ordinance for the generations to come. They will receive no inheritance among the Israelites. Instead, I give to the Levites as their inheritance the tithes that the Israelites present as an offering to the LORD. That is why I said concerning them: ‘They will have no inheritance among the Israelites.’ ” The LORD said to Moses, “Speak to the Levites and say to them: ‘When you receive from the Israelites the tithe I give you as your inheritance, you must present a tenth of that tithe as the LORD’s offering. Your offering will be reckoned to you as grain from the threshing floor or juice from the winepress. In this way you also will present an offering to the LORD from all the tithes you receive from the Israelites. From these tithes you must give the LORD’s portion to Aaron the priest. You must present as the LORD’s portion the best and holiest part of everything given to you.’ “Say to the Levites: ‘When you present the best part, it will be reckoned to you as the product of the threshing floor or the winepress. You and your households may eat the rest of it anywhere, for it is your wages for your work at the tent of meeting. By presenting the best part of it you will not be guilty in this matter; then you will not defile the holy offerings of the Israelites, and you will not die.’ ”

Nonb 18:1-32 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

L’Eternel dit à Aaron : Toi, tes descendants et les membres de ta tribu, vous serez responsables du sanctuaire et vous porterez les conséquences des fautes commises contre lui. De plus, toi et tes descendants, vous serez responsables des fautes commises à l’égard du sacerdoce. Associe-toi tes frères de la tribu de ton ancêtre Lévi pour qu’ils soient attachés à ton service et à celui de tes descendants devant la tente de l’acte de l’alliance. Ils seront à ton service et assureront le service de toute la tente, mais ils ne s’approcheront ni de l’autel ni d’aucun des objets sacrés du sanctuaire de façon à n’exposer ni eux ni vous, à la mort. Ils seront attachés à ton service et assureront le service de la tente de la Rencontre, en y accomplissant tous les travaux nécessaires ; mais aucun profane ne se joindra à vous. Vous aurez la responsabilité du sanctuaire et de l’autel, et ma colère ne se déchaînera plus contre les Israélites. Car moi-même j’ai choisi vos frères, les lévites, du milieu des Israélites pour vous les attribuer car ils ont été donnés à l’Eternel pour accomplir les tâches relatives à la tente de la Rencontre. Quant à toi et tes descendants, vous assumerez vos fonctions sacerdotales pour tout ce qui concerne l’autel et ce qui se trouve dans le lieu très saint derrière le voile, c’est là votre tâche. Je vous ai fait don de votre sacerdoce. Tout profane qui s’approchera comme vous sera puni de mort. L’Eternel dit encore à Aaron : Voici : je te confie moi-même la gérance de tout ce qui est prélevé pour moi sur toutes les choses saintes offertes par les Israélites ; je te le donne, à toi et à tes fils, comme la part qui vous revient : c’est là une ordonnance en vigueur à perpétuité. Voici ce qui te reviendra des offrandes très saintes, de la partie qui n’en est pas brûlée : toutes les offrandes, tous les sacrifices pour le péché et tous les sacrifices de réparation qu’ils m’apportent ; ces choses très saintes te reviendront, à toi et à tes fils. Tu les mangeras dans un endroit très saint ; les hommes seuls en mangeront ; tu les tiendras pour sacrées. De plus, tu recevras ce qui est prélevé sur leurs dons, c’est-à-dire tout ce qui m’est offert de la part des Israélites avec le geste de présentation. Tout cela, je te le donne à toi, à tes fils et à tes filles, en vertu d’une loi immuable. Tous ceux qui, dans ta famille, seront en état de pureté rituelle pourront en manger. Je te donne aussi les prémices de l’huile, du vin et du blé qu’ils m’offriront, ainsi que les premiers produits du sol qu’ils apporteront à l’Eternel. Tous ceux qui, dans ta famille, seront en état de pureté rituelle pourront en manger. Tout ce qui, en Israël, m’a été voué définitivement sera pour toi. Les premiers-nés que les Israélites m’offrent, qu’il s’agisse d’hommes ou d’animaux, te reviendront. Mais tu devras faire racheter tout garçon premier-né, ainsi que le premier-né des animaux rituellement impurs. Tu feras racheter les enfants à l’âge d’un mois au prix que tu indiqueras, c’est-à-dire cinq sicles d’argent, au cours du sicle utilisé au sanctuaire, qui est de vingt guéras. Mais tu n’accepteras pas qu’on rachète les premiers-nés de la vache, de la brebis et de la chèvre : ils sont sacrés. Tu répandras leur sang sur l’autel et tu en brûleras les parties grasses ; c’est un sacrifice consumé par le feu, dont l’odeur apaise l’Eternel. Leur viande te reviendra, comme te reviennent la poitrine pour laquelle on fait le geste de présentation et le gigot droit. Toutes les choses saintes que les Israélites prélèvent pour l’Eternel sur les offrandes, je te les donne, à toi, à tes fils et à tes filles, en vertu d’une ordonnance immuable. C’est une alliance irrévocable et immuable, garantie par l’Eternel en ta faveur et en faveur de tes descendants. L’Eternel dit à Aaron : Tu ne posséderas pas de patrimoine foncier dans leur pays et il ne te reviendra aucune part au milieu d’eux ; car c’est moi qui suis ta part et ton patrimoine au milieu des Israélites. Aux lévites, je donne comme possession toutes les dîmes qui seront perçues en Israël, pour le service qu’ils assurent, celui qu’ils accomplissent dans la tente de la Rencontre. Ainsi les Israélites ne risqueront plus de commettre une faute qui entraînerait leur mort en s’approchant de la tente de la Rencontre. Ce seront les lévites qui assureront le service de la tente de la Rencontre et qui porteront la responsabilité des fautes qui s’y commettraient. C’est une ordonnance en vigueur à perpétuité et de génération en génération ; ils n’auront pas de patrimoine foncier au milieu des Israélites, car je leur donne pour possession la dîme que les Israélites prélèveront pour l’Eternel. C’est pourquoi je leur ai dit qu’ils n’auront pas de patrimoine foncier parmi les Israélites. L’Eternel parla encore à Moïse en ces termes : Dis aux lévites : Lorsque vous recevrez des Israélites les dîmes que je vous donne de leur part en guise de possession, vous en prélèverez le dixième comme offrande pour l’Eternel, ce sera donc la dîme de la dîme. Cette offrande que vous ferez sera considérée comme équivalente aux offrandes prélevées sur la moisson de blé ramassée sur l’aire et sur le vin nouveau coulant du pressoir. C’est ainsi que vous prélèverez, vous aussi, l’offrande pour l’Eternel sur toutes les dîmes que vous recevrez des Israélites, et vous la donnerez au prêtre Aaron comme une offrande à l’Eternel. Sur tous les dons que vous recevrez, vous prélèverez une offrande pour l’Eternel, vous prélèverez la meilleure part comme part la plus sainte. Tu leur diras encore : Quand vous en aurez prélevé la meilleure part, le reste équivaudra pour vous, lévites, au produit de l’aire et du pressoir. Vous le mangerez où vous voudrez, avec vos familles ; car c’est là votre salaire pour les services que vous accomplissez dans la tente de la Rencontre. Vous ne vous rendrez coupables d’aucune faute en cela, du moment que vous en aurez prélevé la meilleure part. Ainsi, vous ne profanerez pas les saintes offrandes des Israélites et vous ne serez pas frappés de mort.