Nonb 11:1-23
Nonb 11:1-23 1998 Haïtienne (HAT98)
Pèp la te konmanse ap plenyen nan zòrèy Senyè a jan zafè yo pat bon. Lè Senyè a tande sa, li fè yon sèl kòlè, li voye dife sou pèp la. Dife a pran nan mitan yo, li boule yon bò nan kan an nèt. Pèp la rele Moyiz vin delivre yo. Moyiz lapriyè Senyè a pou yo epi dife a sispann. Se rezon ki fè yo rele yo te ye a Tabera, paske se la dife Senyè a te pran nan mitan yo a. Bann etranje nan mitan pèp Izrayèl la te anvi manje vyann. Pèp la menm te pran plenyen ankò, yo t'ap di: — Ki moun k'ap fè nou jwenn vyann pou nou manje koulyeya? Jan nou te konn jwenn pwason pou piyay nan peyi Lejip! Nou chonje kalite bon konkonm, bon melon, bon powo, zonyon ak lay nou te konn manje! Men kounyeya, se deperi n'ap deperi. Nou pa gen anyen pou nou manje, anyen menm pase lamàn lan ki devan je nou tout tan! Lamàn lan te gen fòm grenn pitimi, li te blan epi ou ta di se gonm lamveritab. Pèp la ale toupatou, li ranmase yo. Apre sa, oubyen li te pase yo nan moulen wòch, oubyen li te pile yo nan pilon pou fè farin. Lèfini, yo tchwit li nan chodyè, yo fè gato plat avè l. Li te gen menm gou avèk pen ki fèt ak lwil oliv. Se lannwit lamàn lan te konn tonbe nan kan an, menm lè ak lawouze. Moyiz te tande jan pèp la t'ap plenyen, chak moun ak fanmi yo devan papòt tant yo. Senyè a te fache anpil sou moun yo. Sa te fè Moyiz lapenn. Lè sa a, Moyiz di Senyè a konsa: — Poukisa ou aji mal avè m konsa? Kisa m fè ki pa fè ou plezi? Poukisa ou mete tout pèp sa a sou kont mwen? Eske se mwen ki papa yo? Eske se mwen ki manman yo? Poukisa w'ap mande m pou mwen pote yo sou lestonmak mwen tankou nouris k'ap bay timoun tete, jouk yo rive nan peyi ou te pwomèt zansèt yo ou t'ap ba yo a? Kote pou m jwenn vyann pou m bay tout moun sa yo? Y'ap plede plenyen nan zòrèy mwen, y'ap mande m pou m ba yo vyann pou yo manje. Mwen pa kapab reskonsab tout pèp sa a pou kont mwen. Chay la twò lou pou mwen. Si se konsa w'ap aji avè m, tanpri, fè m favè sa a: pito ou tou touye m fin ak sa, pou m pa wè m'ap pase tout malè sa a. Senyè a di Moyiz konsa: — Sanble swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la, moun ou konnen ki gen otorite sou pèp la, ki konn bout yo. Mennen yo nan Tant Randevou a. Fè yo rete kanpe la avèk ou. M'ap desann epi m'a pale avè ou. M'a pran ti gout nan lespri mwen te ba ou a, m'a ba yo. Konsa, y'a ede ou pote reskonsabilite pèp la, ou p'ap pote chay la pou kont ou ankò. W'a di pèp la menm: Pran nwit la pou nou pare kò nou pou nou ka fè sèvis pou mwen denmen maten. Epi n'a jwenn vyann pou nou manje. Senyè a te tande jan nou t'ap plenyen nan zòrèy li, jan nou t'ap di nou ta renmen jwenn vyann pou nou manje. Nou te pi bon lè nou te nan peyi Lejip. Kounyeya, Senyè a pral ban nou vyann. Se pou nou manje l ban mwen. Se pa sèlman yon jou, ni de jou, ni senk jou, ni dis jou, ni ven jou n'a jwenn vyann sa a pou nou manje. Se va pandan tout yon mwa. N'a gen pou nou manje l jouk la sòti nan twou nen nou, jouk n'a rebite l, paske nou te vire do bay Bondye ki te la nan mitan nou an, nou t'ap plenyen nan zòrèy li, nou t'ap di nou pat dwe janm sòti kite peyi Lejip. Moyiz di Senyè a: — Se sisanmil (600.000) moun wi ki sou kont mwen. Epi ou di w'ap ba yo vyann kont pou yo manje yon mwa. Kote pou yo jwenn kantite mouton ak bèf pou touye ki pou ta kont pou yo? Si yo ta ka ranmase tout pwason ki nan lanmè, ou kwè li ta ase pou yo? Senyè a di Moyiz: — Pa gen bagay mwen vle fè mwen pa ka fè! Talè konsa w'a wè si sa m di a p'ap rive vre.
