Nawoum 1:1-15
Nawoum 1:1-15 1998 Haïtienne (HAT98)
Men mesay Bondye te bay sou lavil Niniv. Men liv ki rapòte vizyon Nawoum, moun lavil Elkòch, te fè a. Senyè a, se yon Bondye jalou ki konn tire revanj. Lè li ankòlè, se pa ti move li move. Li tire revanj li sou tout moun ki kenbe tèt ak li. Li kenbe lènmi li yo nan kè. Senyè a pa fache fasil, men se pa ti kras pouvwa li genyen. Li p'ap janm manke pa pini moun ki antò. Kote Senyè a pase, se van tanpèt, se van siklòn. Nyaj yo, se pousyè pye l yo ap leve. Li pase lanmè a lòd: lanmè a cheche. Li cheche dlo larivyè yo. Tout pyebwa nan plenn Bazan ak sou mòn Kamèl ap deperi. Tout flè sou mòn Liban yo ap fennen. Gwo mòn yo tranble lè yo wè l. Ti mòn yo disparèt. Tè a tranble devan l ansanm ak tout moun ki rete sou li. Ki moun ki ka kanpe devan l lè li ankòlè? Ki moun ki ka chape anba men l lè li move? Kòlè Bondye tonbe sou latè tankou dife. Gwo wòch yo tounen pousyè devan li. Men, Senyè a gen bon kè tou: Jou malè, se li ki pwoteje pèp li. Li pran swen tout moun ki vin kache anba zèl li. Tankou yon gwo lavalas k'ap desann, l'ap kraze tout kote lavil la te bati a. L'ap pousib tout lènmi l yo jouk li fini ak yo. Kisa n'ap konplote konsa sou do Senyè a? L'ap detwi nou tout. Nou p'ap ka kenbe tèt avè l yon lòt fwa ankò. Yo tankou yon gwo raje pikan. Atout yo vèt la, yo pral boule nèt tankou yon pil zèb chèch. Lavil Niniv! Men yon nonm soti andan pwòp lakay ou. Tèt li bade ak move lide. L'ap fè konplo sou Senyè a. Senyè a di pèp li a: — Lènmi ou yo te mèt anpil, y'ap mouri, sa ap fini pou yo. Mwen te fè nou soufri, men mwen p'ap fè nou sa ankò! Koulyeya, mwen pral kraze pouvwa peyi k'ap peze nou an. M'ap kase tout chenn yo te pran pou mare nou yo. Men lòd Senyè a bay sou moun peyi Lasiri yo: — Yo pral bliye non nou nèt. Mwen pral detwi tout ras nou. M'ap kraze tout estati zidòl nou gen nan tanp bondye nou yo, kit yo te an bwa, kit yo te an fè. M'ap pare yon tonm pou nou. Nou pa vo anyen ankò! Gade! Men yon mesaje k'ap vin sou mòn yo! L'ap pote bòn nouvèl k'ap ban nou kè poze. Nou menm, moun peyi Jida, nou mèt fete tout fèt nou yo! Fè ofrann nou te pwomèt Bondye yo. Mechan an p'ap pase lakay nou ankò. Pouvwa li kaba nèt.
Nawoum 1:1-15 New International Version (NIV)
A prophecy concerning Nineveh. The book of the vision of Nahum the Elkoshite. LORD The LORD is a jealous and avenging God; the LORD takes vengeance and is filled with wrath. The LORD takes vengeance on his foes and vents his wrath against his enemies. The LORD is slow to anger but great in power; the LORD will not leave the guilty unpunished. His way is in the whirlwind and the storm, and clouds are the dust of his feet. He rebukes the sea and dries it up; he makes all the rivers run dry. Bashan and Carmel wither and the blossoms of Lebanon fade. The mountains quake before him and the hills melt away. The earth trembles at his presence, the world and all who live in it. Who can withstand his indignation? Who can endure his fierce anger? His wrath is poured out like fire; the rocks are shattered before him. The LORD is good, a refuge in times of trouble. He cares for those who trust in him, but with an overwhelming flood he will make an end of Nineveh; he will pursue his foes into the realm of darkness. Whatever they plot against the LORD he will bring to an end; trouble will not come a second time. They will be entangled among thorns and drunk from their wine; they will be consumed like dry stubble. From you, Nineveh, has one come forth who plots evil against the LORD and devises wicked plans. This is what the LORD says: “Although they have allies and are numerous, they will be destroyed and pass away. Although I have afflicted you, Judah, I will afflict you no more. Now I will break their yoke from your neck and tear your shackles away.” The LORD has given a command concerning you, Nineveh: “You will have no descendants to bear your name. I will destroy the images and idols that are in the temple of your gods. I will prepare your grave, for you are vile.” Look, there on the mountains, the feet of one who brings good news, who proclaims peace! Celebrate your festivals, Judah, and fulfill your vows. No more will the wicked invade you; they will be completely destroyed.