Nonb 11:1-23 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Un jour, les Israélites se plaignent méchamment devant le SEIGNEUR. Quand le SEIGNEUR entend cela, il se met en colère. Il leur envoie un feu qui détruit le bord du camp. Le peuple appelle Moïse au secours. Celui-ci prie le SEIGNEUR pour eux, et le feu s’éteint. On donne à cet endroit le nom de Tabéra, ce qui veut dire « incendie ». En effet, c’est là que le SEIGNEUR a brûlé leur camp. Un autre jour, un groupe de gens qui se trouvent là ont une envie terrible de manger de la viande. Et les Israélites recommencent à se plaindre. Ils disent : « Ah ! si nous avions de la viande à manger ! Nous nous souvenons du poisson que nous mangions en Égypte. On ne le payait même pas ! Et les concombres, les pastèques, les poireaux ! Et les oignons ! Et l’ail ! Ici, nous mourons de faim, plus rien de tout cela ! Seulement de la manne ! » La manne est comme des grains blancs, elle ressemble à la sève d’un arbre. Pendant la nuit, elle tombe sur le camp en même temps que les petites gouttes de rosée. Le matin, les gens vont un peu partout pour la ramasser, puis ils l’écrasent entre deux pierres, ou ils la pilent dans un mortier. Ensuite, ils la cuisent dans une marmite, ou bien ils en font des galettes. La manne a un goût de beignets cuits dans l’huile. Les Israélites sont groupés par familles à l’entrée de leurs tentes. Moïse les entend se plaindre. Alors le SEIGNEUR se met dans une violente colère. Et Moïse n’est pas content du tout. Il demande au SEIGNEUR : « Pourquoi est-ce que tu me fais du mal ? Tu ne me montres plus ta bonté. Pourquoi donc ? Ce peuple qu’il faut diriger est une charge très lourde. Pourquoi est-ce que tu m’as obligé à la porter ? Qui a donné la vie à ce peuple ? Qui l’a mis au monde ? Ce n’est pas moi ! Et pourtant, tu m’as donné cet ordre : “Porte ce peuple comme on porte un bébé, et conduis-le dans le pays que j’ai promis par serment à ses ancêtres.” Tous ces gens se plaignent de moi en disant : “Donne-nous de la viande à manger !” Où vais-je trouver de la viande pour en donner à tout ce peuple ? Je ne peux pas porter ce peuple tout seul. C’est une charge trop lourde pour moi. Si tu veux me traiter de cette façon, fais-moi plutôt mourir ! Ainsi tu me montreras ta bonté, et je n’assisterai pas à mon malheur. » Le SEIGNEUR répond à Moïse : « Réunis 70 hommes parmi les anciens d’Israël. Tu dois les connaître comme anciens et comme responsables du peuple. Amène-les à la tente de la rencontre. Ils se tiendront là avec toi. Je descendrai pour te parler à cet endroit. Je prendrai une part de l’esprit qui est en toi et je la mettrai en eux. Alors ils porteront avec toi la charge du peuple, et tu ne seras plus seul à la porter. Dis au peuple de ma part : “Rendez-vous purs pour demain. Vous aurez de la viande à manger, parce que moi, le SEIGNEUR, j’ai entendu vos plaintes. Vous avez dit : Qui nous donnera de la viande ? Nous étions si bien en Égypte ! C’est pourquoi je vais vous en donner. Vous n’en mangerez pas seulement un jour ou deux, ni même cinq, dix ou vingt jours. Vous mangerez de la viande pendant un mois entier. Vous en serez dégoûtés, et elle vous sortira par le nez. Je vous punirai de cette façon. En effet, vous m’avez rejeté, moi, le SEIGNEUR, qui habite au milieu de vous, et vous vous êtes plaints à moi en disant : Pourquoi est-ce que nous sommes sortis d’Égypte !” » Moïse répond : « Ce peuple qui m’entoure compte 600 000 hommes. Et tu dis que tu leur donneras de la viande à manger pour un mois entier ! Même si on tue pour eux tous les moutons, les chèvres et les bœufs, cela ne suffira pas ! Même si on prend tous les poissons, cela ne suffira pas ! » Le SEIGNEUR dit à Moïse : « Et moi, est-ce que je ne suis pas assez puissant ? Maintenant, tu vas voir si ma parole se réalise pour toi, oui ou non. »
Nonb 11:1-23 New International Version (NIV)
Now the people complained about their hardships in the hearing of the LORD, and when he heard them his anger was aroused. Then fire from the LORD burned among them and consumed some of the outskirts of the camp. When the people cried out to Moses, he prayed to the LORD and the fire died down. So that place was called Taberah, because fire from the LORD had burned among them. LORD The rabble with them began to crave other food, and again the Israelites started wailing and said, “If only we had meat to eat! We remember the fish we ate in Egypt at no cost—also the cucumbers, melons, leeks, onions and garlic. But now we have lost our appetite; we never see anything but this manna!” The manna was like coriander seed and looked like resin. The people went around gathering it, and then ground it in a hand mill or crushed it in a mortar. They cooked it in a pot or made it into loaves. And it tasted like something made with olive oil. When the dew settled on the camp at night, the manna also came down. Moses heard the people of every family wailing at the entrance to their tents. The LORD became exceedingly angry, and Moses was troubled. He asked the LORD, “Why have you brought this trouble on your servant? What have I done to displease you that you put the burden of all these people on me? Did I conceive all these people? Did I give them birth? Why do you tell me to carry them in my arms, as a nurse carries an infant, to the land you promised on oath to their ancestors? Where can I get meat for all these people? They keep wailing to me, ‘Give us meat to eat!’ I cannot carry all these people by myself; the burden is too heavy for me. If this is how you are going to treat me, please go ahead and kill me—if I have found favor in your eyes—and do not let me face my own ruin.” The LORD said to Moses: “Bring me seventy of Israel’s elders who are known to you as leaders and officials among the people. Have them come to the tent of meeting, that they may stand there with you. I will come down and speak with you there, and I will take some of the power of the Spirit that is on you and put it on them. They will share the burden of the people with you so that you will not have to carry it alone. “Tell the people: ‘Consecrate yourselves in preparation for tomorrow, when you will eat meat. The LORD heard you when you wailed, “If only we had meat to eat! We were better off in Egypt!” Now the LORD will give you meat, and you will eat it. You will not eat it for just one day, or two days, or five, ten or twenty days, but for a whole month—until it comes out of your nostrils and you loathe it—because you have rejected the LORD, who is among you, and have wailed before him, saying, “Why did we ever leave Egypt?” ’ ” But Moses said, “Here I am among six hundred thousand men on foot, and you say, ‘I will give them meat to eat for a whole month!’ Would they have enough if flocks and herds were slaughtered for them? Would they have enough if all the fish in the sea were caught for them?” The LORD answered Moses, “Is the LORD’s arm too short? Now you will see whether or not what I say will come true for you.”
Nonb 11:1-23 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Un jour, le peuple adressa d’amères plaintes à l’Eternel. Lorsqu’il les entendit, il se mit en colère et déchaîna la foudre contre eux. Déjà, le feu dévorait une extrémité du camp. Le peuple implora Moïse à grands cris ; celui-ci pria l’Eternel, et le feu s’arrêta. On appela ce lieu Tabeéra, parce que le feu de l’Eternel s’était embrasé contre le peuple. Il y avait parmi le peuple un ramassis d’individus qui furent saisis de toutes sortes de désirs. Alors les Israélites, à leur tour, recommencèrent à pleurer en disant : Ah ! Si seulement nous pouvions manger de la viande ! Nous regrettons le poisson qu’on mangeait pour rien en Egypte ! Et les concombres ! Et les melons ! Et les poireaux ! Et les oignons ! Et l’ail ! A présent, nous dépérissons. Nous sommes privés de tout, rien que de la manne, toujours de la manne ! La manne ressemblait à de la graine de coriandre, elle était transparente comme de la résine de bdellium. Le peuple se dispersait pour la ramasser ; puis on la broyait à la meule ou la pilait au mortier, et on la faisait cuire dans des pots pour en faire des galettes qui avaient un goût de gâteau à l’huile. Elle se déposait la nuit sur le camp avec la rosée. Chaque famille se lamentait à l’entrée de sa tente. Moïse entendit le peuple pleurer, et l’Eternel entra dans une grande colère. Moïse en fut très affecté. Il dit à l’Eternel : Pourquoi fais-tu du mal à ton serviteur ? Pourquoi ne m’accordes-tu pas ta faveur ? Comment peux-tu m’imposer la charge de tout ce peuple ? Est-ce moi qui ai conçu tout ce peuple ? Est-ce moi qui l’ai mis au monde pour que tu me dises : « Porte-le sur ton cœur comme une nourrice porte le bébé qu’elle allaite, et cela jusqu’au pays que tu as promis à ses ancêtres » ? Où trouverai-je de la viande pour la distribuer à tous ces gens qui pleurent autour de moi en disant : « Donne-nous de la viande à manger ! » Je ne suis pas capable de porter, à moi seul, la responsabilité de tout ce peuple. C’est trop lourd pour moi ! Si tu veux bien m’accorder une faveur, prends ma vie plutôt que de me traiter ainsi, et que je n’aie plus à contempler mon malheur. L’Eternel répondit à Moïse : Rassemble-moi soixante-dix hommes choisis parmi les responsables d’Israël, des hommes que tu sais être des responsables et des chefs du peuple, et amène-les devant la tente de la Rencontre. Qu’ils se tiennent là avec toi. Alors je descendrai m’entretenir là avec toi, je prendrai de l’Esprit qui est sur toi et je le leur donnerai, pour qu’ils portent avec toi la charge de ce peuple, de sorte que tu n’auras plus à la porter seul. Tu diras au peuple : « Purifiez-vous pour demain, et vous mangerez de la viande, puisque vous avez pleuré aux oreilles de l’Eternel en disant : “Ah ! Si seulement nous pouvions manger de la viande ! Nous étions si bien en Egypte !” Eh bien, l’Eternel va vous donner de la viande à manger. Pas un seul jour, ni deux jours, ni cinq jours, ni dix jours, ni même vingt jours, mais durant tout un mois vous en mangerez, jusqu’à ce qu’elle vous sorte par les narines et que vous en ayez la nausée. Car vous avez méprisé l’Eternel qui est au milieu de vous, et vous avez pleuré devant lui, en disant : “Pourquoi donc avons-nous quitté l’Egypte ?” » Moïse répondit : Ce peuple dont je fais partie compte six cent mille hommes de pied, et toi tu leur promets, pour un mois entier, de la viande à manger ! Abattra-t-on pour eux des brebis et des bœufs pour qu’ils en aient suffisamment ? Et même si on leur pêchait tous les poissons de la mer, en auraient-ils assez ? L’Eternel lui répondit : Le bras de l’Eternel serait-il trop court ? Tu verras sans tarder si, oui ou non, ma parole se réalise devant toi.